Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 18

Ki jan w ka vin pi pwòch ak Bondye?

“O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w.”

Sòm 65:2

“Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.”

Pwovèb 3:5, 6

“Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.”

Jan 17:3

“An reyalite, [Bondye] pa lwen okenn nan nou.”

Travay 17:27

“Men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis avèk konesans egzak e avèk yon konpreyansyon total.”

Filipyen 1:9

“Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.”

Jak 1:5

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. Netwaye men nou, nou menm pechè, e pirifye kè nou, nou menm ki gen de lide.”

Jak 4:8

“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.”

1 Jan 5:3