Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka pran plezi nan adorasyon m ap bay Bondye a?

Ki jan m ka pran plezi nan adorasyon m ap bay Bondye a?

CHAPIT 38

Ki jan m ka pran plezi nan adorasyon m ap bay Bondye a?

Josh, ki gen 16 an, kouche sou kabann li. Manman l parèt nan pòt la epi l di yon fason ki fèm: “Leve, Joshua! Ou byen konnen gen reyinyon aswè a!” Paran Joshua se Temwen Jewova, e al nan reyinyon fè pati pwogram fanmi an genyen chak semèn. Men, nan dènye jou sa yo, Josh pa twò anvi al nan reyinyon.

Josh bougonnen: “Ah manmi, èske m vrèman oblije ale?”

Manman l reponn: “Sispann plenyen, met rad sou ou. M pa vle anreta ankò non!” Epi l vire l ale.

Epi, toudenkou, Josh di: “Se relijyon pa w, sa pa vle di mwen aksepte l kòm relijyon pa m.” Li konnen manman l tande l paske lè l te kòmanse pale a manman te fè yon ti kanpe epi li rekòmanse mache san l pa reponn.

Josh yon ti jan regrèt sa l di a. Li pa t vle blese santiman manman l. Men, li pa vle mande l eskiz nonplis. Li santi l pa gen chwa.

Josh pouse yon soupi epi l kòmanse abiye. Epi li di tèt li: “Yon jou kanmenm m ap fè chwa pa m. M pa menm jan ak lòt moun yo nan Sal la. M pa menm kwè m vle vin kretyen.”

ÈSKE W janm santi w menm jan ak Josh? Pafwa, ou gen enpresyon lòt moun pran plezi fè aktivite yo gen pou yo fè antanke kretyen men ou menm ou jis fè yo konsa konsa. Pa egzanp:

● Pou ou menm, èske etidye Labib se yon devwa anplis ou gen pou w fè?

● Ou pa renmen al preche kay an kay, pa vre?

● Èske byen souvan ou santi w raz nan reyinyon yo?

Si repons ou bay yo se wi, pa dekouraje. Ou ka aprann pran plezi nan adorasyon w ap bay Bondye a. Ann gade ki jan w ka fè sa.

1YE DIFIKILTE Etidye Labib

Rezon ki fè sa pa fasil. Petèt ou santi etidye se pa afè pa w la sa. Lè w ap etidye, lespri w al sou lòt bagay byen vit paske l difisil pou w konsantre. Epitou, valè leson ak devwa ou genyen pou lekòl la!

Rezon ki fè w dwe fè l. Ou dwe fè l paske se Bondye ki enspire Bib la e Bib la “itil pou anseye, pou ede moun, pou korije yo e pou montre yo ki jan pou yo viv”. (2 Timote 3:16, Contemporary English Version.) Lè w etidye Labib epi w medite sou sa w li yo, sa ka ede w wè bagay yo yon fason ou pa t janm wè anvan sa. Nou tout konnen, ou pa janm jwenn okenn bon bagay san w pa fè efò. Pa egzanp, si w vle konn jwe yon spò byen, fò w konn règ yo byen e fò w fè pratik. Si w vle ret mens e an sante, fò w fè egzèsis. Menm jan an tou, si w vle aprann konn Kreyatè w la, fò w etidye Pawòl li a.

Sa lòt jèn di: “Lè m te rive nan segondè, mwen te oblije pran yon desizyon. Elèv yo te konn fè tout kalite move bagay, e mwen te oblije fè kèk chwa. Mwen te konn ap di: ‘Èske se sa m vle fè? Èske sa paran m anseye m yo se laverite?Se mwen ki te dwe jwenn repons yo.” — Tshedza.

“Mwen te toujou kwè sa m aprann nan Bib la se laverite, men mwen te bezwen pwouve tèt mwen sa. Mwen te dwe sèvi Bondye paske se sa m vle, men se pa paske se sa paran m vle pou mwen.” — Nelisa.

Sa w ka fè. Fè yon pwogram etid pèsonèl selon sa ki enterese w e selon bezwen w. Chwazi sijè ou vle etidye yo. Ak ki sa w ka kòmanse? Ou ka kòmanse fouye nan Bib la pou w egzamine kwayans ou yo, petèt ou kapab sèvi ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? * an.

Kòmanse! Nan lis sijè ki pi ba a, mete ti siy tcheke a ✔ bò kot de ou twa sijè ou ta renmen aprann plis sou yo. Oswa si w vle, ekri pwòp sijè ou ta renmen fè rechèch sou li a.

□ Èske gen Bondye?

□ Ki jan m ka fè sèten se pawòl Bondye ki nan Bib la?

□ Poukisa se nan kreyasyon pou m kwè se pa nan evolisyon?

□ Ki sa Wayòm Bondye a ye, e ki jan m ka pwouve ni tèt mwen ni lòt moun li egziste vre?

□ Ki jan m ka esplike sa m kwè ki rive lè yon moun mouri?

□ Poukisa mwen ta dwe gen konviksyon pral gen yon rezirèksyon?

□ Ki jan m ka fè sèten ki relijyon ki vrè relijyon an?

․․․․․

2YÈM DIFIKILTE Patisipe nan travay predikasyon an

Rezon ki fè sa pa fasil. Ou ka pè pale ak lòt moun sou Bib la, oswa ou ka pè rankontre ak yon elèv lekòl ou pandan w ap preche.

Rezon ki fè w dwe fè l. Jezi te bay disip li yo lòd: “Fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:19, 20). Men, gen lòt rezon ki fè w dwe preche. Gen etid ki fèt ki montre, gen kote pifò jèn kwè nan Bondye e yo kwè nan Bib la. Men, menm jèn sa yo pa gen bon espwa pou lavni. Nan etid Labib ou fè, ou jwenn enfòmasyon anpil nan jèn sa yo ap chèche a e yo bezwen enfòmasyon sa a! Lè w pale de kwayans ou ak lòt moun, w ap santi w pi byen, e sa k pi enpòtan an w ap fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.

Sa lòt jèn di: “Mwen menm ak yon zanmi m te prepare pawòl n ap di pou n kòmanse konvèsasyon k ap eveye enterè moun yo, e nou te aprann fason pou nou reponn si moun n ap pale avè l la vin ak yon kesyon oswa yon objeksyon. E nou te aprann jan pou n fè nouvèl vizit. Yonfwa m te kòmanse fè plis efò nan travay predikasyon an, mwen te vin pran plis plezi ladan l.” — Nelisa.

“Gen yon sè ki te ede m anpil. Li gen sizan anplis mwen, e li te konn soti avè m e pafwa nou te konn al manje ansanm lematen. Li te montre m yon seri vèsè ankourajan ki te ede m wè bagay yo yon lòt jan. Mwen rann mwen kont mwen plis enterese ede lòt moun grasa bèl egzanp li ban m. Mwen vrèman genyen l rekonesans pou jan l ede m!” — Shontay.

Sa w ka fè. Si paran w dakò, chèche yon moun nan kongregasyon an ki pi gran pase w pou w preche avè l (Travay 16:1-3). Labib fè konnen: “Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon.” (Pwovèb 27:17). W ap jwenn anpil avantaj si w byen ak moun ki pi gran pase w ki gen anpil eksperyans. Alexis, ki gen 19 an, di: “Anfèt, ou santi w pi byen lè w bò kot moun ki pi gran pase w.”

Kòmanse! Nan espas ki pi ba a, ekri non yon moun nan kongregasyon an, anplis paran w, ki ka ede w nan travay predikasyon an.

․․․․․

3YÈM DIFIKILTE Asiste reyinyon

Rezon ki fè sa pa fasil. Lè w fin pase yon jounen chita nan klas, inèdtan ak kèk minit ou fè chita ap koute diskou ki baze sou Bib la ka sanble yon pakèt tan.

Rezon ki fè w dwe fè l. Men ki ankourajman Labib bay kretyen yo: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — Ebre 10:24, 25.

Sa lòt jèn di: “Li vrèman enpòtan pou w prepare reyinyon yo. Pafwa, ou jis bezwen bay tèt ou rezon ki fè w dwe fè sa. Lè w prepare, ou pran plezi nan reyinyon yo paske w konnen de ki sa y ap pale, e w ka menm patisipe.” — Elda.

“Mwen te kòmanse rann mwen kont lè m fè kòmantè nan reyinyon yo, reyinyon yo te vin pi enteresan pou mwen.” — Jessica.

Sa w ka fè. Pran tan pou w prepare, e si sa posib fè yon kòmantè. Sa ap ede w wè reyinyon an plis konsène w.

Ann pran yon egzanp: Ant gade moun k ap jwe yon spò nan televizyon ak jwe spò sa a ou menm, ki sa k pi enteresan? Li klè li pi enteresan lè w ka patisipe olye w annik ret chita ap gade. Se menm bagay la pou reyinyon yo tou.

Kòmanse! Nan espas ki pi ba a, ekri ki lè chak semèn ou panse w te ka pran 30 minit pou w prepare youn nan reyinyon kongregasyon an.

․․․․․

Gen anpil jèn ki wè verite ki nan Sòm 34:8 la ki di: “Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere moun ki pran refij nan li.” Èske w t ap kontante w pou annik konnen yon manje gou? Ou pa t ap prefere goute l pito? Se menm bagay la pou adore Bondye. Goute epi w ap wè byenfè ki genyen lè w patisipe nan aktivite espirityèl yo. Labib di moun ki pa annik tande pawòl la men ki aplike l “ap kontan nan sa l ap fè” a. — Jak 1:25.

NAN LÒT CHAPIT LA

Ki jan w ka aprann fikse objektif epi atenn yo?

[Nòt anba paj]

^ § 19 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — Women 12:2.

MEN YON IDE

Chèche yon kanè, epi pran nòt nan reyinyon yo sou pwen prensipal yo. W ap twouve tan an pase pi vit, e l ap pi fasil pou w aprann!

ÈSKE W TE KONNEN?

Se pa yon mal si w gen kesyon sou kwayans ou. Anfèt, lè w poze kesyon e lè w fè rechèch se yon bon fason pou w vin konnen si sa w kwè sou Bondye yo se laverite. — Travay 17:11.

SA M KONTE FÈ

M ap pase ․․․․․ minit ap li Labib chak jou e m ap pase ․․․․․ chak semèn ap prepare reyinyon yo.

Men sa m ap fè pou m pi byen suiv nan reyinyon yo ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa k fè yon jèn ka twouve aktivite espirityèl yo raz?

● Sou ki aspè nan twa aspè nan adorasyon nou, nou te pale nan chapit sa a, ou ta renmen travay?

[Antrefilè nan paj 278]

“Relijyon m ladan l lan pa sèlman relijyon paran m men se relijyon m tou. Jewova se Bondye m e mwen pa vle fè anyen k ap gen move efè sou relasyon m gen avè l la.” — Samantha.

[Kare/Foto nan paj 280, 281]

Yo te fikse objektif

Labib di: “Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen.” (Jak 4:14). Nan kèk ka, gen moun ki konn mouri pandan yo jèn. Pandan w pral li eksperyans Catrina ak Kyle, gade ki bon repitasyon yo te genyen devan Jewova pandan ti tan yo te fè ap viv la lefètke yo te fikse objektif espirityèl e yo te atenn yo. — Eklezyas 7:1.

Catrina mouri lè l te gen 18 an, men depi lè l te gen 13 an, li te deja fè plan pou tout lavi l, sa vle di li te gen yon lis objektif li te vle atenn. Pami objektif li te genyen yo, li te vle rantre nan sèvis aplentan, sèvi nan yon peyi kote ki bezwen plis pwoklamatè, e li te vle patisipe sou yon pwojè konstriksyon Sal Wayòm ansanm ak papa l. Men sa l te ekri: “Mwen bay Jewova lavi m!” Catrina te gen objektif pou l “viv selon prensip Jewova yo yon fason pou l fè kè Jewova kontan”. Nan antèman Catrina, yo te pale de li antanke “yon bèl jèn fi ki te santre tout lavi l sou sèvis l ap bay Jewova a”.

Depi Kyle te toupiti, yo te aprann li pou l fikse objektif. Apre l te fin mouri nan yon aksidan machin lè l te gen 20 an, fanmi l te jwenn yon kaye manman l te ede l fè lè l te gen katran. Li te rele kaye sa a “kaye objektif li”. Pami objektif li te genyen, li te vle batize, bay diskou nan Sal la epi sèvi nan syèj mondyal Temwen Jewova yo kote li t ap ka bay koutmen nan pwodui piblikasyon k ap ede moun aprann konn Bondye. Lè manman Kyle fin gade nan kaye Kyle te fè sa gen plizyè ane a, men sa l di: “Li te atenn chak grenn objektif sa yo.”

Ki objektif ou menm ou fikse? Ou pa konnen ki jan lavi w ap ye demen. Donk, sèvi ak chak jou ou genyen pou w fè tout sa w kapab. Menm jan ak Catrina ak Kyle, itilize lavi w pi bon fason ki genyen an. Imite apot Pòl ki te kapab di lè l te prèske mouri: “Mwen konbat nan bèl konba a, mwen kouri nan kous la jis mwen fini l, mwen rete fèm nan lafwa.” (2 Timote 4:7). Se sa chapit ki vin apre a ap ede w fè.

[Foto nan paj 274, 275]

Si w vle ret mens e an sante, fò w fè egzèsis. Menm jan an tou, si w vle ret an sante nan domèn espirityèl, fò w etidye Pawòl Bondye a.