1 Pyè 1​:​1-25

  • Salitasyon (1, 2)

  • Nou fèt yon lòt fwa ankò pou yon esperans ki vivan (3-12)

  • Se pou nou sen tankou timoun ki obeyisan (13-25)

1  Mwen menm, Pyè, yon apot+ Jezi Kris, m ap ekri moun ki depasaj yo, ki gaye nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs+, ann Azi* ak nan Bitini, wi, moun Bondye chwazi  selon konesans Bondye, Papa a+, genyen davans, moun lespri a fè vin sen+, pou yo ka vin obeyisan e pou yo ka wouze ak san Jezi Kris+: Mwen swete pou favè san parèy ak lapè ogmante lakay nou.  Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an, Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò+ pou nou vin gen yon esperans ki vivan+, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo+,  e pou nou vin gen yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen+. Eritaj sa a rezève nan syèl la pou nou+,  nou menm pisans Bondye pwoteje grasa lafwa, pou nou ka delivre. Delivrans sa a pral parèt aklè nan dènye peryòd tan an.  Sa fè nou kontan anpil, menmsi kounye a, nou oblije gen lapenn pou yon ti tan, akoz divès eprèv nou jwenn+,  yon fason pou lafwa nou ki pase anba eprèv+ e ki gen plis valè lontan pase lò ki fin pase anba dife, epoutan ki toujou ka peri, ka bay louwanj, glwa ak onè kòm rezilta lè Jezi Kris ap parèt+.  Byenke nou pa janm wè l, nou renmen l. Byenke nou pa wè l kounye a, nou demontre nou gen lafwa nan li, e nou rejwi anpil ak yon jwa moun pa ka esplike e ki estrawòdinè,  piske nou jwenn rezilta lafwa nou: delivrans nou*+. 10  Konsènan delivrans sa a, pwofèt ki te bay pwofesi sou favè san parèy ki rezève pou nou an te fouye anpil e yo te fè bonjan rechèch sou sa+. 11  Yo pa t sispann chèche konnen ki sa k t ap rive e nan ki epòk bagay lespri sen ki nan yo a te fè yo konnen konsènan Kris la t ap fèt+, paske lespri sen te ba yo temwayaj davans konsènan soufrans Kris yo+ ak glwa li t ap vin genyen annapre. 12  Bondye te fè pwofèt yo konnen pwofesi yo t ap bay yo se pa t pou yo, men se te pou nou. E kounye a, moun ki anonse nou bon nouvèl la fè nou konnen bagay sa yo. Yo te fè sa grasa èd lespri sen ki soti nan syèl la+. Bagay sa yo enterese zanj yo anpil. 13  Kidonk, prepare lespri nou pou nou aji+. Rete nan bonsans nou nèt+. Mete espwa nou nan favè san parèy la, favè yo pral fè nou jwenn nan moman Jezi Kris pral fè konnen kiyès li ye a. 14  Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. 15  Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an+, 16  paske men sa ki ekri: “Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen+.” 17  Epi, si n ap mande Papa a yon bagay, li menm ki jije san patipri+ selon sa chak moun fè, se pou nou konpòte nou avèk krent+ pandan tan n ap viv kòm moun ki depasaj nan monn nan. 18  Paske, nou konnen se pa avèk ajan ak lò, bagay ki ka depafini, yo te delivre nou*+ anba fason nou t ap viv la ki san sans nou te eritye nan men zansèt* nou yo. 19  Men, se avèk yon san ki gen anpil valè+, ki tankou san yon ti mouton ki san defo+ e ki san tach, sa vle di san Kris la+. 20  Se vre, yo te konnen l davans, anvan monn nan te fonde*+, men li te parèt nan fen tan yo, poutèt nou menm+. 21  Grasa li, nou kwè nan Bondye+, Sila a ki te resisite l sot nan lanmò+ e ki te ba l glwa a+, dekwa pou lafwa nou ak esperans nou ka nan Bondye. 22  Piske kounye a nou pirifye tèt nou* lefètke nou obeyi laverite, e sa fè nou gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo+, se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou+. 23  Paske, nou vin fèt yon lòt fwa ankò+. Se pa grasa yon semans ki ka gate, men se grasa yon semans* ki pa ka gate+, grasa pawòl Bondye vivan an, li menm ki la pou toutan+. 24  Paske, “tout moun tankou zèb, e tout glwa yo tankou yon flè ki nan savann. Zèb la vin sèch, epi flè a tonbe, 25  men, pawòl Jewova* rete la pou toutan+.” E “pawòl” sa a se bon nouvèl yo te anonse nou an+.

Nòt anba paj

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.
Oswa: “delivrans pou nanm nou”.
Lit.: “yo te bay ranson pou nou; yo te rachte nou”.
Oswa: “eritye nan tradisyon”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Oswa: “pirifye nanm nou”.
Anpalan de semans ki ka donnen oswa ki ka bay fwi.