Al gade sa k anndan l

Ki sa peche ye?

Ki sa peche ye?

Repons Bib la bay

 Peche se nenpòt aksyon, santiman, oswa panse ki kont prensip Bondye yo. Sa gen ladan l lè nou vyole lwa Bondye yo oswa lè nou fè sa Bondye kondane (1 Jan 3:4; 5:17). Bib la pale de peche moun fè tou lè yo pa fè sa ki bon oswa sa ki dwat. — Jak 4:17.

 Nan lang yo te ekri Bib la, mo lè yo tradui l yo mete peche pou li a vle di “rate sa w te vize a” oubyen rate yon objektif. Pa egzanp, gen yon gwoup sòlda nan Izrayel tan lontan an ki te tèlman fò nan tire wòch, lè yo tire wòch dèyè yon bagay yo te ka fè sa “san yo pa rate” l. Si yo ta tradui ekspresyon sa a literalman yo te ka mete “san yo pa peche” pou li (Jij 20:16). Kidonk, peche vle di rate prensip Bondye mete devan nou yo.

 Antanke kreyatè, Bondye gen dwa pou l mete prensip pou lèzòm suiv (Revelasyon 4:11). Nou chak dwe rann Bondye kont pou sa nou fè. — Women 14:12.

Èske li posib pou nou pa fè peche ditou?

 Non. Bib la di “tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye”. (Women 3:23; 1 Wa 8:46; Eklezyas 7:20; 1 Jan 1:8.) Poukisa nou di sa?

 Okòmansman, Adan ak Èv, de premye moun ki te sou tè a, te san peche. Rezon ki fè sa se paske Bondye te kreye yo pafè, e yo te fèt pòtre avè l (Jenèz 1:27). Men, yo te vin pa pafè ankò lè yo te dezobeyi Bondye (Jenèz 3:5, 6, 17-19). Lè yo vin fè timoun, yo te pase peche ak defo yo bay timoun yo (Women 5:12). Men sa David, yon wa ann Izrayèl, te di: “Mwen fèt ak peche nan mwen.” — Sòm 51:5.

Èske gen kèk peche ki pi grav pase lòt?

 Wi. Pa egzanp, Bib la di moun nan ansyen Sodòm yo te “mechan e yo te fè peche grav”, wi peche ki te “grav anpil”. (Jenèz 13:13; 18:20.) Annou konsidere twa bagay k ap ede nou konnen jis nan ki pwen yon peche se yon peche ki grav.

  1.   Gravite. Bib la avèti nou pou nou evite peche grav tankou imoralite seksyèl, idolatri, vòlè, bwasonyè, dechèpiyè, touye moun, bagay ki gen rapò ak movèzespri (1 Korentyen 6:9-11; Revelasyon 21:8). Bib la montre gen yon gwo diferans ant peche nou sot site la yo ak peche nou fè san reflechi, oubyen san entansyon, pa egzanp, mo nou di oubyen aksyon nou fè ki blese lòt moun (Pwovèb 12:18; Efezyen 4:31, 32). Sepandan, Bib la ankouraje nou pou nou pa minimize okenn peche, paske yo ka mennen nan pi gwo peche. — Matye 5:27, 28.

  2.   Mobil. Gen moun ki fè peche paske yo pa konnen sa Bondye mande (Travay 17:30; 1 Timote 1:13). Malgre nou pap chèchè eskiz pou peche moun sa yo fè, Bib la montre gen yon diferans ant peche sa yo ak peche moun fè ki montre se espre yo fè pou yo vyole lwa Bondye yo (Nonb 15:30, 31). Yon moun ki fè espre li peche se yon moun ki gen yon “kè [...] ki mechan”. — Jeremi 16:12.

  3.   Kantite fwa. Bib la montre gen yon diferans ant yon peche ki fèt yon sèl fwa ak yon peche ki fèt plizyè fwa (1 Jan 3:4-8). Moun ki “fè espre [...] [l ap] pratike peche” menm lè li konnen sa ki dwat, ap resevwa yon jijman terib nan men Bondye. — Ebre 10:26, 27.

 Moun ki fè peche grav ka santi peche yo te fè yo tankou yon gwo chay y ap pote. Pa egzanp wa David te ekri: “Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen. Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.” (Sòm 38:4). Men, Bib la ofri nou espwa sa: “Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan, e se pou moun k ap fè sa k mal la retire lide li gen nan tèt li yo. Se pou l retounen vin jwenn Jewova k ap fè l mizèrikòd, e se pou l vin jwenn Bondye nou an, paske l ap padone l nèt.” — Ezayi 55:7.