Sòm 139​:​1-24

  • Bondye byen konnen sèvitè l yo

    • Pèsonn pa ka kache pou lespri Bondye (7)

    • “Ou fè m yon fason ki estrawòdinè” (14)

    • ‘Ou te wè m lè m te yon anbriyon’ (16)

    • “Gide m nan chemen letènite a” (24)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. Yon melodi. 139  O Jewova, ou egzamine m e w konnen m+.   Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m leve+.Ou byen konnen tout sa k ap pase nan lespri m detan w byen lwen+.   Ou suiv mwen byen* lè m ap vwayaje ak lè m kouche.Ou byen konnen tout sa m ap fè+.   Anvan yon pawòl soti nan bouch mwen,O Jewova, gade, ou gentan konnen l byen+.   Ou bare m ni devan ni dèyè,E w pwoteje m ak men w.   Konesans ou gen sou mwen an twòp pou m konprann*.Wi, li depase m, mwen pa ka rive konprann li+.   Èske gen yon kote m ka ale pou m ta kache pou lespri w?Èske gen yon kote m ka kouri ale pou w pa ta wè m+?   Si m ta monte nan syèl la, w ap la.Si m ta ranje kabann mwen nan Tonm nan*, w ap jwenn mwen la+.   Menmsi m ta pran zèl douvanjou epi m vole m alePou m al rete bò kot lanmè ki pi lwen an, 10  Ou t ap la pou w gide m,Men dwat ou t ap la pou l ede m+. 11  Si m ta di: “Bon! M pral kache nan fènwa.”Lè sa a, fènwa ki toutotou m nan t ap tounen limyè. 12  Menm fènwa pap janm twò nwa pou ou.Lannuit t ap klere tankou lajounen+.Fènwa tankou limyè pou ou+. 13  Paske, se ou menm ki fè ren m.Ou te pwoteje* m nan vant manman m+. 14  M ap fè louwanj pou ou paske ou fè m yon fason ki estrawòdinè+, yon fason ki fè m gen respè pou ou.Bagay ou fè yo estrawòdinè+.Mwen* konn sa byen. 15  Ou te wè tout zo mNan kachèt kote m te pran fòm nan,Lè w te tise m tankou yon twal nan zòn ki pi fon nan tè a+. 16  Ou te wè m ak je w lè m te nan vant*.Tout pati m yo te ekri nan liv ou a.Ou te ekri enfòmasyon anrapò ak jou yo te fèt yoDepi menm anvan youn nan yo te egziste. 17  Se sa k fè panse w yo gen anpil enpòtans pou mwen+.O Bondye, se pa ti anpil yo anpil+! 18  Si m ta eseye konte yo, yo t ap plis pase grenn sab bò lanmè+.Lè m ta leve nan maten, mwen t ap toujou ansanm avèk ou*+. 19  O Bondye, si w ta annik touye mechan yo+,Lè sa a, moun ki vyolan* yo ta kite m an repo, 20  E moun k ap pale w mal akoz yo gen move entansyon yo* ta kite m an repo tou.Yo se advèsè w e yo mal sèvi ak non w+. 21  O Jewova, èske m pa rayi moun ki rayi w yo+?Èske m pa gen degoutans pou moun ki fè rebèl avè w yo+? 22  Se pa ti rayi m rayi yo+.Yo se ènmi m toutbon. 23  Egzamine m, o Bondye, pou w ka konnen sa k nan kè m+.Egzamine m pou w ka konnen bagay k ap trakase m yo+. 24  Gade pou w wè si gen kèk bagay ki pa bon lakay mwen+,Epi gide m+ nan chemen letènite a.

Nòt anba paj

Lit.: “Ou mezire”.
Oswa: “twò estrawòdinè pou mwen”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Se kapab tou: “tise”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Lit.: “lè m te yon anbriyon”.
Se kapab tou: “mwen ta kontinye ap konte yo toujou”.
Oswa: “moun k ap fè san moun koule”.
Oswa: “akoz yo fè sa k nan lide yo”.