Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 15

Ki jan w ka gen kè kontan?

“Pito yon moun manje yon plat fèy kote ki gen lanmou pase pou l manje yon towo bèf byen gra kote ki gen rayisman.”

Pwovèb 15:17

“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.”

Ezayi 48:17

“Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo.”

Matye 5:3

“Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.”

Matye 22:39

“Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.”

Lik 6:31

“Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!”

Lik 11:28

“Lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.”

Lik 12:15

“Se sa k fè, si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.”

1 Timote 6:8

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.”

Travay 20:35