Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki efè koulè gen sou ou?

Ki efè koulè gen sou ou?

Pandan w ap gade toutotou w, je w ap travay ansanm ak sèvo w pou l ranmase enfòmasyon. Pa egzanp, ou remake yon fwi toupre w, apre sa ou deside si w ap manje l oubyen si w pap manje l. Ou gade syèl la, ou gentan konnen li pap fè lapli jodi a. Ou gade mo w ap li kounye a, tousuit ou konprann sans yo. An reyalite, se koulè yo ki enfliyanse w. Vrèman?

Koulè fwi ou wè a ede w konnen si l mi e si l vo lapèn pou w manje l. Koulè syèl la ak nyaj yo fè w wè ki jan tan an ye. Pandan w ap li pawòl ki nan atik sa a, se avèk plezi je w ap gade kontras ki gen ant koulè ki nan tèks la ak koulè ki nan fon an. Wi, petèt san w pa menm rann ou kont, ou toujou itilize koulè pou ede w jwenn enfòmasyon sou bagay ki antoure w yo. Men, koulè yo gen efè sou santiman w tou.

KOULÈ GEN EFÈ SOU SANTIMAN W

Pandan w ap mache anndan yon magazen ou remake yo dekore tout kote ak yon pakèt bagay pou kapte atansyon w. Kit ou rann ou kont kit ou pa rann ou kont, moun k ap ranje magazen an byen chwazi koulè y ap itilize yo e yo pran san yo pou yo byen marye koulè yo pou yo ka eveye kèk anvi byen presi lakay ou, pou yo ka atire w kit ou se fi kit ou se gason e kèlkeswa laj ou genyen. Moun ki fè dekorasyon nan kay, moun ki fè modèl rad, atis, yo menm tou yo konnen koulè ka fè moun aji sou kout tèt.

Selon kilti moun yo ak peyi yo soti, koulè yo ka pa vle di menm bagay pou yo. Pa egzanp, gen kèk moun ann Azi ki asosye koulè wouj ak chans, ak fèt, tandiske gen kèk kote ann Afrik moun yo asosye koulè wouj ak antèman. Sepandan, malgre lèzòm pa resevwa menm edikasyon e yo pa t leve menm jan, yo gen menm santiman lè yo wè yon seri koulè e yo reyaji menm jan. Ann egzamine twa koulè e ann gade fason yo ka gen efè sou ou.

WOUJ. Se yon koulè moun wè byen fasil. Byen souvan, yo asosye l ak fòs, ak lagè ak danje. Li eveye gwo santiman lakay moun. Li ka ogmante reyaksyon chimik k ap fèt nan kò moun. Li fè moun respire pi vit. Li ka monte tansyon moun.

Nan Bib la, mo ebre lè yo tradui l ki bay “wouj” la soti nan yon mo ki vle di “san”. Bib la itilize koulè wouj fonse oubyen wouj vif, pou l dekri yon pwostitye kriminèl ki abiye ak yon rad ki gen koulè wouj vyolèt ak wouj vif e ki chita sou ‘yon bèt sovaj wouj vif, yon bèt ki chaje ak non e tout non ki sou li yo se blasfèm’, imaj sa a moun pa ka bliye l. — Revelasyon 17:1-6.

VÈT. Se yon koulè ki fè moun reyaji yon fason ki kontrè ak fason yo reyaji lè yo wè koulè wouj la, paske li ralanti reyaksyon chimik ki fèt nan kò moun. Li aji tankou yon kalman. Vèt se yon koulè ki fè moun santi lespri yo poze, e byen souvan yo asosye l ak trankilite. Lè w ap gade yon bèl jaden oubyen yon mòn ki byen vèt ou santi w rilaks. Liv Jenèz la, ki rakonte istwa kreyasyon an, di se Bondye ki te kreye zèb vèt ak plant pou lèzòm. — Jenèz 1:11, 12, 29, 30.

BLAN. Byen souvan yo asosye koulè sa a ak limyè, ak sekirite ak pwòpte. Anplis de sa, li gen rapò ak yon seri kalite tankou byenveyans, inosan e yo asosye l ak bagay ki san tach. Se koulè blan yo site pi souvan nan Bib la. Nan kèk vizyon, apot Jan te wè moun e li te  wè zanj ki abiye ak rad blan, sa montre jan kreyati sa yo gen jistis e yo pwòp nan domèn espirityèl (Jan 20:12; Revelasyon 3:4; 7:9, 13, 14). Liv Revelasyon an itilize cheval blan ki gen kavalye ki abiye ak rad blan ki pwòp, rad ki fèt ak len bon kalite, kòm senbòl pou l pale de yon lagè ki jis (Revelasyon 19:14). Bondye sèvi ak koulè blan pou l montre jan li dispoze padone peche moun fè. Men sa l di: “Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m’ap lave nou. M’ap fè nou vini blan kou koton.” — Izayi 1:18.

YO KONN SÈVI AK KOULÈ KÒM ÈD MEMWA

Lefètke Bib la itilize koulè lè l ap dekri yon seri bagay, sa montre jan Bondye konprann fason lèzòm reyaji devan koulè yo wè. Pa egzanp, liv Revelasyon an te predi anpil bagay k ap rive jodi a, tankou lagè, grangou, moun ki mouri yon fason ki pa nòmal akoz gwo grangou ak epidemi. Pou ede nou sonje bagay sa yo, gen yon kokenn vizyon ki pale sou yon seri kavalye k ap galope cheval, se pa cheval òdinè sèlman yo ye men se cheval ki kolore tou.

Pou kòmanse, gen yon cheval blan, li senbolize lagè jis Jezi Kris pral fè a. Apre l, vin gen yon cheval ki gen koulè dife, cheval sa a reprezante lagè ant nasyon yo. Apre cheval sa a, gen yon cheval nwa ki efreyan ki parèt, li reprezante grangou. Apre sa, vin gen yon “cheval ki gen yon koulè blèm. Yo rele moun ki chita sou li a Lanmò”. (Revelasyon 6:1-8.) Koulè cheval sa yo ka eveye yon santiman lakay nou ki koresponn ak sa chak cheval yo reprezante. Konsa nou ka sonje cheval kolore sa yo ak sa yo aprann nou sou epòk n ap viv la byen fasil.

Gen anpil egzanp nan Bib la kote yo itilize koulè pou yo dekri yon imaj vivan. Kreyatè a ki fè limyè, ki fè koulè e ki fè je, byen itilize koulè kòm zouti pou l anseye lektè yo, pou l prezante yo yon seri imaj yo ka konprann e yo ka sonje. Koulè yo ede nou ranmase enfòmasyon e yo ede nou trete enfòmasyon sa yo. Yo gen efè sou santiman nou. Yo ede nou sonje kèk ide enpòtan. Koulè se yon bèl kado Kreyatè nou an fè nou pou pèmèt nou jwi lavi a.