Al gade sa k anndan l

Èske Bondye ap padone m?

Èske Bondye ap padone m?

Repons Bib la bay

 Wi, Bondye ap padone nou si n fè etap ki nesesè yo pou sa. Bib la di Bondye “dispoze padone” e “l ap padone [nou] nèt” (Neyemi 9:17; Sòm 86:5; Ezayi 55:7). Lè Bondye padone n, li fè sa san l pa gade sou sa ankò. Sa vle di peche nou “efase” (Travay 3:19). Epitou, lè Bondye padone, li fè sa pou toutan paske, men sa l di: “Mwen pap sonje peche yo ankò.” (Jeremi 31:34). Depi Bondye padone nou, li pap plede repete sa n te fè a pou l kontinye akize nou oswa pou l kontinye pini n.

 Epoutan, lè Bondye padone n, se pa feblès ki fè l fè sa. Li pa chanje prensip li yo ki jis. Pou rezon sa a, gen peche li pap padone. — Jozye 24:19, 20.

Etap pou jwenn padon nan men Bondye

  1.   Rekonèt peche w fè yo te fè w pase prensip Bondye yo anba pye. Byenke ka gen moun ou te blese akoz sa w te fè yo, ou dwe aksepte an premye se Bondye ou manke dega lè w peche. — Sòm 51:1, 4; Travay 24:16.

  2.   Fè Bondye konnen peche w fè yo nan lapriyè. — Sòm 32:5; 1 Jan 1:9.

  3.   Se pou w regrèt peche w fè yo toutbon nan fon kè w. Se “tristès [sa a] ki ann akò ak volonte Bondye” k ap pèmèt ou repanti vre, sa vle di k ap pèmèt ou fè chanjman nan kè w (2 Korentyen 7:10). Sa gen ladan l tou pou w regrèt tout ti erè ki te mennen w nan fè peche a. — Matye 5:27, 28.

  4.   Chanje wout ou pran an epi fè aksyon ki demontre ou “kase tèt tounen” (Travay 3:19). Sa kapab mande pou w evite fè nenpòt aksyon oswa abandone nenpòt abitid ou konnen ki mal oubyen ankò ou ka oblije chanje nèt fason w panse a oswa fason w aji a. — Efezyen 4:23, 24.

  5.   Fè demach pou fè sa ki kwochi vin dwat oswa pou repare mal ou te fè a (Matye 5:23, 24; 2 Korentyen 7:11). Ale mande moun ou te fè soufri yo padon poutèt sa w te fè oswa sa w pa t fè pou yo a, e si gen yon bagay ou ta dwe remèt, remèt li. — Lik 19:7-10.

  6.   Priye Bondye pou mande l pou l padone w sou baz ranson Jezi peye a (Efezyen 1:7). Men, pou Bondye tande priyè w fè l la, ou dwe padone moun ki te peche kont ou tou. — Matye 6:14, 15.

  7.   Si peche w la se yon peche ki grav, ou ka pale ak yon moun ki gen matirite pou l ba w konsèy ki chita sou Bib la e ki kapab priye pou ou. — Jak 5:14-16.

Move konsepsyon moun yo genyen sou fason Bondye padone

 “M fè twòp peche pou Bondye padone m.”

Bondye te padone David lè l te komèt adiltè e li te fè touye yon moun.

 Depi nou suiv sa Bondye mete kòm prensip nan Bib la, n ap jwenn padon, paske Bondye gen kapasite pou l mete tèt li pi wo pase peche nou yo pou l padone yo. Epitou, li kapab padone peche grav nou te fè, menmsi nou te peche plizyè fwa. — Pwovèb 24:16; Ezayi 1:18.

 Pa egzanp, li te padone wa David ki te peche grav lè l te komèt adiltè epi li te touye yon moun (2 Samyèl 12:7-13). Apot Pòl te panse li menm li te pi mal pase tout lòt pechè ki nan monn nan, epoutan Bondye te padone l (1 Timote 1:15, 16). E menm juif ki t ap viv nan premye syèk la t ap jwenn padon, malgre Bondye te konsidere yo koupab paske se yo ki te touye Jezi ki te Mesi a, depi yo te chanje fason y aji. — Travay 3:15, 19.

 “Depi m konfese bay yon prèt oswa yon pastè, peche m yo padone.”

 Pa gen yon moun sou tè a ki gen otorizasyon pou l padone yon pechè parèy li pou peche li fè kont Bondye. Menm lè sa ka ede yon moun ki peche pou l reprann li lè li pale de sa ak yon lòt moun, se Bondye sèl ki kapab padone peche yon moun fè. — Efezyen 4:32; 1 Jan 1:7, 9.

 Si se sa toutbon, ki sa Jezi te vle fè apot li yo konprann lè l te di: “Nenpòt moun nou padone peche yo, peche yo padone. Nenpòt moun nou pa padone peche yo, peche yo pa padone.” (Jan 20:23). An reyalite, li t ap pale de pouvwa san parèy li t apral bay apot yo lè yo t apral jwenn lespri sen Bondye. — Jan 20:22.

 Jan yo te pwomèt yo sa, apot yo te jwenn kado sa a lè yo te ranpli ak lespri sen nan ane 33 epòk nou an (Travay 2:1-4). Apot Pyè te sèvi ak otorite sa a li te jwenn nan pou l jije ka Anànyas ak Safira. Se te yon mirak ki te pèmèt Pyè konnen aranjman malonèt sa a yo te fè ansanm nan, e li te montre peche yo a pa t ap jwenn padon (Travay 5:1-11).

 Don sa a apot yo te jwenn pa mirak, tankou lòt don yo te jwenn pou fè gerizon e pou yo pale nan lòt lang, yo te disparèt apre lanmò apot yo (1 Korentyen 13:8-10). Depi lè a, pa gen yon moun sou tè a ki kapab padone peche yon moun fè.