Jeremi 31​:​1-40

  • Rès moun Izrayèl yo ap retounen abite nan peyi a (1-30)

    • Rachèl ap kriye pou pitit li yo (15)

  • Yon nouvo alyans (31-40)

31  “Nan epòk sa a,” se sa Jewova di, “m ap vin Bondye tout fanmi ann Izrayèl yo e yo menm y ap vin pèp mwen+.”   Men sa Jewova di:“Moun ki te chape anba epe yo te jwenn favè Bondye nan dezè a,Lè pèp Izrayèl la t ap mache pou l al kote l t apral repoze l la.”   Jewova te sot byen lwen e l te parèt devan m, li te di:“Mwen renmen w e lanmou sa a ap la pou toutan.Se lanmou fidèl sa a ki fè m rale w vin jwenn mwen*+.   M ap rebati w ankò, wi, w ap kanpe ankò+.O, ou menm pèp Izrayèl la, w ap pran tanbouren w ankòE w ap danse ak kè kontan*+.   Ou gen pou w plante jaden rezen sou mòn Samari yo ankò+.Moun k ap fè jaden yo ap plante e y ap manje sa yo rekòlte yo+.   Paske, gen yon jou k ap vini kote moun k ap veye sou mòn Efrayim yo ap rele byen fò:‘Ann ale, ann monte Siyon bò kot Jewova, Bondye nou an+.’”   Paske, men sa Jewova di:“Rele desandan Jakòb yo ak kè kontan.Rele ak kè kontan paske nou sou tèt nasyon yo+.Se pou nou fè konn sa, se pou nou fè louwanj pou Bondye e se pou nou di:‘O Jewova, sove pèp ou a, moun ki rete nan pèp Izrayèl la+.’   M ap pran yo nan peyi ki nan nò a pou m mennen yo tounen+.M ap pran yo nan dènye bout tè a e m ap rasanble yo+.Nan mitan yo ap gen moun ki avèg, moun ki enfim nan pye+,Fi ki ansent ak fi ki gen tranche. Yo tout ap ansanm.Y ap retounen isit la an foul+.   Y ap vini ak dlo nan je+.M ap mennen yo toutpandan y ap mande pou m fè yo favè.M ap mennen yo bò kot rivyè*+,M ap mennen yo sou yon wout ki plat kote yo pap bite.Paske, mwen se yon Papa pou Izrayèl e Efrayim se premye pitit mwen+.” 10  Nou menm nasyon yo, tande sa Jewova diE fè konnen sa nan tout zile ki byen lwen yo+:“Sila a ki te gaye moun Izrayèl yo ap rasanble yo.L ap voye je sou yo menm jan yon bèje fè sa pou twoupo bèt li+. 11  Paske, Jewova ap delivre* desandan Jakòb yo+,L ap sove* yo anba men moun ki pi fò pase yo a+. 12  Y ap vini sou Mòn Siyon, y ap rele tèlman yo kontan+.Y ap kontan anpil lè yo wè jan Jewova bon avèk yo*.Y ap kontan poutèt manje angren, diven+, luil,Ti mouton ak ti bèf yo+.Y* ap vin tankou yon jaden ki byen wouze+E yo pap janm nan soufri ankò+.” 13  “Lè sa a, fi ki vyèj la ap danse ak kè kontan,Ni jèn gason yo ni gason ki granmoun yo, wi, yo tout ansanm+.M ap fè kè yo kontan, yo pap nan lapenn ankò+.M ap konsole yo. M ap fè yo gen kè kontan, yo pap nan tristès ankò+. 14  M ap fè prèt* yo kontan tèlman m ap ba yo manje* pou yo manje,E pèp mwen an ap satisfè paske m ap byen boule avè l+.” Se sa Jewova di. 15  “Men sa Jewova di:‘Yo tande yon vwa nan vil Rama+, vwa yon moun k ap plenn e k ap kriye anpil.Se Rachèl k ap kriye pou pitit gason l yo*+.Li pa vle yo konsole lPaske pitit gason l yo pa la ankò+.’” 16  Men sa Jewova di:“‘Pa kriye, pa kite dlo soti nan je w,Paske m ap rekonpanse w pou sa w te fè.’ Se sa Jewova di.‘Y ap retounen sot nan peyi ènmi an+.’ 17  ‘Gen yon espwa pou demen+.’ Se sa Jewova di.‘Pitit gason w yo ap tounen nan tèritwa pa yo+.’” 18  “Vrèmanvre, mwen tande jan Efrayim ap plenn.‘Ou korije m, wi, ou donte mTankou yon ti bèf yo potko met anba jouk.Mennen m tounen, m ap byen kontan tounen,Paske, ou se Jewova, Bondye m nan. 19  Lè m te fin retounen, mwen te gen remò+.Apre w te fin fè m konprann, mwen te frape kuis mwen paske mwen te tris anpil.Mwen te wont e m te santi m imilye+Akoz sa mwen te fè lè m te jèn.’” 20  “Èske Efrayim pa yon pitit gason ki gen anpil valè pou mwen+? Èske l pa yon pitit mwen renmen anpil?Chak fwa mwen pale kont li, mwen toujou sonje l.Se sa k fè, kè m* fè m mal pou li+E se sèten m ap gen pitye pou li.” Se sa Jewova di+. 21  “Mete poto pou w make wout la,Wi, mete poto kanpe+.Byen gade gwo wout la, wout ou dwe pase ladan l lan+.Retounen, o pèp Izrayèl, retounen nan vil ou yo. 22  Pandan konbyen tan w ap rete san w pa pran yon desizyon, o pitit fi m ki pa fidèl la?Paske, Jewova kreye yon bagay tounèf sou tè a:Yon fi k ap prese vin pi pre mari l.” 23  Men sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di: “Lè m fè prizonye yo tounen, men ki sa y ap rekòmanse di nan Jida ak nan vil li yo: ‘Se pou Jewova beni w, ou menm ki se yon kote moun jwenn jistis+, ou menm mòn sakre a+.’ 24  Jida ak tout vil li yo ap gen moun ki abite ladan yo. Moun k ap fè jaden yo ak moun k ap dirije twoupo yo ap abite la+. 25  Paske, m ap bay moun* ki pèdi fòs yo sa yo bezwen e m ap bay moun* k ap soufri yo manje pou yo manje+.” 26  Lè sa a, mwen leve, mwen ouvè je m. Ti dòmi m t ap fè a te bon. 27  “Tande! Gen yon jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote m ap fè moun ann Izrayèl yo ak moun Jida yo vin anpil e y ap vin gen anpil bèt+.” 28  “E menm jan m t ap veye yo pou m derasinen yo, pou m lage yo atè, pou m kraze yo, pou m detwi yo, pou m fè malè rive yo+, se konsa tou m ap voye je sou yo pou m bati yo e pou m plante yo+.” Se sa Jewova di. 29  “Nan epòk sa a, y ap sispann di: ‘Papa manje rezen ki si, men se dan pitit yo ki sirèt+.’ 30  Men, chak moun ap mouri pou peche pa yo. Moun ki manje rezen ki si a, se dan pa l k ap sirèt.” 31  “Gade! Gen jou k ap vini,” se sa Jewova di, “kote m ap fè yon nouvo alyans ak moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo+. 32  Alyans sa a pap menm jan ak alyans mwen te fè ak zansèt yo lè mwen te pran men yo e m fè yo soti nan peyi Ejip la+, ‘alyans yo pa t respekte a+, malgre se mwen menm ki te mèt* yo’. Se sa Jewova di.” 33  “Paske, men alyans m ap fè avèk moun Izrayèl yo apre jou sa yo: M ap mete lwa m yo anndan yo+ e m ap ekri yo nan kè yo+. Wi, m ap vin Bondye yo e yo menm y ap vin pèp mwen+.” Se sa Jewova di. 34  “Lè sa a, pap gen moun k ap anseye vwazen l ankò, e yon frè pap anseye yon frè l ankò, pou l di l: ‘Aprann konnen Jewova+!’ Paske, yo tout ap konnen m, timoun kou granmoun+.” Se sa Jewova di. “Paske, m ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò+.” 35  Men sa Jewova di,Sila a ki fè solèy la pou l bay limyè lajounen,Ki fè lwa pou lalin nan ak zetwal yo ka bay limyè lannuit,Ki brase lanmè a e ki fè lanm li yo fè gwo bri,Li menm ki rele Jewova, Chèf lame yo+: 36  “‘Se sèlman si lwa sa yo pa ta itil ankòPou desandan Izrayèl yo pa ta yon nasyon devan m ankò.’ Se sa Jewova di+.” 37  Men sa Jewova di: “‘Se sèlman si yo te ka mezire syèl la e yo te ka sonde fondasyon tè a pou m ta rejte tout desandan Izrayèl yo pou tout sa yo te fè yo.’ Se sa Jewova di+.” 38  “Tande! Gen yon jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote y ap rebati vil sa a+ pou Jewova, soti nan Fò Ananèl+ rive nan Pòtay Kwen+. 39  Fisèl pou mezire a+ ap pase tou dwat al nan Mòn Garèb e l ap vire nan direksyon Gowa. 40  Lè sa a, tout vale ki konn gen kadav ak sann nan*, tout platon yo rive jis nan Vale Kidwon+ e rive jis nan kwen Pòtay Cheval+ ki nan direksyon lès ap apa pou Jewova+. Yo pap janm demoli l ankò, yo pap janm kraze l ankò.”

Nòt anba paj

Oswa: “Se poutèt sa mwen kontinye montre lanmou fidèl pou ou”.
Oswa: “w ap antre nan dans moun k ap ri yo”.
Oswa: “bò kot ravin ki gen dlo”.
Lit.: “rachte”.
Oswa: “reklame”.
Oswa: “Jewova ba yo anpil bon bagay”.
Oswa: “Nanm yo”.
Oswa: “fè nanm prèt”.
Lit.: “grès”.
Oswa: “pou pitit li yo”.
Lit.: “zantray mwen”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Se kapab tou: “mari”.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.