Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | JOZÈF

“Tande yon rèv mwen fè”

“Tande yon rèv mwen fè”

JOZÈF t ap gade nan direksyon lès, li te anvi ale nan direksyon sa a, li swete l ap ka libere tèt li anba karavàn nan epi l ap chape poul li. Kay li nan Ebwon, nan yon distans ki pa twò lwen, pa dèyè mòn yo. Jakòb, papa l, t ap prepare l pou nuit lan, li pa t konn anyen nan sa k te rive pitit gason li pi renmen an. Men, Jozèf pa t ka al jwenn li kounye a paske tout sa jèn gason sa a te konnen sèke li ka pa janm wè papa l ki fin granmoun ankò, papa l li te renmen anpil. Komèsan yo ap veye Jozèf toutpandan y ap mennen chamo yo nan wout sa a yo abitye fè, yon wout k ap mennen yo nan sid. Kounye a, se yo menm ki mèt Jozèf e yo pap kite l san siveyans. Pou yo, tigason sa a te tankou rezin ak luil santi bon ki presye yo te pote yo, li te yon machandiz ki gen anpil valè e ki t ap fè yo fè benefis lè yo vann li nan peyi Ejip ki te byen lwen.

Jozèf pa t gen plis pase 17 an. Imajine Jozèf ki vire k ap gade syèl la nan direksyon lwès kote solèy la te prèske rive nan orizon Gwo Lanmè a toutpandan li t ap eseye konprann jan lavi l t apral chanje nèt, jan bagay yo t ap vin mal pou li. Li te difisil pou l konprann rezon ki fè frè l yo te manke touye l epi yo vann li kòm esklav. Jozèf dwe te goumen anpil pou l te sispann kriye. Li pa t ka imajine sa k t ap tann li.

Jozèf te pèdi libète l men li pa t pèdi lafwa l.

Ki jan Jozèf te fè tonbe nan yon sitiyasyon terib konsa? Epi ki sa nou ka aprann konsènan lafwa jèn gason sa a ki te viktim anba men moun ki nan pwòp fanmi l ki te rejte l?

LI SOTI NAN YON FANMI KONPLIKE

Jozèf te soti nan yon fanmi ki te gen anpil timoun, men fanmi sa a pa t gen kè kontan e yo pa t ini. Fason Bib la pale de fanmi Jakòb se yon prèv klè ki montre move efè poligami genyen, yon koutim ki te byen anrasinen men Bondye te tolere nan mitan pèp li a jiskaske Pitit Gason l lan te vin retabli prensip monogami an jan sa te ye okòmansman (Matye 19:4-6). Jakòb te fè omwen 14 timoun ak kat fi, de nan yo te madanm li, anpalan de Leya ak Rachèl, e de lòt fi yo, Zilpa ak Bila, te sèvant madanm li yo. Depi okòmansman, Jakòb te renmen Rachèl ki te bèl anpil, men li pa t janm gen yon lanmou konsa pou Leya, gran sè Rachèl la. Li te marye ak Leya paske yo te twonpe l. Te toujou gen gwo rivalite ant de medam yo e sa te gen efè sou timoun yo piske te vin gen jalouzi antre yo. — Jenèz 29:16-35; 30:1, 8, 19, 20; 37:35.

Rachèl pa t ka fè pitit pandan anpil tan, finalman, lè l te fè Jozèf, Jakòb, ki te aje, te trete pitit gason l lan yon fason ki espesyal. Pa egzanp, lè fanmi Jakòb t apral fè yon rankont danjere ak Ezayi, ki te yon gwo mechan e ki te frè Jakòb, Jakòb te asire l Rachèl, madanm li, ak Jozèf, ki te timoun, te nan pozisyon ki pi an sekirite a, sa vle di pa dèyè nan gwoup la. Jou sa a ki te gen anpil presyon dwe te fè gwo enpresyon sou Jozèf. Imajine jan l te santi l jou maten sa a toutpandan je l ouvri byen gran li t ap mande tèt li rezon ki fè papa l ki aje men ki gen fòs ap mache ak yon baton kounye a. Se pa ti kontan li dwe te kontan lè l te konn rezon an: Papa l te goumen ak yon zanj ki pisan yè swa! Men, poukisa? Paske Jakòb te vle jwenn yon benediksyon nan men Jewova. Rekonpans Jakòb te jwenn sèke yo te chanje non l, li te vin rele Izrayèl. Tout yon nasyon t ap gen pou l pote non l (Jenèz 32:22-31)! Rive yon lè, Jozèf te aprann pitit gason Izrayèl yo t ap vin papa tribi ki t ap gen nan nasyon sa a!

Annapre, Jozèf, ki te jèn, te fè fas ak yon trajedi lè l te wè moun ki pi enpòtan nan lavi l la te kite l byen bonè. Manman l te mouri pandan li t ap fè Benjamen, ti frè l la. Papa l te gen anpil lapenn akoz lanmò sa a. Imajine Jakòb k ap siye dlo nan je Jozèf avèk jantiyès, l ap konsole l ak menm espwa, yon lè, ki te konsole Abraram, granpapa l. Se pa ti touche sa dwe te touche Jozèf lè l te aprann Jewova ap rebay manman l lavi yon jou! Petèt sa te fè Jozèf vin gen plis lanmou pou “Bondye moun ki vivan” yo, Bondye ki gen anpil jenewozite a (Lik 20:38; Ebre 11:17-19). Apre Jakòb te fin pèdi madanm li, li te toujou renmen de tigason Rachèl te fè yo. — Jenèz 35:18-20; 37:3; 44:27-29.

Gen anpil timoun ki t ap vin gate oswa malelve si se te yo menm yo te trete yon fason espesyal konsa. Men, Jozèf te aprann anpil bèl kalite nan men paran l, li te chèche gen yon lafwa ki solid e l te chèche byen konprann sa ki bon ak sa ki mal. Lè l te gen 17 an, pandan li t ap travay antanke bèje, li t ap ede kèk nan frè l yo ki pi gran pase l, li te wè y ap fè kèk bagay ki mal. Èske l te tante pou l pa pale sa pou l te ka jwenn apwobasyon yo? Antouka, li te byen aji. Li t al di papa l sa (Jenèz 37:2). Petèt, aksyon sa a ki montre li te brav te ranfòse gwo opinyon Jakòb te genyen sou pitit gason li renmen anpil la. Ala yon bèl egzanp jèn kretyen yo bezwen reflechi sou li! Lè w tante pou w kache yon peche grav yon lòt moun fè, petèt yon frè w oswa yon sè w oubyen yon zanmi w, l ap bon pou w imite Jozèf e pou w asire w ou fè moun ki nan pozisyon pou ede moun ki fè peche a konnen bagay la. — Levitik 5:1.

Nou ka aprann yon lòt leson tou sou lavi fanmi Jozèf. Jodi a, byenke vrè kretyen yo libere anba pratik ki rele poligami an, men gen anpil nan yo k ap viv nan fanmi ki melanje kote gen bòpè, bèlmè, bofis, bèlfi, frè ak sè bò kot papa oswa bò kot manman. Tout moun ka aprann nan egzanp fanmi Jakòb, lè gen prejije ak patipri sa diminye nan inite ki gen nan fanmi an. Paran ki saj ki nan fanmi ki melanje yo fè tout sa yo kapab pou yo konvenk pitit yo ansanm ak bofis ak bèlfi yo yo renmen yo chak. Yo rekonèt chak timoun gen don pa yo e yo ka sèvi ak yo pou yo fè fanmi an gen plis kè kontan. — Women 2:11.

JALOUZI A PRAN RASIN

Jakòb te prefere Jozèf paske pitit gason l lan te fidèl e li te jis.

Petèt, akoz Jozèf te pran pozisyon pou sa ki dwat e l te fè sa avèk kouraj, sa te fè Jakòb onore tigason sa a anpil. Jakòb te bay fè yon rad espesyal pou pitit gason l lan (Jenèz 37:3). Byen souvan, yo di rad sa a se te yon manto aba oswa yon manto ki gen anpil koulè, men, pa gen anpil prèv ki kore sa. Petèt, se te yon rad ki long, ki bèl anpil, e li ka te rive nan pwayè l ak sou do pye l. Li pwobab pou se zotobre oswa prens ki te konn mete kalite rad sa a.

Se sèten, Jakòb te gen bon entansyon, e aksyon sa a ki te montre konsiderasyon ak afeksyon l te gen pou Jozèf dwe te touche Jozèf anpil. Sepandan, rad sa a t apral lakòz Jozèf gen anpil tètchaje. Sonje Jozèf t ap travay antanke bèje. Sa vle di, li t ap fè yon travay mànyèl ki te di anpil. Imajine jèn sa a ki abiye ak rad yon prens toutpandan l ap mache nan mitan zèb yo ki long, l ap grenpe wòch oubyen l ap eseye libere yon mouton ki te pèdi e ki te anbarase nan yon touf pikan. Sa k pi mal la, ki jan aksyon sa a ki montre apwobasyon espesyal Jakòb te bay Jozèf t ap gen efè sou relasyon Jozèf te gen ak frè l yo?

Men repons Bib la bay: “Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pa t louvri bouch avè l san yo pa joure l *.” ​(Jenèz 37:4). Nou ka konprann rezon ki fè frè Jozèf yo te vin jalou, men yo pa t aji avèk sajès lè yo te kite santiman sa a, ki se yon pwazon, anvayi yo (Pwovèb 14:30; 27:4). Èske sa konn rive pou w anvye yon moun paske moun sa a te resevwa yon atansyon oswa yon onè ou te swete jwenn? Sonje frè Jozèf yo. Jalouzi te fè yo komèt yon seri aksyon yo t ap regrèt anpil annapre. Egzanp yo a sèvi avètisman pou kretyen yo pou fè yo sonje li pi bon lontan pou yo “rejwi ak moun k ap rejwi”. — Women 12:15.

Se sèten, Jozèf te santi frè l yo rayi l. Donk, èske l te kache bèl rad li a pou frè l yo pa t wè l lè yo te la? Petèt, li te tante fè sa. Men, sonje Jakòb te vle pou rad sa a se yon siy ki montre li ba l apwobasyon l e li renmen l. Jozèf te vle viv ann amoni ak konfyans papa l te gen nan li a, konsa, avèk fidelite, li te mete rad la. Egzanp li bay la itil nou anpil. Byenke Papa nou ki nan syèl la pa janm gen patipri, pafwa li chwazi kèk sèvitè fidèl li genyen e li ba yo favè l. Anplis de sa, li mande yo pou yo rete diferan parapò ak monn sa a ki kòwonpi e ki imoral. Menm jan ak rad espesyal Jozèf te genyen an, konduit vrè kretyen yo fè yo diferan parapò ak moun ki toutotou yo. Pafwa, konduit yo konn lakòz moun gen jalouzi kont yo e yo rayi yo (1 Pyè 4:4). Èske yon kretyen dwe kache vrè idantite l antanke sèvitè Bondye? Non jamè, menm jan Jozèf pa t kache rad li a. — Lik 11:33.

RÈV JOZÈF TE FÈ YO

Sa pa t pran anpil tan pou Jozèf te fè de rèv estrawòdinè. Nan premye rèv la, Jozèf te wè li menm ansanm ak frè l yo, yo chak t ap mare yon grap sereyal. Men, apre sa, grap pa frè l yo te antoure grap pa l la e yo te pwostène devan l toutpandan grap pa l la te ret kanpe. Nan dezyèm rèv la, Jozèf te wè solèy la, lalin nan ak 11 zetwal k ap pwostène devan l (Jenèz 37:6, 7, 9). Ki sa Jozèf te dwe fè ak rèv sa yo ki te etranj e ki te klè?

Se Jewova Dye ki te fè l fè rèv yo. Se te pwofesi yo te ye, e Bondye te vle pou Jozèf fè lòt moun konnen mesaj ki nan rèv sa yo. Nan yon sans, Jozèf te fè sa tout lòt pwofèt ki t apral vin apre l yo te fè lè yo te rakonte pèp Bondye a mesaj Bondye yo ak jijman l yo.

Avèk tak, men sa Jozèf te di frè l yo: “Tande yon rèv mwen fè.” Frè l yo te konprann rèv la, men yo pa t renmen l ditou. Men repons yo te ba li: “Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou!” Men sa istwa a fè konnen: “Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.” Lè Jozèf te rakonte papa l ansanm ak frè l yo dezyèm rèv la, reyaksyon yo pa t pi bon pase sa. Men sa nou li: “Men papa a t’ap rale zòrèy li, li t’ap di l: ‘Ki kalite rèv w’ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?’” Sepandan, Jakòb te kontinye reflechi sou sa. Èske se pa Jewova ki t ap kominike ak tigason an? — Jenèz 37:6, 8, 10, 11.

Jozèf pa t ni premye ni dènye sèvitè Jewova genyen Jewova te mande pou l anonse yon mesaj ki te gen yon pwofesi ladan l anpil moun pa t ap renmen e ki t ap lakòz sèvitè sa a jwenn pèsekisyon. Se Jezi ki te pi gwo mesaje pami moun sa yo, men sa l te di disip li yo: “Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou.” ​(Jan 15:20). Kèlkeswa laj yon kretyen genyen, li ka aprann anpil bagay sou lafwa ak kouraj Jozèf te genyen.

JALOUZI YO A RIVE NAN DÈNYE LIMIT LI

Yon ti tan apre, Jakòb te voye Jozèf al fè yon vwayaj. Pi gran pitit gason Jakòb te genyen yo t ap pran swen twoupo yo anwo nan nò, toupre Chekèm, yon kote yo te gen anpil vye ènmi sa pa t gen twò lontan. Natirèlman, Jakòb te gen sousi pou pitit li yo, konsa, li te voye Jozèf al wè kòman yo ye. Èske w ka imajine jan Jozèf te santi l? Li te konnen frè l yo te rayi l anpil! Ki jan yo t ap resevwa l lè l te vin devan yo antanke pòtpawòl papa yo? Sepandan, Jozèf te obeyi, li t al fè vwayaj la. — Jenèz 34:25-30; 37:12-14.

Se te yon vwayaj ki te difisil anpil, antou, yon moun te ka fè ant kat ak senk jou ap mache. Chekèm te nan yon distans anviwon 80 kilomèt parapò ak nò Ebwon. Men, lè Jozèf rive Chekèm, li te aprann frè l yo t al Dotàn ki te nan yon distans anviwon 22 kilomèt ankò parapò ak direksyon nò. Finalman, lè Jozèf rive toupre Dotàn, frè l yo wè l k ap vin nan yon distans. San pèdi tan, jalouzi monte yo. Men sa nou li nan istwa a: “Yonn di lòt: ‘Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini. Annou wè. N’ap touye l, n’ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n’a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n’a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre.’” Sepandan, Ribenn konvenk frè l yo pou yo lage Jozèf nan yon twou tou vivan, konsa, li te espere li t ap ka sove tigason an annapre. — Jenèz 37:19-22.

San Jozèf pa t konnen yo t ap fè konplo pou yo touye l, li pwoche kote yo, sandout, li te espere se yon rankont yo t ap fè anpè. Olye de sa, frè l yo te atake l! Yon fason ki vyolan, yo chire rad espesyal li a, yo rale l vin bò yon pi ki pa t gen dlo epi yo lage l ladan l. Jozèf tonbe nan pi a! L ap eseye reprann li apre chòk la, li goumen pou l kanpe, men li pap janm ka soti poukont li. Li te wè syèl la sèlman ki te gen fòm yon wonn toutpandan li t ap tande vwa frè l yo pandan yo prale. Li rele yo, li sipliye yo, men yo pa okipe l. Kè yo te tèlman di, yo pran yon repa toupre a. Pandan Ribenn pa la, yon lòt fwa ankò, yo deside pou yo touye tigason an, men Jida konvenk yo pou yo vann li bay machann k ap pase yo pito. Dotàn te toupre yon wout yo te konn fè komès ki mennen ann Ejip, e sa pa t pran tan pou yon karavàn yichmayelit ak madyanit te vin ap pase. Anvan Ribenn retounen, yo te gentan fè sa yo t ap fè a. Yo te vann frè yo a kòm esklav pou 20 pyès lajan *. — Jenèz 37:23-28; 42:21.

Jozèf te pran pozisyon pou sa ki dwat, men frè l yo te rayi l.

Kounye a, nou retounen kote nou te ye nan entwodiksyon an. Pandan Jozèf sou wout la, y ap mennen l nan direksyon sid pou l al ann Ejip, sanble li te pèdi tout bagay. Yo te fòse l vire do bay tout bagay. Pandan plizyè ane, li pa t ap konn anyen sou fanmi l, li pa t ap konn anyen sou doulè Ribenn t ap santi lè l retounen li pa wè l, li pa t ap konn anyen sou lapenn Jakòb t ap genyen lè yo te twonpe l, yo te fè l kwè Jozèf, pitit li renmen anpil la mouri, li pa t ap konn anyen sou Izarak, granpapa l, ki te vivan toujou; e li pa t ap konn anyen sou Benjamen, ti frè li renmen anpil la e li t ap sonje anpil la. Men, èske Jozèf te pèdi tout bagay nèt? — Jenèz 37:29-35.

Jozèf te ret yon bagay frè l yo pa t ap janm ka retire nan men l: lafwa li te genyen an. Li te konn anpil bagay sou Jewova, Bondye l la, e anyen pa t ap ka fè l pèdi lafwa sa a, pa menm kay li li te kite a, ni difikilte l te jwenn lè l te nan kaptivite pandan vwayaj byen long li t ap fè pou l al ann Ejip la, ni imilyasyon l te jwenn lè yo te vann li kòm esklav bay yon Ejipsyen ki rich anpil ki rele Potifa (Jenèz 37:36). Lafwa Jozèf te genyen ak detèminasyon l te pran pou l te rete pwòch ak Bondye l la te vin pi fò malgre difikilte sa yo. Nan lòt atik ki pral vini, nou pral wè fason lafwa Jozèf te genyen an te fè l vin pi itil Jewova, Bondye l la, e li te vin pi itil fanmi l tou ki t apral gen anpil pwoblèm. Se pa ti saj n ap montre n saj lè nou imite lafwa Jozèf te genyen an!

^ § 15 Gen kèk moun k ap fè rechèch ki fè konnen frè Jozèf yo te entèprete kado papa yo te bay Jozèf la kòm yon prèv ki montre li te vle bay Jozèf dwa premye pitit la. Yo te konnen Jozèf se te premye pitit gason Jakòb te fè ak madanm li te pi renmen an, madanm li te vle marye avè l an premye a. Mete sou sa, Ribenn, premye pitit Jakòb la, te kouche ak youn nan madanm papa l te gen sou kote yo, li te fè papa l wont e sa te tou lakòz li pèdi dwa premye pitit la. — Jenèz 35:22; 49:3, 4.

^ § 25 Menm nan ti detay sa a, sa Bib la di egzak. Gen dokiman ki te egziste nan menm peryòd sa a ki montre pri nòmal yo te konn peye pou esklav yo ann Ejip se te 20 pyès lajan.