Al gade sa k anndan l

Èske gen “sèt peche ki lakòz lanmò”?

Èske gen “sèt peche ki lakòz lanmò”?

Repons Bib la bay

 Bib la pa di anyen byen klè sou yon lis “sèt peche ki lakòz lanmò”. Sepandan, Bib la montre yon moun k ap pratike peche ki grav pap sove. Pa egzanp, Bib la pale konsènan kèk peche grav tankou imoralite seksyèl, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, kòlè san kontwòl ak bwè pou sou kòm bagay ki fè pati “zèv lachè yo”. Annapre, li di: “Moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” — Galat 5:19-21 a.

Èske Bib la fè yon lis ‘sèt bagay Seyè a rayi anpil’?

 Wi. Men sa nou li nan Pwovèb 6:16, selon tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè): “Gen sis bagay Seyè a rayi: wi, gen sèt bagay li rayi anpil.” Sepandan, nou pa ka pran lis peche ki vin apre nan Pwovèb 6:17-19 yo nan yon sans laj. Olye de sa, vèsè sa yo pale de kèk peche fondamantal ki reprezante tout kalite move konduit san wete peche nou fè nan panse nou, pawòl nou ak aksyon nou b.

Ki sa ekspresyon “peche ki lakòz lanmò” a vle di?

 Gen kèk tradiksyon Labib ki sèvi ak ekspresyon nou jwenn nan 1 Jan 5:16 la. Pa egzanp, nan tradiksyon Labib ki rele The New American Bible la, nou li: “Gen yon bagay ki mennen nan lanmò.” Donk, pou tradui ekspresyon “peche ki lakòz lanmò” a, yo ka met “peche ki mennen nan lanmò”. Ki diferans ki genyen ant “peche ki mennen nan lanmò” ak “peche ki pa mennen nan lanmò”? — 1 Jan 5:16.

 Yon fason klè, Bib la montre se tout peche ki lakòz lanmò. Sepandan, nou kapab delivre anba peche ak lanmò grasa sakrifis ranson Jezi Kris la (Women 5:12; 6:23). Nan ka sa a, yon “peche ki mennen nan lanmò” se yon kalite peche ranson Kris la pa kouvri. Yon moun ki komèt kalite peche sa a se yon moun ki tèlman ap benyen nan peche opwen l pap janm rive chanje atitid oswa konduit. Labib fè referans ak yon peche konsa kòm yon peche Bondye “pap padone”. — Matye 12:31; Lik 12:10.

a Nou pa dwe pran lis 15 peche grav nou jwenn nan Galat 5:19-21 an kòm yon lis ki konplè paske apre Bib la fin site peche sa yo, li ajoute ekspresyon “ak lòt bagay menm jan an”. Konsa, moun k ap li vèsè sa yo dwe gen bon konprann pou l rive idantifye lòt bagay ki pa nan lis la men ki “menm jan”.

b Pwovèb 6:16 gen yon ekspresyon ebre ki atire atansyon sou dezyèm chif ki nan vèsè a lè l mete l an paralèl ak premye a. Fòm ekspresyon sa a parèt souvan nan Ekriti yo. — Jòb 5:19; Pwovèb 30:15, 18, 21.