Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou jete pitit?

Ki sa Bib la di sou jete pitit?

Repons Bib la bay

 Bib la pa sèvi ak ekspresyon “jete pitit” la, ki vle di lè yon moun fè yon bagay pou anpeche yon tibebe kontinye devlope nan vant manman l. Men, gen anpil vèsè nan Bib la ki ede nou konprann fason Bondye konsidere lavi moun, san wete lavi yon tibebe ki poko fèt.

 Lavi se yon kado Bondye bay (Jenèz 9:6; Sòm 36:9). Bondye konsidere lavi kòm yon bagay ki gen anpil valè, san wete lavi yon bebe ki nan vant. Donk, si yon moun fè espre li touye yon bebe ki nan vant, se yon krim sa ye.

 Men sa Lwa Bondye te bay Izrayelit yo fè konnen: “Si de gason ap goumen epi youn ladan yo frape yon fi ki ansent, e fi a akouche anvan lè, men ni li menm ni pitit li pa mouri, se pou moun ki frape l la peye amann mari fi a mande a. L ap peye sa jij yo deside a. Men, si youn nan yo mouri, se pou w bay vi pou vi.” — Egzòd 21:22, 23 a.

 Ki lè lavi yon moun kòmanse?

 Nan je Bondye, lavi yon moun kòmanse depi nan moman spèm papa a rankontre ak ovil manman an. Nan Pawòl Bondye a, Labib, Bondye toujou pale de tibebe ki nan vant yo tankou se moun nòmal. Ann gade kèk egzanp ki montre Bondye pa fè diferans ant lavi yon tibebe ki nan vant ak lavi yon tibebe ki deja fèt.

  •   Lespri sen te pouse David di Bondye: “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant.” (Sòm 139:16). Bondye te konsidere David kòm yon moun menm anvan l te fèt.

  •   Mete sou sa, Bondye te konnen li t apral bay Jeremi, pwofèt li a, yon travay espesyal depi anvan Jeremi fèt. Men sa Bondye te di l: “Mwen te konnen w depi anvan m te fè w nan vant manman w, e mwen te chwazi w pou yon travay espesyal depi anvan w te fèt. Mwen te chwazi w pou w vin yon pwofèt pou nasyon yo.” — Jeremi 1:5.

  •   Lik, yon doktè ki te patisipe nan ekri Bib la, te sèvi ak menm mo grèk yo sèvi pou yon tibebe ki nan vant pou l pale de yon tibebe ki fèk fèt. — Lik 1:41; 2:12, 16.

 Èske Bondye ap padone yon moun ki te jete pitit?

 Bondye ka padone moun ki te jete pitit. Si kounye a yo vin gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi, yo pa bezwen santi yo koupab depase limit. “Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon […]. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou. b” (Sòm 103:8-12). Jewova ap padone tout moun ki repanti toutbon pou peche yo te fè, san wete jete pitit. — Sòm 86:5.

 Èske li mal pou yon moun jete pitit si lavi manman an oswa lavi pitit la an danje?

 Sa Bib la di konsènan lavi yon timoun ki nan vant, fè nou konprann Ii pa kòrèk pou yon moun jete pitit senpleman si gwosès la ka bay manman an oswa pitit la pwoblèm sante.

 Men, gen kèk ka, ki pa rive souvan kote nan moman akouchman an ka gen yon sitiyasyon ijan ki fè yo oblije chwazi ant lavi manman an ak lavi pitit la. Ki sa yo ta dwe fè nan yon ka konsa? Nan yon sitiyasyon konsa, moun ki konsène yo dwe pran yon desizyon pèsonèl pou yo chwazi lavi kiyès pou yo eseye sove.

a Gen kèk tradiksyon ki fè konprann, nan lwa sa a Bondye te bay Izrayelit yo, se lavi manman an ki te pi enpòtan, se pa t lavi bebe ki nan vant li an. Men, si nou gade tèks sa a ann ebre, n ap wè y ap pale de yon aksidan kote swa manman an swa pitit ki nan vant li an mouri.

b Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa. — Sòm 83:18.