Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jan 3:16 — “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan”

Jan 3:16 — “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan”

 “Paske, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pedi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.” — Jan 3:16, Bib la.

Sa Jan 3:16 vle di

 Bondye renmen nou e li vle nou viv pou toutan. Se sa k fè l te voye Jezi Kris, Pitit Gason l lan, sou tè a. Lè Jezi te sou tè a, li te reyalize anpil bagay. Toudabò, li te aprann disip li yo anpil bagay sou Sila a ki Bondye l e ki Papa l la (1 Pyè 1:3). Epitou, Jezi te bay lavi l pou lèzòm. Pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an, nou dwe gen lafwa nan Jezi.

 Lefètke Bib la di Bondye “bay sèl Pitit Gason li fè a” pou monn nan, sa ede n konprann kokenn lanmou li genyen pou nou a. Jezi se Pitit Bondye yon fason espesyal. Nan ki sans? Jezi se sèl moun Bondye te kreye dirèkteman (Kolosyen 1:17). “Se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an.” ​(Kolosyen 1:15). Bondye te sèvi ak Jezi pou l kreye tout lòt bagay, san wete lòt zanj yo. Aktout sa, Jewova b Dye te dakò voye Pitit Gason li renmen anpil la “pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. ​(Matye 20:28.) Jezi te soufri e l te mouri pou l libere nou anba peche ak lanmò nou eritye nan Adan, premye gason an. — Women 5:8, 12.

 Pou yon moun gen lafwa nan Jezi, sa mande plis pase annik kwè nan li oswa aksepte li te mouri pou nou. Nou dwe demontre nou gen lafwa nan Jezi lè n obeyi l e nou imite egzanp li (Matye 7:24-27; 1 Pyè 2:21). Men sa Bib la di: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi.” — Jan 3:36.

Kontèks Jan 3:16

 Jezi te di pawòl sa yo lè l t ap pale ak youn nan chèf relijye Juif yo ki te rele Nikodèm (Jan 3:1, 2). Nan konvèsasyon sa a, Jezi te bay kèk detay sou Wayòm Bondye a c ak kesyon “fèt yon lòt fwa ankò” a (Jan 3:3). Epitou, Jezi te anonse fason li t ap gen pou l mouri. “Yo dwe leve Pitit lòm nan anlè [pann li sou yon poto], yon fason pou tout moun ki kwè nan li ka gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:14, 15). Apre sa, Jezi te met aksan sou kokenn lanmou Bondye gen pou lèzòm ki fè l ban nou opòtinite sa a pou n gen lavi ki pap janm fini an. Pou fini, Jezi te esplike pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an, nou dwe demontre lafwa e nou dwe fè sa k ap fè Bondye plezi. — Jan 3:17-21.

a Mo grèk lè yo tradui l yo met “sèl Pitit li fè a” pou li a se monoyenès e mo sa a ka vle di tou “yon sèl la, [...] yon sèl ki konsa oswa san parèy”. — A Greek-English Lexicon of the New Testament and Other Early Christian Literature, p. 658.

b Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

c Wayòm Bondye a, yo rele l “Wayòm syèl la” tou, se yon gouvènman ki nan syèl la (Matye 10:7; Revelasyon 11:15). Bondye mete Kris dirije antanke Wa nan Wayòm nan. Wayòm Bondye a pral reyalize objektif Bondye gen pou tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Ki sa Wayòm Bondye a ye?