Jenèz 34​:​1-31

  • Yo vyole Dina (1-12)

  • Pitit gason Jakòb yo aji ak riz (13-31)

34  Twouve, Dina, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la+, te abitye al pase tan l ak jèn medam nan peyi a+.  Lè Sichèm, pitit gason Amò ki te yon Ivit+, yon chèf nan peyi a, wè Dina, li met men sou li e li vyole l.  Li* te vin renmen Dina, pitit fi Jakòb la, anpil. Li te tonbe damou pou ti dam nan e li te pale avè l yon fason pou l fè l renmen l.  Finalman, Sichèm di Amò+, papa l: “Fè m jwenn ti dam sa a pou l vin madanm mwen.”  Lè Jakòb te aprann Sichèm te lage dezonè sou Dina, pitit fi l la, pitit gason l yo te avèk twoupo bèt li yo nan savann nan. Se sa k fè Jakòb pa t di anyen jiskaske yo retounen.  Annapre, Amò, papa Sichèm, al pale ak Jakòb.  Men, pitit gason Jakòb yo te vin aprann sa k te pase a. Yo retounen tousuit sot nan savann nan. Yo te vekse e yo te fache anpil poutèt Sichèm te imilye Izrayèl, piske l te antre nan relasyon ak pitit fi Jakòb la+, yon bagay ki pa t dwe fèt+.  Amò te pale avèk yo, li di yo: “Sichèm, pitit gason m nan, renmen pitit fi nou an anpil*. Tanpri, ba li l pou l vin madanm li,  epi annou marye youn ak lòt. Ban nou pitit fi pa nou yo pou nou marye avèk yo, e nou menm nou mèt pran pitit fi pa nou yo pou n marye ak yo+. 10  Nou mèt viv bò kote nou, peyi a ap nan men nou. Nou mèt abite nan peyi a, fè komès ladan l, epi rete ladan l.” 11  Lè sa a, Sichèm di papa Dina ak frè Dina yo: “Tanpri, fè sa pou mwen, e nenpòt sa nou mande m, m ap ban nou l. 12  Nou mèt mande m anpil lajan ak anpil kado pou m ka marye avè l+. Mwen deside bay nenpòt sa n mande m. Sèlman, annik ban m ti dam nan pou l vin madanm mwen.” 13  Epi, pitit gason Jakòb yo te bay Sichèm ak Amò, papa l, yon repons pou yo te ka pran yo nan pyèj poutèt yo te lage dezonè sou Dina, sè yo a. 14  Yo te di yo: “Nou pa ka fè yon bagay konsa, pou n ta bay yon gason ki pa sikonsi sè nou an+, paske se t ap yon imilyasyon pou nou. 15  N ap aksepte ban nou sè nou an ak yon sèl kondisyon: Se pou nou vin menm jan ak nou e se pou tout gason nou yo sikonsi+. 16  Lè sa a, n ap ban nou pitit fi nou yo, n ap pran pitit fi pa nou yo pou vin madanm nou, n ap abite ansanm ak nou e n ap vin yon sèl pèp.  17  Men, si nou pa koute nou e nou pa sikonsi, n ap pran sè nou an n ale.” 18  Pawòl yo te di yo te fè Amò+ ak Sichèm, pitit gason l lan+, plezi. 19  Jèn gason an pa t pran tan pou l fè sa yo te mande l la+ paske li te renmen pitit fi Jakòb la. Se li yo te pi respekte pami tout moun lakay papa l. 20  Lè sa a, Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, al nan pòtay vil la pou y al pale ak mesye yo nan vil la+, yo di: 21  “Mesye sa yo ta renmen viv anpè avèk nou. Kite yo abite nan peyi a e kite yo fè komès ladan l paske gen ase plas nan peyi a pou yo rete. Nou ka pran pitit fi yo pou vin madanm nou e nou ka ba yo pitit fi pa nou yo+. 22  Sèl kondisyon k ap fè mesye sa yo dakò viv bò kote nou e pou yo vin fè yon sèl pèp ak nou se si tout gason pami nou ta sikonsi menm jan yo menm yo sikonsi+. 23  Lè sa a, èske tout byen yo, tout richès yo ak tout bèt yo genyen pap vin pou nou? Ebyen, ann antann nou avèk yo pou yo ka viv bò kote nou.” 24  Konsa, tout gason ki te rasanble nan pòtay vil la te koute sa Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, te di yo e yo tout te sikonsi. Se konsa, tout gason ki te rasanble nan pòtay vil la te sikonsi. 25  Men, sou twazyèm jou a, pandan yo tout t ap soufri, de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè Dina+, pran epe yo, epi yo antre nan vil la, san pèsonn pa t sispèk anyen, yo touye tout gason nan vil la+. 26  Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, ak kout epe e yo pran Dina lakay Sichèm y al avè l. 27  Lòt pitit gason Jakòb yo t al sou kadav mesye yo e yo piye vil la poutèt yo te lage dezonè sou sè yo a+. 28  Yo te pran mouton yo, bèf yo, bourik yo ak tout sa k te nan vil la ak nan savann nan. 29  Yo te pran tout sa moun yo te genyen, yo te pran tout tipitit mesye yo ak madanm mesye yo e yo te piye kay yo. 30  Lè sa a, Jakòb di Simeyon ak Levi+: “Nou lage m nan gwo pwoblèm, nou fè tout moun nan peyi a ansanm ak moun peyi Kanaran yo ak Perizit yo rayi m. Mwen deja pa gen anpil moun avè m, se sèten yo pral met tèt yo ansanm pou yo atake m e y ap touye m ak tout moun lakay mwen.” 31  Yo reponn li: “Èske nou ta dwe kite yon moun trete sè nou an tankou yon pwostitye?”

Nòt anba paj

Oswa: “Nanm li”.
Oswa: “Nanm Sichèm, pitit gason m nan, atache ak pitit fi nou an”.