Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travay ansanm ak Bondye bay anpil kè kontan

Travay ansanm ak Bondye bay anpil kè kontan

“Piske n ap travay ansanm ak Bondye, nou sipliye nou pou nou pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou nou rate objektif li.” — 2 KOR. 6:1.

KANTIK: 75, 74

1. Menm lè Jewova se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, ki sa l envite lòt moun fè?

JEWOVA se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, se li ki kreye tout bagay e l gen yon sajès ak yon pisans ki pa gen limit. Jòb te vin konprann sa. Men sa Jòb te reponn apre Jewova te fin poze l kèk kesyon konsènan travay kreyasyon l lan: “Mwen konnen ou kapab fè tout bagay, e pa gen anyen ou panse fè ki enposib pou ou.” ​(Jòb 42:2). Byenke Jewova ka fè kèlkeswa sa l vle a san l pa bezwen pèsonn ede l, depi okòmansman, lanmou te pouse l envite lòt moun vin travay avè l pou l ka reyalize objektif li.

2. Ki travay enpòtan Jewova te envite Jezi fè ?

2 Se sèl Pitit gason espirityèl Bondye fè a li te kreye an premye. Jewova te pèmèt Pitit gason l lan ede l kreye tout bagay, kit se bagay espirityèl yo kit se lòt bagay yo (Jan 1:1-3, 18). Men sa apot Pòl te ekri konsènan Jezi: “Se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib, kit se twòn, otorite, gouvènman oswa pouvwa. Bondye te itilize l pou l kreye tout lòt bagay yo, e se pou li li te kreye yo.” ​(Kol. 1:15-17). Konsa, Jewova onore Pitit gason l lan lè l pèmèt li patisipe nan travay kreyasyon l lan ak lè l fè lòt moun konnen wòl enpòtan Pitit gason l lan jwe.

3. Ki sa Jewova te mande Adan fè, e poukisa?

3 Anplis de sa, Jewova envite lèzòm vin travay avè l. Pa egzanp, li te pèmèt Adan bay bèt yo non (Jen. 2:19, 20). Se pa ti plezi Adan dwe te jwenn pou l ap gade bèt sa yo, pou l etidye fason yo chak ye e pou l deside ki non ki mache ak yo chak! Jewova te ka bay bèt yo non li menm piske se li ki te kreye yo. Sepandan, avèk lanmou, li te pèmèt Adan fè sa. Mete sou sa, Bondye te bay Adan posiblite pou l etann Paradi a pi lwen pase jaden Edenn nan (Jen. 1:27, 28). Malerezman, rive yon lè, Adan pa t kontinye travay ak Bondye e sa te lakòz malè ni pou li ni pou desandan l yo. — Jen. 3:17-19, 23.

4. Ki fason lòt moun te travay ak Bondye pou l reyalize objektif li?

4 Annapre, Jewova te envite lòt moun vin travay avè l pou l reyalize objektif li. Noye te bati yon lach ki te pèmèt li menm ak fanmi l chape vivan nan delij ki te fèt sou tout tè a. Moyiz te delivre nasyon Izrayèl la ann Ejip. Jozye te mennen nasyon sa a nan peyi Bondye te pwomèt la. Salomon te bati tanp Jerizalèm nan. Mari te vin manman Jezi. Tout moun fidèl sa yo ansanm ak anpil lòt ankò te travay ansanm ak Bondye pou yo fè volonte l.

5. Nan ki travay nou ka patisipe, e èske Jewova oblije mande n patisipe nan travay sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

5 Jodi a, Jewova envite n bay tout nou menm pou n soutni Wayòm Mesi a. Gen anpil fason nou ka patisipe nan sèvis sakre a. Gen kèk nan fason sa yo se pa tout kretyen ki ka patisipe ladan yo, men, nou tout ka patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. Nòmalman, Jewova pa t oblije mande n patisipe nan travay sa a. Li te ka chwazi pale dirèkteman ak moun sou tè a depi nan syèl la. Jezi te di Jewova te ka menm fè wòch yo pale konsènan wa nan Wayòm Mesi a (Lik 19:37-40). Epoutan, Jewova pèmèt nou vin “konpayon travay” li (1 Kor. 3:9). Men sa apot Pòl te ekri: “Piske n ap travay ansanm ak Bondye, nou sipliye nou pou nou pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou nou rate objektif li.” ​(2 Kor. 6:1). Travay ansanm ak Bondye se yon onè ki pa gen parèy e sa ban nou anpil kè kontan. Ann egzamine kèk rezon ki fè sa.

TRAVAY AK JEWOVA BAY KÈ KONTAN

6. Ki fason premye Pitit gason Bondye a montre jan l te santi l lè l t ap travay bò kot Papa l?

6 Depi byen lontan, sèvitè Jewova yo te toujou jwenn lajwa lè y ap travay avè l. Bib la pale de premye Pitit gason espirityèl Bondye a kòmsi se sajès menm li te ye. Men sa Pitit sa a t ap di: “Jewova te fè m an premye nan tout sa l te fè. [...] Mwen te bò kote l kòm yon moun ki konn travay byen. Chak jou, se mwen ki te ba l plis kè kontan, mwen te toujou kontan ret bò kote l.” ​(Pwo. 8:22, 30). Jezi te kontan travay bò kot Papa l, li te pran plezi nan travay li te fè a e l te kontan konnen Jewova apresye l. E nou menm?

Ki travay ki ka bay plis satisfaksyon pase anseye yon moun laverite? (Gade paragraf 7.)

7. Ki sa k fè n jwenn kè kontan nan travay predikasyon an?

7 Jezi te di yon moun ap gen kè kontan ni lè l bay ni lè l resevwa (Tra. 20:35). Nou kontan dèske n gen laverite e n kontan dèske n ap fè lòt moun konn verite sa a. Toutpandan n ap pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, nou wè jan moun ki grangou nan domèn espirityèl yo vin kontan lè yo vin konn Bondye epi yo apresye l ak lè yo vin konprann verite enpòtan ki gen nan Pawòl Bondye a. Lè n wè jan moun sa yo fè chanjman nan fason yo panse ak nan fason y ap viv, sa touche kè n anpil. Nou rann nou kont jan sa enpòtan pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Travay sa a bay moun ki vin rekonsilye ak Bondye yo posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an (2 Kor. 5:20). Ki sa k ka ban n plis kè kontan pase patisipe nan yon travay kote n ap ede moun viv yon fason k ap pèmèt yo viv pou toutan?

8. Ki sa kèk moun di konsènan lajwa yo jwenn nan travay ak Jewova?

8 Nonsèlman nou kontan lè moun yo byen reyaji devan mesaj n ap preche a, men tou, nou kontan lefètke n konnen nou fè Jewova plezi epi l bay efò n ap fè pou n sèvi l yo valè. (Li 1 Korentyen 15:58.) Men sa Marco k ap viv ann Itali fè konnen: “M pa ka esplike jan m kontan dèske m konnen se Jewova m ap bay tout mwen menm, se pa yon moun ki pral bliye sa m te fè yo talè konsa.” Menm jan an tou, men sa Franco k ap sèvi ann Itali fè konnen: “Grasa Pawòl Jewova ak sa l ban nou nan domèn espirityèl, Jewova fè n sonje l renmen nou chak jou e l fè n sonje tout sa n fè pou li yo enpòtan menm lè efò n fè yo ka sanble pa reprezante anyen pou nou. Se rezon sa a ki fè travay ak Bondye fè kè m kontan e l bay lavi m yon sans.”

TRAVAY AK BONDYE FÈ N VIN PI PWÒCH LI AK LÒT MOUN

9. Ki relasyon ki te egziste ant Jewova ak Jezi, e poukisa?

9 Lè n ap travay ansanm ak moun nou renmen, nou vin pwòch ak yo e n vin konnen pèsonalite yo ak kalite yo. Nonsèlman nou vin konnen sa yo vle fè, men, nou vin konnen kòman yo pral fè l tou. Petèt Jezi te fè plizyè milya ane ap travay ansanm ak Jewova, e sa te fè yo vin gen yon lanmou ak yon afeksyon ki solid youn pou lòt, yon lanmou ki pa ka kraze. Anrapò ak relasyon sere sere yo te genyen an, Jezi te di: “Mwen menm ak Papa a, nou se youn.” ​(Jan 10:30). Yo te kontan viv nan tèt ansanm e yo te toujou travay ansanm ann amoni.

10. Ki sa k fè travay predikasyon an fè n vin pi pwòch Bondye ak lòt moun?

10 Jezi te fè yon priyè kote l te mande Jewova pou l voye je sou disip li yo. Pou ki rezon? Li te di: “Dekwa pou yo ka vin fè youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn.” ​(Jan 17:11). Toutpandan n ap aplike prensip Bondye yo e n ap patisipe nan travay predikasyon an, nou vin pi byen konprann bèl kalite Bondye genyen yo. Nou vin aprann rezon ki fè l enpòtan pou n fè l konfyans e pou n suiv konsèy li. Toutpandan n ap pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche bò kote n tou. (Li Jak 4:8.) Anplis de sa, nou pwoche bò kote frè ak sè espirityèl nou yo tou paske n ap jwenn menm difikilte ak menm lajwa ak yo e paske n gen menm objektif ak yo. Vrèmanvre, nou travay ansanm, nou rejwi ansanm e n andire ansanm. Men sa Octavia k ap viv Grann Bretay fè konnen: “Travay ak Jewova fè m vin pi pwòch lòt moun paske m pa chwazi zanmi m yo lefètke yo gen menm gou avè m ankò, men, se paske n gen menm objektif e n ap fè menm wout.” Èske w pa santi w menm jan an? Èske w pa vin pwòch ak lòt moun lè w wè efò yo fè pou yo fè Jewova plezi?

11. Ki sa k fè n pral vin pi pwòch Jewova ansanm ak frè nou yo nan monn nouvo a?

11 Lanmou ki gen ant nou menm ak Bondye ak lòt moun nan kapab djanm depi kounye a, men, l ap vin pi djanm toujou nan monn nouvo ki jis la. Fè yon ti reflechi ak travay k ap tann nou! Nou pral gen pou n akeyi moun ki resisite yo e pou n anseye yo chemen Jewova a. Nou pral bezwen fè tè a vin yon paradi. Bagay sa yo se pa ti travay yo ye. Men, ala kontan nou pral kontan pou n travay kòtakòt e pou n vin pafè ofiramezi anba dominasyon Wayòm Mesi a! Lèzòm pral vin pi pwòch youn ak lòt e y ap vin pi pwòch Bondye yo a ki sandout pral “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Sòm 145:16.

TRAVAY AK BONDYE SE YON PWOTEKSYON

12. Ki fason travay predikasyon an pwoteje nou?

12 Nou vle pwoteje relasyon nou gen ak Bondye a. Piske n ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan e nou enpafè, li fasil pou n vin gen move panse e pou n vin aji menm jan ak monn nan. Nou ka konpare lespri monn nan ak yon rivyè k ap rale nou nan yon direksyon nou pa vle ale. Pou n pa kite dlo a pote n ale, nou dwe fè gwo efò pou n naje nan lòt direksyon an. Menm jan an tou, sa mande efò pou n kontinye kanpe lwen lespri ki gen nan monn Satan an. Lè n ap preche lòt moun, nou fikse lespri nou sou bagay espirityèl yo ki enpòtan e k ap fè n jwenn byenfè, men, nou pa fikse l sou panse k ap minen lafwa nou (Flp. 4:8). Travay predikasyon an fè konviksyon nou yo vin pi solid e l fè n sonje pwomès Bondye yo ak prensip li yo ki plen lanmou. Anplis de sa, li ede n kenbe ekipman konba Bondye bay la entak. — Li Efezyen 6:14-17.

13. Ki santiman yon Temwen ann Ostrali genyen konsènan travay predikasyon an?

13 Si n ret okipe nan travay predikasyon an ansanm ak lòt aktivite espirityèl yo, n ap tou senpleman pa gen tan pou n twò enkyete nou akoz pwoblèm nou yo e sa ap pwoteje nou. Men sa Joel k ap viv ann Ostrali fè konnen: “Travay predikasyon an ede m ret an kontak ak reyalite a. Li fè m sonje pwoblèm moun yo ap rankontre ansanm ak byenfè m jwenn lefètke m ap aplike prensip biblik yo nan lavi m. Travay predikasyon an ede m eseye kontinye aji ak imilite; li ban m okazyon pou m konte sou Jewova ansanm ak frè ak sè m yo.”

14. Ki jan lè n pèsevere nan travay predikasyon an, sa bay prèv lespri Bondye avè n?

14 Anplis de sa, lè nou preche, sa fè n gen bonjan konviksyon lespri Bondye avè n. Fè yon ti reflechi: Ann sipoze yo ofri w yon travay pou w distribye pen bay moun nan zòn kote w rete a. Yo pap ni peye w pou travay la ni remèt ou lajan w depanse pou w fè l la. Sa k pi rèd la, ou pa pran tan pou w rann ou kont pifò moun pa vle pen an e gen kèk nan yo ki menm rayi w lefètke w ap distribye l. Pou konbyen tan w t ap kontinye fè yon travay konsa? Sandout ou t ap tèlman santi w dekouraje akoz fason moun yo reyaji a, ou pa t ap santi w gen fòs ankò pou w kontinye pou lontan. Sepandan, gen anpil nan nou ki kontinye fè pwòp depans nou pou n pèsevere nan travay predikasyon an ane apre ane malgre gen moun engra ki meprize nou e ki pase n nan rizib. Èske sa pa ban nou prèv lespri Bondye ap travay avè n?

LÈ N TRAVAY AK BONDYE, SA MONTRE N GEN LANMOU POU LI AK LÒT MOUN

15. Ki fason travay predikasyon bon nouvèl la makònen ak objektif Bondye genyen pou limanite?

15 Jis fè yon ti reflechi sou fason travay predikasyon bon nouvèl la byen mache ak objektif ki plen lanmou Jewova gen pou limanite a. Objektif li se pou lèzòm viv sou tè a san yo pa mouri e byenke Adan te peche, Jewova pa chanje objektif li (Eza. 55:11). Olye de sa, li te pran dispozisyon pou l delivre lèzòm anba kondanasyon peche ak lanmò. Ann amoni ak objektif sa a, Jezi te vin sou tè a e l te bay lavi l kòm sakrifis pou moun ki obeyisan yo. Sepandan, pou lèzòm rive obeyi, yo dwe konprann sa Bondye vle yo fè. Se pou rezon sa a tou ki fè Jezi te anseye moun yo ki sa Bondye vle yo fè e l te bay disip li yo lòd pou yo fè menm jan an. Lè n ede lòt moun vin rekonsilye ak Bondye, nou patisipe dirèkteman nan dispozisyon ki plen lanmou Jewova te pran pou l delivre limanite anba peche ak lanmò a.

16. Ki rapò travay predikasyon nou an genyen ak pi gwo kòmandman Bondye bay yo?

16 Lè n ede lòt moun pou yo vin sou wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an, sa montre nou gen lanmou ni pou yo ni pou Jewova “ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Men ki repons Jezi te bay lè yon moun te mande l ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” ​(Mat. 22:37-39). Lè n patisipe nan travay predikasyon an, se montre nou montre nou obeyi kòmandman sa yo. — Li Travay 10:42.

17. Ki jan w santi w lefètke w gen onè pou w preche bon nouvèl la?

17 Se pa ti beni nou beni! Jewova ban nou yon travay ki ban nou kè kontan, ki fè n vin pi pwòch avè l ansanm ak lòt moun e ki pwoteje n nan domèn espirityèl. Anplis de sa, travay sa a ban nou okazyon pou n montre lanmou nou gen pou Bondye ak lèzòm. Toupatou sou tè a, pèp Bondye a pap viv nan menm sitiyasyon, men, kit yo jèn kit yo granmoun, kit yo rich kit yo pòv, kit yo djanm kit yo fèb, gen plizyè milyon nan yo ki kontinye ap chèche jwenn fason pou yo fè lòt moun konn lafwa yo e yo jwenn fason pou yo fè sa. Petèt w ap dakò ak Chantel k ap viv an Frans ki te di: “Moun ki pi pisan nan tout linivè a, Moun ki kreye tout bagay la, Bondye kè kontan an di m: ‘Ale! Pale! Pale pou mwen, pale ak tout kè w. Mwen ba w fòs mwen, Pawòl mwen Labib, èd zanj yo, konpayon ou gen sou tè a, fòmasyon ki pa janm sispann ansanm ak bonjan enstriksyon ki vini nan bon moman.’ Ala yon gwo privilèj sa ye pou n fè sa Jewova mande n fè e pou n travay ansanm ak Bondye nou an!”