Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon trezò ki te kache pandan plizyè syèk

Yon trezò ki te kache pandan plizyè syèk

Biblis la pa t ka kwè sa l te wè a. Li egzamine plizyè fwa yon moso tèks ki te la lontan avèk anpil swen. Fason tèks la te ekri a, ki te bèl, ak gramè yo te itilize, te fè l kwè sa k te devan l lan se te kèk moso nan tradiksyon Labib moun konnen kòm tradiksyon ki la pi lontan yo te fè nan lang jòjyen an.

YO TE vin jwenn tèks sa a ki gen anpil valè nan fen desanm 1922, lè Ivané Javakhishvili, yon jòjyen ki te fè gwo etid, t ap fè rechèch sou jan yo te vin devlope alfabè jòjyen an. Li te tonbe sou yon kopi tèks juif (Talmud de Jérusalem). Pandan l t ap egzamine tèks sa a, li te ka wè pa anba pawòl ki te ekri ann ebre a kèk nan ekriti nan lang jòjyen an ki te efase *.

Pawòl ki te “kache” ki te anba tèks juif la se tradiksyon yon pati nan liv Jeremi an ki nan Bib la. Yo te ekri l nan senkyèm syèk epòk nou an. Anvan yo te jwenn tèks sa a, tradiksyon Labib ki te pi ansyen yo te genyen nan lang jòjyen an te ekri depi nevyèm syèk epòk nou an. Yon ti bout tan annapre, yo te vin jwenn tradiksyon plizyè pati nan lòt liv nan Bib la ki te la depi senkyèm syèk epòk nou an, e yo te menm jwenn tradiksyon kèk pati ki te la anvan dat sa a. Imajine sa, yo te jwenn tradiksyon plizyè pati nan Bib la ki te la kèk santèn ane sèlman apre Jezi ak apot li yo te mache sou tè a!

Ki moun ki te fè tradiksyon sa a? Èske se te yon sèl moun ki te fè l oubyen èske se te yon gwoup moun ki te byen pran san yo pou yo fè l? Jis kounye a, pa gen okenn dekouvèt ki fèt ki ka bay yon repons pou kesyon an. Kèlkeswa moun oswa gwoup moun ki te fè tradiksyon sa a, li klè yo te tradui tout Bib la oubyen kèk pati ladan l nan lang jòjyen an depi katriyèm syèk la. Konsa, depi lè sa a, Jòjyen yo te ka li tout Bib la oubyen yon pati ladan l nan pwòp lang yo.

Gen yon liv (The Martyrdom of St. Shushanik the Queen), sanble se te nan fen senkyèm syèk la yo te ekri l, ki montre jis nan ki pwen Jòjyen yo te abitye ak Ekriti yo. Nan liv la, yo rakonte yon istwa ki tris sou yon rèn ki rele Shushanik. Moun ki te ekri liv la site pawòl ki soti nan liv Sòm nan, Evanjil yo ak lòt liv ankò nan Bib la, oubyen li fè referans ak yo. Li fè konnen nan efò pou fè chèf Pès yo kontan, Varsken, mari Shushanik, ki te yon gouvènè nan wayòm Kartli a nan Jeyòji, te abandone “krisyanis” lan e li te vin suiv menm relijyon ak Pès yo, anpalan de zowoastris. Li te fè presyon sou madanm li pou l fè menm jan avè l. Dapre liv la, madanm Varsken te refize abandone kwayans li e li te chèche jwenn ankourajman nan Ekriti yo nan dènye jou lavi l.

Depi senkyèm syèk la, li klè, yo pa janm sispann ni tradui ni kopye Bib jòjyen an. Lefètke gen yon bon kantite maniskri Labib nan lang jòjyen an, sa montre aklè te gen moun ki te travay di pou rekopye Bib la ak tradui l. Ann egzamine de pwen nan istwa enteresan sa a: tradiksyon Bib la ak enprime Bib la.

PLIZYÈ TRADIKSYON LABIB

Men sa Giorgi Mtatsmindeli, yon mwàn jòjyen ki t ap viv nan onzyèm syèk la, te di: “Mwen [rele] Giorgi, mwen se yon senp mwàn, [mwen] travay avèk anpil swen pou m tradui liv Sòm sa a soti nan nouvo grèk pou al nan lang jòjyen an.” Poukisa li te nesesè pou tradui Bib la alòske te deja gen yon tradiksyon Labib ki te egziste pandan plizyè dizèn ane nan lang jòjyen an?

Bò epòk onzyèm syèk la, te gen yon vyepti kantite maniskri Bib jòjyen an ki te disponib toujou. Te gen kèk liv yo pa t jwenn ladan l. Anplis de sa, lang lan te vin chanje. Donk, li te difisil pou lektè yo konprann sa ki te ekri nan kopi ki te la anvan yo. Se vre, gen anpil tradiktè ki te fè gwo efò pou fè Bib jòjyen an vin pi disponib, men Giorgi te jwe yon wòl ki pi enpòtan toujou. Li te konpare tradiksyon jòjyen ki te egziste yo ak maniskri grèk yo e li te tradui pati ki te manke yo, e gen liv li te menm tradui. Lajounen, li te travay kòm responsab yon monastè. E leswa, li te tradui Bib la.

Ephrem Mtsire, yon moun ki te viv nan menm epòk ak Giorgi, te ale pi lwen pase travay Giorgi te fè a. Li te vin ak yon metòd ki te vin sèvi kòm gid pou tradiktè yo. Ladan l li bay prensip pou fè bon tradiksyon, tankou travay ak tèks nan lang orijinal la lè sa posib epi byen suiv tèks orijinal la otank posib toutpandan yo fè yon tradiksyon ki natirèl. Anplis de sa, se li menm pou premye fwa ki te sèvi ak nòt anba paj ak referans nan mitan paj yo nan tradiksyon jòjyen yo. Fason Ephrem te fè tradiksyon plizyè liv ki nan Bib la te diferan nèt ak lòt tradiksyon ki te la yo. Travay Giorgi ak Ephrem te fè yo te jete yon baz pou pi bon tradiksyon fèt.

Nan syèk ki te vin apre a, yo te vin pibliye yon pakèt liv nan lang jòjyen an. Yo te vin mete plizyè akademi nan vil Gelati ak Ikalto. Pifò biblis yo kwè Gelati Bible (Bib Gelati) se yon tradiksyon Labib ki diferan parapò ak lòt tradiksyon ki te la yo, e se youn nan biblis yo ki t ap viv Gelati oubyen Ikalto ki te fè l. Se nan Sant nasyonal jòjyen pou maniskri yo yo mete Bib sa a.

Ki enfliyans tout sa yo te fè pou fè tradiksyon Bib sa a te genyen sou Jòjyen yo? Nan douzyèm syèk la, Shota Rustaveli, yon powèt, te ekri tèks ki rele Vepkhis-tqaosani (Chevalye ki gen po pantè). Tèks sa a tèlman enfliyanse moun pandan plizyè syèk, yo menm rele l dezyèm Bib jòjyen an. K. Kekelidze, yon biblis jòjyen nan epòk nou an, te fè konnen, kit powèt la te site dirèkteman sa k nan Bib la kit li pa t fè sa, “kèk nan pwennvi [powèt la] genyen sanble tèt koupe ak sa yo di nan Bib la.” Malgre moun yo pran powèm sa a pou yon woman, sa pa anpeche yo pale ladan l sou bonjan zanmitay, sou renmen bay, respè pou fi ak gen lanmou san enterè pou moun nou pa konnen. Prensip sa yo ak lòt ankò nou jwenn nan Bib la, te gen yon gwo enfliyans sou fason jòjyen yo panse pandan plizyè jenerasyon. E yo toujou wè prensip sa yo kòm prensip wo nivo.

WA A TE FÈ YO ENPRIME LABIB

Nan fen disetyèm syèk la, wa jòjyen an ak fanmi l te vle pou Bib la enprime. Pou rezon sa a, wa Vakhtang VI te bati yon enprimri nan kapital la, Tbilisi. Sepandan, tèks Bib la potko pare pou yo enprime l. Nan yon sans, Bib jòjyen an te vin kache ankò. Se sèlman kèk pati nan maniskri yo ki potko fini ki te disponib, e lang yo te itilize ladan yo pa t ajou. Travay revize Bib la ak fè l disponib la te tonbe sou do Sulkhan-Saba Orbeliani, yon espè nan zafè lang moun pale.

Orbeliani te derape travay la ak anpil swen. Etandone li te konnen anpil lang, sa gen ladan l grèk ak laten, li te gen posiblite pou l konpare diferan maniskri anplis de maniskri jòjyen yo ki te deja egziste. Piske li pa t wè bagay yo menm jan ak legliz òtodòks jòjyen an, sa pa t fè yo kontan ditou. Klèje a te akize l kòmkwa li te trayi legliz la e yo te rive konvenk wa a pou fè Orbeliani kanpe sou travay li t ap fè sou Bib la. Dapre sa kèk Jòjyen fè konnen, nan yon reyinyon klèje a te fè, yo te fòse Orbeliani boule Bib li te pase plizyè ane ap travay sou li a.

Yon pwen enteresan sèke youn nan kopi yo te fè dapre maniskri Mtskheta (Mcxeta) yo rele l tou Saba’s Bible (Bib Saba) ki toujou la nan epòk nou an, gen ladan l kòmantè Orbeliani te ekri ak pwòp men pa l. Sepandan, gen kèk moun ki pa fin kwè se Bib sa a klèje a t ap goumen kont li a. Se sèl apendis Bib sa a yo kwè toutbon Orbeliani te ekri.

Malgre tout pwoblèm sa yo, enprime Bib la te rete yon bagay ki enpòtan pou kèk moun nan fanmi wa a. Ant ane 1705 ak ane 1711, gen kèk pati nan Bib la yo te enprime. Sa te rive fèt grasa Bakari ak Vakhushti, de prens jòjyen. Nan ane 1743, tout Bib la te reyisi enprime nan lang jòjyen an. Tradiksyon an pa t ka kache ankò.

^ § 3 Nan tan lontan, sa moun te konn itilize pou ekri pa t fasil pou yo jwenn e yo te chè anpil. Donk, moun te gen abitid grate maniskri ki te gen tèks ki te la lontan epi sèvi ak maniskri sa a ankò pou ekri nouvo tèks. Yo rele maniskri sa yo palenpsèst. Non sa a soti nan yon mo grèk ki vle di “grate ankò”.

National Center of Manuscripts