Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

B1

Mesaj ki nan Bib la

Jewova Dye gen dwa pou l dirije. Fason l dirije a se pi bon fason an. Objektif li pou tè a ak lèzòm pral reyalize.

Apre 4026 anv. e. n.

“Sèpan an” vle fè moun konprann Jewova pa gen dwa dirije nou e fason l dirije a pa bon. Jewova pwomèt l ap fè yon “desandans”, oswa “semans”, parèt k ap kraze sèpan an, anpalan de Satan (Jenèz 3:1-5, 15, nòt). Men, Jewova bay lèzòm tan pou yo dirije tèt yo anba enfliyans sèpan an.

1943 anv. e. n.

Jewova fè Abraram konnen “desandans” lan ap soti nan fanmi Abraram. — Jenèz 22:18.

Apre 1070 anv. e. n.

Jewova te bay wa David garanti “desandans” lan t ap soti nan fanmi l. Apre sa, li bay Salomon, pitit gason David la, menm garanti a. — 2 Samyèl 7:12, 16; 1 Wa 9:3-5; Ezayi 9:6, 7.

29 e. n.

Jewova fè konnen Jezi se “desandans” li te pwomèt la e li se Eritye twòn David la. — Galat 3:16; Lik 1:31-33; 3:21, 22.

33 e. n.

Pandan yon ti tan, sèpan an, anpalan de Satan, te blese “desandans” Bondye te pwomèt la, lè l te fè touye Jezi. Men, Jewova resisite Jezi pou l retounen viv nan syèl la e li aksepte sakrifis Jezi a, sa ki sèvi kòm baz pou l padone peche desandan Adan yo epi ba yo lavi ki pap janm fini an. — Jenèz 3:15; Travay 2:32-36; 1 Korentyen 15:21, 22.

Nan zòn 1914 e. n.

Jezi pimpe sèpan an, anpalan de Satan, sou tè a, e li fè l rete la pou yon tan. — Revelasyon 12:7-9, 12.

Alavni

Jezi pral met Satan nan prizon pou 1 000 an, e apre sa, l ap detwi l. Lè sa a, se kòmsi se kraze li pral kraze tèt Satan. Objektif Jewova te toujou gen pou tè a ak pou lèzòm pral reyalize, moun pap sal non Bondye ankò, e tout moun ap rekonèt se fason Bondye ap dirije a ki pi bon. — Revelasyon 20:1-3, 10; 21:3, 4.