Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk bagay nou ka aprann nan Pawòl Bondye a

FASON POU N JWENN VÈSÈ YO NAN BIB LA

Bib la gen 66 liv ak lèt ladan l. Li gen de pati: Liv ki te ekri ann ebre e ann arameyen yo (“Ansyen Testaman”) ak Liv ki te ekri an grèk yo (“Nouvo Testaman”). Chak liv nan Bib la divize an chapit ak vèsè. Lè yo fè referans ak yon pasaj nan Bib la, premye chif ki vin apre non liv la se nimewo chapit la, e lòt chif apre a, oswa apre yo, se nimewo vèsè. Pa egzanp, Jenèz 1:1 vle di Jenèz chapit 1, vèsè 1.