Jenèz 9​:​1-29

  • Enstriksyon pou tout limanite (1-7)

    • Lwa ki gen rapò ak san (4-6)

  • Alyans lakansyèl la (8-17)

  • Pwofesi pou desandan Noye yo (18-29)

9  Bondye te vin beni Noye ak pitit gason l yo e li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, pou n plen tè a ak moun+.  Tout bèt k ap viv sou tè a ak tout bèt k ap vole nan syèl la, tout bèt k ap fè mouvman sou tè a ak tout pwason nan lanmè ap kontinye krenn nou e y ap kontinye pè nou. Mwen lage yo nan men nou* kounye a+.  Nou ka manje+ nenpòt bèt k ap fè mouvman e ki vivan. Menm jan mwen te ban nou plant yo pou nou manje, mwen ban nou tout bèt pou nou manje+.  Sèlman, nou pa dwe manje+ bèt ki ak tout san l nan li+, paske san se lavi*.  Mete sou sa, si yon moun fè san nou*, ki se lavi nou, koule*, m ap mande l regleman. Si se yon bèt ki fè sa, fòk li mouri. E si se yon moun ki ta retire lavi yon moun, m ap mande l regleman, paske se frè l li ye+.  Nenpòt moun ki touye moun*, lòt moun ap touye l tou+, paske Bondye fè lòm pòtre ak li+.  Men nou menm, fè pitit, fè anpil pitit, peple tè a e se pou n vin anpil+.”  Apre sa, Bondye di Noye ak pitit gason l yo:  “Kounye a, m ap fè yon alyans avèk nou+ ansanm ak desandan n ap vin genyen yo, 10  e avèk tout bèt* vivan ki ansanm avèk nou, zwazo yo, bèt ki viv bò kote moun yo ak tout lòt bèt k ap viv sou tè a ansanm avèk nou, ansanm ak tout bèt sa yo ki soti nan lach la, sa vle di tout bèt ki gen sou tè a+. 11  Men alyans mwen fè avèk nou: Mwen pap janm detwi tout bèt ansanm ak tout moun nan yon delij ankò, e mwen pap janm fè yon delij pou ravaje tè a ankò+.” 12  Ansuit, Bondye di: “Men siy pou alyans mwen fè ak nou an e avèk tout bèt* vivan ki ansanm avèk nou, yon alyans k ap rete nan tout jenerasyon k ap vini yo: 13  Mwen mete lakansyèl mwen nan nyaj yo, e l ap sèvi kòm siy pou alyans mwen fè ak tè a. 14  Nenpòt lè mwen fè yon nyaj parèt nan syèl la, lakansyèl la ap parèt nan nyaj la. 15  Epi, san mank, m ap sonje alyans mwen fè ak nou an e avèk tout moun ak tout bèt*. Pap janm gen yon delij dlo ankò pou detwi tout moun ak tout bèt+. 16  Lè lakansyèl la parèt nan nyaj yo, m ap wè l san mank e m ap sonje alyans ki la pou toutan an mwen fè ak tout moun ansanm ak tout bèt* sou tè a.” 17  Bondye di Noye ankò: “Sa a se siy pou alyans mwen fè ak tout bèt ak tout moun ki sou tè a+.” 18  Men non pitit gason Noye yo ki te soti nan lach la: Sèm, Kam ak Jafèt+. Annapre, Kam te vin fè Kanaran+. 19  Yo twa a se te pitit Noye, e tout moun sou tout tè a se desandan yo+. 20  Noye te vin yon kiltivatè e li te plante yon jaden rezen. 21  Yon lè, li te bwè diven, li te vin sou e li te rete toutouni nan tant li an. 22  Epi, Kam, papa Kanaran, te wè papa l toutouni, li t al di de lòt frè l yo ki te deyò a sa. 23  Lè sa a, Sèm ak Jafèt pran yon rad, yo mete l sou zepòl yo e yo antre nan tant lan pa do. Se konsa, yo te kouvri papa yo, pandan yo te vire tèt yo pou yo pa t wè papa yo toutouni. 24  Lè Noye te vin pa sou ankò, li te aprann sa pitit gason l ki te pi piti a te fè l la. 25  Noye te di: “Malediksyon pou Kanaran+.Se pou l vin sèvitè esklav frè l yo+!” 26  Epi, li te di:“Glwa pou Jewova, Bondye Sèm nan.E se pou Kanaran vin esklav li+! 27  Mwen swete pou Bondye bay Jafèt anpil tè,E pou l rete nan tant Sèm yo.Se pou Kanaran vin esklav li tou!” 28  Noye te viv 350 an ankò apre delij la+. 29  Konsa, kantite tan Noye te viv te rive 950 an epi li mouri.

Nòt anba paj

Oswa: “lage yo anba pouvwa nou”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “san nanm nou”.
Oswa: “si yon moun touye nou”.
Lit.: “Nenpòt moun ki vèse san moun”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “tout kalite nanm vivan ki gen tout kalite chè”.
Oswa: “tout kalite nanm vivan ki gen tout kalite chè”.