Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou ki rezon gen chenn lahèn sa a?

Pou ki rezon gen chenn lahèn sa a?

Poukisa gen chenn lahèn terib sa a nan monn nan? Pou nou konnen rezon an, nou bezwen konprann ki sa lahèn ye, pou ki rezon moun kòmanse rayi moun e ki jan li gaye toupatou.

Ki sa lahèn ye?

Lahèn se yon gwo degoutans oswa yon gwo rayisman yon moun gen kont yon lòt moun oswa yon gwoup moun. Li plis pase yon senp santiman kote yon moun fache ak yon lòt moun.

REZON KI FÈ MOUN KÒMANSE GEN LAHÈN

Moun kòmanse gen lahèn pou plizyè rezon. Souvan, yo gen lahèn pou lòt moun pa sèlman akoz sa moun yo fè men akoz kiyès moun sa yo ye. Yo konn konsidere moun yo rayi yo kòm moun ki mechan, ki gen move entansyon oswa ki pa ka chanje pou vin pi bon. Yo ka wè yo kòmkwa yo enferyè, yo tankou yon menas oswa se yo ki lakòz pwoblèm. Moun ki santi yo gen lahèn pou lòt moun ka te soufri akoz vyolans, enjistis oswa kèk lòt evènman ki te fè kòlè kòmanse pran rasin nan kè yo.

FASON LI GAYE

Yon moun ka rayi lòt moun san l potko janm rankontre yo. Pa egzanp, san yon moun pa menm rann li kont, li ka adopte pwennvi defòme yon seri moun li respekte e li santi l pwòch avèk yo genyen. E konsa, li ka fasil pou rayisman gaye e pou l vin tounen yon pwennvi tout yon gwoup moun genyen.

Lè nou konprann jan lahèn gaye byen fasil, nou ka wè poukisa anpil moun rayi youn lòt konsa. Sepandan, pou n kase chenn lahèn k ap wonyen monn nou an, nou dwe ale nan vrè rasin lahèn yo. Bib la revele rasin sa yo byen klè.

BIB LA REVELE RASIN LAHÈN YO

LÈZÒM PA T TOU FÈT AK LAHÈN NAN KÈ YO. Sa te kòmanse lè yon zanj nan syèl la, yo te vin rele Satan Ledyab annapre, te rebele kont Bondye. Dyab la “te yon asasen depi lè li te kòmanse nou wout li pran an” nan rebelyon l lan. Antanke “yon mantè e [...] papa manti”, li te kontinye manniganse lahèn ak mechanste (Jan 8:44; 1 Jan 3:11, 12). Bib la dekri l kòm yon mechan, li an kòlè e li agresif. — Jòb 2:7; Revelasyon 12:9, 12, 17.

LÈZÒM ENPAFÈ GEN TANDANS POU YO GEN LAHÈN. Adan, premye gason an, te suiv Satan nan peche l la. Kòm konsekans, tout moun te eritye peche ak enpèfeksyon (Women 5:12). Kayen, premye pitit gason Adan an, te touye pwòp frè l, Abèl, akoz lahèn (1 Jan 3:12). Se vre, anpil moun demontre lanmou ak konpasyon. Men, akoz peche yo eritye, anpil moun gen tandans montre yo egoyis, yo gen anvi ak ògèy, yon seri defo ki alimante lahèn. — 2 Timote 3:1-5.

MOUN KI PA GEN TOLERANS BAY LAHÈN JARÈT. Monn n ap viv ladan l lan alimante lahèn lè l fè pwomosyon pou atitid ki san pitye ak move konpòtman moun yo genyen. Entolerans, prejije, jouman, brimad ak zak kraze brize gaye toupatou paske “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”, Satan Ledyab. — 1 Jan 5:19.

Sepandan, Bib la fè plis pase jis revele rasin rayisman yo. Li montre nou solisyon an tou.