Al gade sa k anndan l

Èske biblis yo kwè Jezi te egziste?

Èske biblis yo kwè Jezi te egziste?

 Biblis yo gen bonjan rezon pou yo kwè Jezi te egziste. Men sa yon ansiklopedi (Encyclopædia Britannica, edisyon 2002) te di anrapò ak sa istoryen nan premye ak dezyèm syèk la di sou Jezi e sou premye kretyen yo: “Istwa sa yo pwouve nan tan lontan, menm moun ki te opoze ak kretyen yo pa t janm gen dout sou lefètke Jezi te egziste. Premye fwa yo vin ak kesyon sa a, e yo pa t gen bonjan baz pou sa, se te nan fen 18yèm syèk la, apre sa, yo te pale de sa pandan 19yèm syèk la e nan kòmansman 20yèm syèk la.”

 An 2006, men sa yon liv Jezi ak akeyoloji (anglè) te fè konnen: “Pa gen okenn biblis moun rekonèt jodi a ki doute gen yon Juif yo te rele Jezi, ki te pitit Jozèf, ki te egziste. Pifò ladan yo dakò san pwoblèm nou konn anpil bagay sou sa l te fè ak ansèyman l yo.”

 Labib pale de Jezi kòm yon moun ki te egziste. Li bay non moun ki fè pati fanmi l, kit se fanmi lwen, kit se fanmi pre (Matye 1:1; 13:55). Li bay non kèk moun ki t ap dirije nan epòk Jezi te la yo moun byen konnen (Lik 3:1, 2). Detay sa yo pèmèt moun k ap fè rechèch yo wè sa Bib la di yo egzak.