Al gade sa k anndan l

Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?

Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?

Repons Bib la bay

 Zanj yo se yon seri kreyati ki gen plis fòs ak plis kapasite pase lèzòm (2 Pyè 2:11). Y ap viv nan syèl la oswa monn envizib la, ki se yon nivo egzistans ki pi wo pase linivè fizik la (1 Wa 8:27; Jan 6:38). Pou rezon sa a, yo pale de yo antanke espri tou. — 1 Wa 22:21; Sòm 18:10.

Ki kote zanj yo soti?

 Bondye te sèvi ak Jezi, moun Bib la di “ki fèt an premye nan tout kreyasyon an”, pou l kreye zanj yo. Pou Bib la dekri fason Bondye te sèvi ak Jezi nan kad kreyasyon an, li di “Bondye te sèvi [ak Jezi] pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib”, zanj yo ladan l tou (Kolosyen 1:13-17). Zanj yo pa ka ni marye ni fè pitit (Mak 12:25). Olye de sa, se kreye Bondye te kreye chak nan “pitit vrè Dye” sa yo. — Jòb 1:6

 Bondye te kreye zanj yo sa gen anpil anpil ane, anvan tè a te egziste. Lè Bondye te kreye tè a, zanj yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”. — Jòb 38:4-7.

Konbyen zanj ki genyen?

 Bib la pa bay yon chif egzak, men, li montre kantite a anpil. Pa egzanp, Bondye te bay apot Jan yon vizyon kote l te wè plizyè santèn milyon zanj. — Revelasyon 5:11, nòt.

Èske zanj yo gen non ak pèsonalite ki diferan?

 Wi. Bib la bay non de zanj: Mikayèl ak Gabriyèl a (Dànyèl 12:1; Lik 1:26). Gen lòt zanj ki te admèt yo gen yon non, men, yo pa t bay non sa a. — Jenèz 32:29; Jij 13:17, 18.

 Zanj yo gen pèsonalite ki diferan. Yo ka kominike youn ak lòt (1 Korentyen 13:1). Yo gen kapasite pou yo reflechi epi yo ka konpoze kèk ekspresyon pou fè louwanj pou Bondye (Lik 2:13, 14). Anplis de sa, yo lib pou yo chwazi ant sa ki bon ak sa ki mal jan sa parèt lè kèk nan yo te peche lè yo t al met ak Satan Ledyab nan rebelyon l te fè kont Bondy a. — Matye 25:41; 2 Pyè 2:4.

Èske gen diferan pozisyon pami zanj yo?

 Wi. Zanj ki gen plis pisans ak plis otorite a se Mikayèl, akanj lan (Jid 9; Revelasyon 12:7). Serafen yo se yon seri zanj ki nan yon gwo pozisyon e ki kanpe toupre twòn Jewova a (Ezayi 6:2, 6). Cheriben yo se yon lòt kategori gwoup zanj ki gen kèk responsablite espesyal. Pa egzanp, gen cheriben ki t ap siveye antre jaden Edenn nan apre Bondye te fin met Adan ak Èv deyò nan jaden an. — Jenèz 3:23, 24.

Èske zanj yo konn ede moun?

 Wi, Bondye ap sèvi ak zanj fidèl li yo pou l ede moun jodi a.

  •   Bondye sèvi ak zanj yo pou l bay sèvitè l yo direksyon nan travay predikasyon bon nouvèl wayòm li an (Revelasyon 14:6, 7). Direksyon sa a li bay la pèmèt ni moun k ap preche bon nouvèl la ni moun ki tande mesaj la jwenn byenfè. — Travay 8:26, 27.

  •   Zanj yo bay èd pou elimine tout tras mechanste ki te ka kontamine kongregasyon kretyen an. — Matye 13:49.

  •   Zanj yo ap dirije e y ap pwoteje sèvitè fidèl Bondye yo. — Sòm 34:7; 91:10, 11; Ebre 1:7, 14.

  •   Talè konsa, zanj yo pral met ansanm ak Jezi Kris pou elimine mechanste yon fason pou limanite jwenn soulajman. — 2 Tesalonisyen 1:6-8.

Èske chak moun gen yon zanj k ap pwoteje l?

 Byenke se vre zanj yo ap veye sou byennèt espirityèl sèvitè Bondye yo, sa pa vle di Bondye bay chak moun yon zanj pou pwoteje l b (Matye 18:10). Zanj yo pa t pwoteje sèvitè Bondye yo kont tout eprèv oswa tantasyon yo te rankontre. Bib la fè konnen, byen souvan, Bondye konn “ouvri yon chemen” lè l bay chak moun sajès ak fòs pou l andire yon eprèv. — 1 Korentyen 10:12, 13; Jak 1:2-5.

Sa kèk moun panse konsènan zanj yo

 Sa yo panse: Tout zanj yo bon.

 Sa ki verite: Bib la pale konsènan “espri mechan yo” ak “zanj ki te peche yo”. (Efezyen 6:12; 2 Pyè 2:4.) Zanj mechan yo se demon ki te met ansanm ak Satan nan rebelyon l te fè kont Bondye a.

 Sa yo panse: Zanj yo imòtèl.

 Sa ki verite: Tout zanj mechan yo, san wete Satan Ledyab, gen pou yo detwi. — Jid 6.

 Sa yo panse: Gen moun ki tounen zanj apre yo fin mouri.

 Sa ki verite: Zanj yo se kreyati Bondye fè apa, se pa moun ki resisite (Kolosyen 1:16). Moun Bonye resisite pou lavi nan syèl la resevwa lavi imòtèl kòm kado nan men Bondye (1 Korentyen 15:53, 54). Yo pral nan pi gwo pozisyon pase zanj yo. — 1 Korentyen 6:3.

 Sa yo panse: Bondye kreye zanj yo pou sèvi lèzòm.

 Sa ki verite: Zanj yo ap obeyi lòd Bondye ba yo, se pa lòd pa nou (Sòm 103:20, 21). Menm Jezi te rekonèt se Bondye l dwe rele pou l jwenn èd, li pa t adrese zanj yo dirèkteman. — Matye 26:53.

 Sa yo panse: Nou ka priye zanj yo pou yo vin ede nou.

 Sa ki verite: Lapriyè fè pati adorasyon n ap bay Jewova Dye a (Revelasyon 19:10). Se sèl Bondye nou dwe priye pa mwayen Jezi. — Jan 14:6.

a Gen kèk tradiksyon Labib ki sèvi ak tèm “Lisifè” a nan Ezayi 14:12, yon tèm kèk moun panse ki se non zanj ki te vin tounen Satan Ledyab la. Sepandan, nan lang ebre a, mo orijinal la vle di “sa k ap klere”. Kontèks la montre tèm sa a pa fè referans ak Satan, men l fè referans ak dinasti Babilòn nan, yon dinasti Bondye t ap imilye akòz ògèy li (Ezayi 14:4, 13-20). Yo te sèvi ak tèm “sa k ap klere” a pou pase dinasti Babilòn nan nan rizib apre detriksyon l.

b Gen kèk moun ki panse istwa Bib la rakonte kote Pyè te libere nan prizon an se yon prèv ki montre Pyè te gen yon zanj k ap pwoteje l pèsonèlman (Travay 12:6-16). Sepandan, lè disip yo te fè referans ak “zanj [Pyè a]”, petèt, pa erè, yo te panse se yon zanj ki reprezante Pyè ki te vin kote yo olye de Pyè li menm.