Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Sòm 23:4 — “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la”

Sòm 23:4 — “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la”

 “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la, mwen pa pè anyen paske w avè m. Baton w lan fè m santi m an sekirite.” — Sòm 23:4, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Menm si m’ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p’ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m’ pa kase.” — Sòm 23:4, Bib la.

Sa Sòm 23:4 vle di a

 Bondye pwoteje e li pran swen moun k ap sèvi l yo menm lè yo andire anba sitiyasyon difisil. Vèsè sa a konpare fason Jewova pran swen sèvitè l yo ak fason yon bèje pran swen mouton l yo. b Menmsi yo fè fas ak lanmò oswa ak sitiyasyon ki difisil anpil kòmsi yo te nan yon vale fènwa pwès jan vèsè a di sa, yo pa santi yo poukont yo. Yo santi yo an sekirite kòmsi Bondye te la avèk yo.

 Nan tan biblik yo, yon bèje te konn itilize baton l lan pou l pwoteje mouton yo kont bèt sovaj ki te ka atake yo. Li te konn sèvi ak baton l lan tou pou l gide mouton yo e pou l rale yo lè gen danje grasa yon kwòk baton an genyen. Menm jan an tou, Jewova Dye tankou yon Bèje ki gen lanmou, li pwoteje e l gide sèvitè l yo. Menm nan moman ki pi difisil yo, Jewova sèvi ak divès mwayen pou l pran swen yo.

  •   Li bay enstriksyon ak konsolasyon pa mwayen Bib la. — Women 15:4.

  •   Li koute priyè sèvitè l yo e li pèmèt lespri yo anpè. — Filipyen 4:6, 7.

  •   Li sèvi ak kretyen parèy yo pou ankouraje yo. — Ebre 10:24, 25.

  •   Li ba yo asirans yon bèl esperans alavni kote li pral elimine tout soufrans. — Sòm 37:29; Revelasyon 21:3-5.

Kontèks Sòm 23:4

 Se David, ki te yon bèje lè l te jèn, ki te ekri Sòm 23 a e pi devan li te vin wa nasyon Izrayèl tan lontan an (1 Samyèl 17:34, 35; 2 Samyèl 7:8). Premye vèsè yo ki nan Sòm nan dekri Jewova kòm yon Bèje ki gide sèvitè l yo, li ba yo manje, e li ba yo fòs menm jan yon bèje fè sa pou mouton l yo toutbon. — Sòm 23:1-3.

 Nan Sòm 23:4, lè David t ap pale sou fason Bondye pwoteje l, li te kòmanse pale de Bondye nan dezyèm pèsòn (ou) olye de twazyèm pèsòn (li). Ti chanjman sa a montre n jan David te gen yon relasyon sere sere ak Jewova. David te konnen Bondye te gen sousi pou li e Bondye te okouran pwoblèm li yo. Se sa k fè, David pa t pè.

 Nan de vèsè ki vin annapre yo, vèsè 5 ak vèsè 6, konparezon an chanje. Olye David pale de yon bèje ak mouton l yo, li pale de yon mèt kay ak envite l yo. Menm jan ak yon mèt kay ki renmen bay, Jewova trete David tankou yon envite ki gen anpil valè. Menm ènmi David yo pa t ka anpeche Bondye pran swen l. Nan fen sòm nan, David eksprime konfyans li genyen Bondye t ap toujou demontre bonte pou li e Bondye t ap renmen l pandan tout lavi l.

 Konparezon nou jwenn nan Sòm 23 a dekri lanmou ak sousi Bondye kontinye demontre pou sèvitè l yo. — 1 Pyè 2:25.

a Gen tradiksyon Labib ki rele sòm sa a Sòm 22. Byenke an total gen 150 Sòm, gen kèk tradiksyon Labib ki ba yo nimewo selon tèks ebre Masorèt la. Men, gen lòt tradiksyon ki ba yo nimewo selon tradiksyon grèk ki rele Septant lan, yon tradiksyon tèks ebre a yo te fini nan dezyèm syèk anvan epòk nou an.

b Souvan, Bib la konpare Bondye, ki rele Jewova, ak yon Bèje ki gen anpil afeksyon. Sèvitè l yo, ki tankou mouton, depann de li pou yo jwenn èd ak pwoteksyon. — Sòm 100:3; Ezayi 40:10, 11; Jeremi 31:10; Ezekyèl 34:11-16.