Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 8

Èske se Bondye ki responsab soufrans lèzòm?

“Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal!”

Jòb 34:10

“Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se Bondye k ap pase m anba eprèv.’ Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.”

Jak 1:13

“Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.”

1 Pyè 5:7

“Jewova pa dousman anrapò ak pwomès li fè, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.”

2 Pyè 3:9