Al gade sa k anndan l

Ki sa premye peche a te ye?

Ki sa premye peche a te ye?

Repons Bib la bay

 Adan ak Èv se te premye moun ki te peche. Lè yo te dezobeyi Bondye e yo te “manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la”, yo te fè sa anpil moun rele premye peche a (Jenèz 2:16, 17; 3:6; Women 5:19). a Adan ak Èv pa t gen dwa manje nan pyebwa a paske l te senbolize otorite oswa dwa Bondye genyen pou l dirije a, pou l deside sa ki byen ak sa ki mal pou lèzòm. Lè Adan ak Èv te manje nan pyebwa a, se pran yo te pran yon dwa ki pa pou yo, sa vle di yo te chwazi deside pou tèt pa yo sa ki bon ak sa ki pa bon. Lè yo te fè sa, se rejte yo te rejte dwa legal Bondye genyen pou l dirije a.

 Ki efè “premye peche a” te gen sou Adan ak Èv?

 Piske Adan ak Èv te peche, yo te vin granmoun e finalman yo te mouri. Yo te kraze relasyon yo te gen ak Bondye a, epi yo te pèdi posiblite yo te genyen pou yo viv pou toutan ak yon sante pafè. — Jenèz 3:19.

 Ki efè “premye peche a” gen sou nou?

 Adan ak Èv te transmèt peche bay desandan l yo. Se tankou yon paran ki tansmèt pitit li yo yon maladi grav (Women 5:12). Donk, tout moun fèt “nan peche”, b sa vle di nou tout fèt antanke moun enpafè, se sa k fè nou gen tandans fè sa ki mal. — Sòm 51:5; Efezyen 2:3.

 Se akoz peche oswa enpèfeksyon nou eritye ki fè nou malad, nou granmoun e nou mouri (Women 6:23). Nou soufri tou akoz konsekans erè nou ak erè lòt moun fè. — Eklezyas 8:9; Jak 3:2.

  Èske nou kapab libere anba konsekans “premye peche a”?

 Wi. Bib la di Jezi te mouri “kòm yon sakrifis ki fè nou jwenn padon pou peche nou”. (1 Jan 4:10, nòt.) Sakrifis Jezi a kapab libere nou anba peche ki t ap pèmèt nou jwenn sa Adan ak Èv te pèdi a, anpalan de lavi ki pap janm fini an ak yon sante ki pafè. — Jan 3:16. c

Sa moun yo konn di ki pa verite sou “premye peche a”

 Sa ki pa verite: Akoz premye peche a, nou pa ka janm gen yon bon relasyon ak Bondye.

 Sa ki verite: Bondye pa blame nou pou sa Adan ak Èv te fè a. Li konnen nou enpafè, donk li pa atann plis pase sa l konnen nou ka fè (Sòm 103:14). Menm lè nou soufri akoz peche, nou gen opòtinite e nou gen privilèj pou n gen yon relasyon sere ak Bondye. — Pwovèb 3:32.

 Sa ki pa verite: Se batèm ki libere moun anba premye peche a, se pou rezon sa a ki fè nou dwe batize tibebe.

 Sa ki verite: Se vre yon moun dwe batize pou l kapab sove, men se sèlman lafwa nan sakrifis Jezi a ki ka netwaye peche (1 Pyè 3:21; 1 Jan 1:7). Paske vrè lafwa a baze sou konesans, e li pa posib pou yon tibebe gen lafwa. Se pou rezon sa a ki fè Bib la pa kore kesyon batize tibebe a. Verite sa a te parèt aklè nan istwa kretyen premye syèk yo. Yo pa t konn batize tibebe, men yo te konn batize moun ki kwè, anpalan de “gason kou fi” ki te gen lafwa nan Pawòl Bondye a. — Travay 2:41; 8:12.

 Sa ki pa verite: Bondye te modi tout fi paske Èv se te premye moun ki te manje fwi nan pyebwa Bondye te bay lòd pa manje a.

 Sa ki verite: Se pa t fi a Bondye te modi, men se te “premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an”, se li menm ki te pouse Èv peche (Revelasyon 12:9; Jenèz 3:14). Epitou, se Adan Bondye te bay responsab premye peche ki te fèt la, se pa t madanm li. — Women 5:12.

 Sa k fè Bondye te di Adan li t ap gen pou l domine madanm li (Jenèz 3:16)? Lè Bondye te di sa, sa pa vle di li te dakò ak dominasyon Adan an. Li te sèlman vle fè yo konnen move konsekans peche yo. Bondye vle pou yon gason renmen madanm li e pou l onore l, pou l montre gwo respè nonsèlman pou madanm li, men pou tout fi. — Efezyen 5:25; 1 Pyè 3:7.

 Sa ki pa verite: Premye peche a se te relasyon seksyèl ant Adan ak Èv.

 Sa ki verite: Premye peche a pa t gen rapò ak relasyon seksyèl. Men rezon yo:

  •   Lè Bondye te bay Adan lòd pou l pa manje nan fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la li te poukont li, madanm li potko fèt. — Jenèz 2:17, 18.

  •   Bondye te bay Adan ak Èv lòd pou yo “fè pitit, fè anpil pitit”. (Jenèz 1:28.) Sa t ap grav anpil pou Bondye ta pini Adan ak Èv pou yo fè sa l te ba yo lòd fè a.

  •   Yo chak te peche apa. Èv te peche an premye, apre sa Adan te peche. — Jenèz 3:6.

  •   Bib la dakò pou yon mari ak madanm li gen relasyon seksyèl. — Pwovèb 5:18, 19; 1 Korentyen 7:3.

a Nou pa jwenn ekspresyon “premye peche a” nan Bib la. An reyalite, premye peche ki parèt nan Bib la, se lè Satan te bay Èv yon manti kri. — Jenèz 3:4, 5; Jan 8:44.

b Nan Bib la, mo “peche” a nonsèlman gen rapò ak move aksyon, men tou li gen rapò ak enpèfeksyon oswa “peche” nou eritye.

c Pou n kapab aprann plis sou sakrifis Jezi a e pou nou wè fason nou kapab benefisye l, gade atik ki gen tit: “Ki jan Jezi sove nou?