Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

Pa janm kite paradi espirityèl nou ladan l lan

Pa janm kite paradi espirityèl nou ladan l lan

“Se pou nou rejwi e se pou kè nou kontan pou toutan pou sa m ap kreye yo.”EZA. 65:18.

PWEN KLE

Aprann fason nou ka jwenn byenfè nan paradi espirityèl la ak fason nou ka atire lòt moun vin ladan l.

1. Ki sa paradi espirityèl la ye, e ki detèminasyon nou bezwen pran?

 JODI A, gen yon paradi senbolik sou tè a ki chaje ak moun e ki gen yon pakèt aktivite k ap fèt ladan l. Paradi sa a gen plizyè milyon moun ki gen vrè lapè a k ap viv ladan l. Moun ki deja nan paradi sa a pran detèminasyon pou yo pa janm kite l. Epitou, yo vle pou pi plis moun posib vin jwenn yo nan anviwònman sa a ki san parèy. Ki sa anviwònman sa a ye? Se paradi espirityèl a la!

2. Ki sa k fè paradi espirityèl la estrawòdinè?

2 Se yon bagay estrawòdinè lefètke Jewova kreye yon anviwònman kote ki gen lapè nan mitan yon monn Satan fè vin tounen yon kote ki chaje lahèn, mechanste ak danje (1 Jan 5:19; Rev. 12:12). Bondye nou an ki gen lanmou wè tout dega sistèm sa a fè sou moun e li ban nou sekirite nou bezwen pou n ka kontinye sèvi l ak kè kontan. Pawòl li a fè konnen paradi espirityèl la tankou yon kote “pou moun jwenn refij” e l tankou “yon jaden ki byen wouze”. (Eza. 4:6; 58:11.) Lefètke Jewova beni moun ki abite nan paradi sa a, yo rive gen kè kontan ak sekirite nan dènye jou sa yo ki difisil. — Eza. 54:14; 2 Tim. 3:1.

3. Ki jan pwofesi ki nan Ezayi chapit 65 lan te reyalize nan tan lontan?

3 Jewova te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l fè konnen ki jan lavi a t ap ye pou moun ki t ap gen pou viv nan paradi espirityèl la. Ou kapab jwenn enfòmasyon sa a nan Ezayi chapit 65 ki te gen yon premye akonplisman nan ane 537 anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, Juif ki te repanti yo te sot ann egzil nan Babilòn e yo te retounen nan peyi yo. Jewova te beni pèp li a e li te ede yo pou yo fè vil Jerizalèm ki te kraze vin bèl ankò e pou yo rekonstwi tanp lan, prensipal kote yo te konn adore Jewova nan peyi Izrayèl. — Eza. 51:11; Zak. 8:3.

4. Ki akonplisman Ezayi chapit 65 gen nan epòk nou an?

4 Pwofesi Ezayi a gen yon dezyèm akonplisman ki kòmanse nan ane 1919 epòk nou an lè moun ki t ap adore Jewova nan epòk nou an te sot nan esklavaj nan Gran Babilòn nan. Apre sa, paradi espirityèl la te kòmanse gaye sou tout tè a. Te vin gen anpil kongregasyon ki te gen pwoklamatè Wayòm nan ki chofe nan travay la e ki te demontre yon seri bèl kalite antanke kretyen. Anpil gason ak fi ki te vyolan anvan sa e ki te konn aji tankou bèt te “abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye”. (Efe. 4:24.) Natirèlman, anpil nan benediksyon Ezayi te anonse yo pral reyalize toutbon nan monn nouvo ki gen pou vini an. Sepandan, menm kounye a nou jwenn anpil benediksyon. Ann wè ki byenfè nou jwenn nan paradi espirityèl sa a, e poukisa nou pa ta dwe janm kite l.

FASON MOUN KI NAN PARADI ESPIRITYÈL LA YE

5. Selon pwomès nou jwenn nan Ezayi 65:​13, ki byenfè nou jwenn nan paradi espirityèl la?

5 Yo byen manje nan domèn espirityèl e yo byen fre. Pwofesi Ezayi a montre gen yon gwo diferans ant fason lavi a ye pou moun ki anndan paradi espirityèl la ak moun ki pa ladan l yo. (Li Ezayi 65:13.) Jewova bay moun k ap adore l yo tout sa yo bezwen pou yo rete pwòch avè l. Nou gen lespri sen ak Pawòl li fè ekri a ansanm ak anpil piblikasyon ki baze sou Bib la. Konsa, nou kapab ‘manje, bwè, epi gen kè kontan’. (Konpare ak Revelasyon 22:17.) Se pa menm bagay ditou pou moun ki pa nan paradi espirityèl la. ‘Yo ret grangou, yo ret swaf, e yo wont.’ Yo pa gen okenn relasyon ak Bondye. — Amòs 8:11.

6. Ki sa Jowèl 2:​21-24 di Jewova ban nou, e ki jan nou kapab pwofite yo?

6 Nan pwofesi Jowèl te ekri a, li te sèvi ak yon seri bagay moun te bezwen, tankou manje angren, diven, luil doliv, pou l montre Jewova bay pèp Li a tout sa yo bezwen pou yo kontinye gen yon lafwa solid, sa gen ladan l enstriksyon ki soti nan Pawòl li a (Jow. 2:​21-24). Pa egzanp, li ban nou Bib la ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, sit Entènèt nou an, san wete reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Nou kapab pwofite dispozisyon sa yo chak jou, e konsa, n ap santi nou byen manje nan domèn espirityèl e n ap pi fre.

7. Ki sa k fè “kè [nou] bon”? (Ezayi 65:14).

7 Yo kontan e yo satisfè. Pèp Bondye a kapab “rele tèlman [yo] kontan” paske yo gen Jewova anpil rekonesans. (Li Ezayi 65:14.) Verite ankourajan ak pwomès ki konsole nou nou jwenn nan Pawòl Bondye a, san wete bonjan esperans nou genyen ki baze sou sakrifis ranson Kris la, fè “kè [nou] bon”. Lè n ap pale sou bagay sa yo ansanm ak frè n ak sè n yo, sa fè nou vrèman kontan! — Sòm 34:8; 133:​1-3.

8. Bay de bagay enpòtan nou jwenn nan paradi espirityèl la.

8 Lanmou ak tèt ansanm ki gen pami pèp Jewova a se de aspè enpòtan ki gen nan paradi espirityèl la. “Chenn [sa a] ki ini moun” nan ede n imajine fason lavi a pral ye nan monn nouvo a kote sèvitè Jewova yo pral gen plis lanmou ak tèt ansanm pase jodi a (Kol. 3:14). Men sa yon sè fè konnen li te remake anrapò ak pèp Jewova a premye fwa li te rankontre yo: “Mwen pa t konn ki jan pou m gen kè kontan, menm nan fanmi m. Premye fwa m te wè moun ap demontre lanmou youn pou lòt se te lè m te pran kontak ak Temwen Jewova yo.” Nenpòt moun ki vle gen kè kontan toutbon e ki vle jwenn satisfaksyon bezwen vin nan paradi espirityèl nou ladan l lan. Kèlkeswa sa monn nan panse de sèvitè Jewova yo, yo gen yon bèl non oswa yon bèl repitasyon nan fanmi Jewova. — Eza. 65:15.

9. Ki sa Ezayi 65:​16, 17 pwomèt anrapò ak bagay ki lakòz n ap soufri yo?

9 Yo santi yo alèz e kè yo poze. Ezayi 65:14 di moun ki chwazi ret deyò paradi espirityèl la ap “kriye akoz tristès [yo] gen nan kè [yo] e [y] ap plenn paske [yo] nan lapenn”. Sepandan, ki sa nou ka di konsènan tout bagay ki lakòz pèp Bondye a ap soufri? Rive yon lè, “yo pral bliye” bagay sa yo e Bondye “pap wè bagay sa yo ankò”. (Li Ezayi 65:​16, 17.) Jewova ap retire pwoblèm nou yo e rive yon lè nou pap menm sonje jan pwoblèm sa yo te fè n soufri.

10. Poukisa w santi se yon benediksyon pou w ansanm ak frè w ak sè w yo? (Gade foto a tou.)

10 Menm kounye a nou santi nou soulaje lè nou nan reyinyon kote nou santi nou alèz e nou bliye pwoblèm ki gen nan monn mechan sa a. Nou ede frè n ak sè n yo pou yo santi yo kalm lè nou demontre lanmou, lajwa, lapè, byenveyans, ak dousè, yon seri kalite ki fè pati fwi lespri Bondye a (Gal. 5:​22, 23). Se pa ti benediksyon nou jwenn lefètke nou fè pati òganizasyon Bondye a! Moun ki rete nan paradi espirityèl la pral wè pwomès Bondye fè pou gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” la reyalize nèt.

Se yon benediksyon pou nou fè pati fanmi Bondye nan paradi espirityèl la. (Gade paragraf 10.) c


11. Selon Ezayi 65:​18, 19, ki jan n ta dwe santi n nan paradi espirityèl Jewova kreye a?

11 Yo gen rekonesans e yo motive. Epitou, Ezayi esplike poukisa nou gen bonjan rezon “pou nou rejwi e [...] pou kè nou kontan” nan paradi espirityèl la. Se Jewova ki kreye paradi espirityèl la. (Li Ezayi 65:​18, 19.) Nou pa sezi lefètke Jewova sèvi avè n pou ede moun yo soti nan òganizasyon ki nan monn sa a ki pa anseye laverite sou Bondye e pou nou ede yo vin fè pati bèl paradi espirityèl nou ladan l lan! Se pa ti kontan nou kontan pou benediksyon nou jwenn paske nou nan laverite, e sa fè nou anvi fè lòt moun konn sa. — Jer. 31:12.

12. Ki jan pwomès nou jwenn nan Ezayi 65:​20-24 yo fè w santi w, e poukisa?

12 Nou gen rekonesans tou pou esperans nou genyen antanke moun k ap viv nan paradi espirityèl la, e sa fè nou kontan anpil. Jis reflechi ak tout sa nou pral wè e ak tout sa nou pral fè nan monn nouvo Bondye a! Men sa Bib la pwomèt: “Pap janm gen yon timoun piti [...] ki viv yon ti tan sèlman, e pap gen yon granmoun ki pap fin viv tout tan l.” N ap “bati kay e [n] ap abite ladan yo. [N] ap plante jaden rezen e [n] ap manje fwi yo bay”. Nou “pap kraze kò [nou] travay pou granmesi”, paske “Jewova [ap] beni” nou. Li pwomèt nou yon vi ki bay satisfaksyon, ki gen sans toutbon. L ap konnen sa chak moun bezwen “menm anvan yo rele”. E l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Eza. 65:​20-24; Sòm 145:16.

13. Ki jan Ezayi 65:25 esplike chanjman moun fè nan lavi yo lè yo kòmanse sèvi Jewova?

13 Yo santi yo anpè e yo an sekirite. Grasa lespri Bondye anpil moun ki te konn aji tankou bèt te fè gwo chanjman nan lavi yo. (Li Ezayi 65:25.) Yo te fè anpil efò pou yo retire defo yo te gen lakay yo (Wom. 12:2; Efe. 4:​22-24). Piske antanke pèp Bondye nou toujou enpafè, n ap kontinye fè erè. Sepandan, Jewova rasanble “tout kalite moun” ki renmen l e ki renmen youn lòt pou yo viv nan tèt ansanm ak nan lapè toutbon (Tit 2:11). Se sèl Bondye toupisan an ki kapab fè mirak sa a!

14. Ki jan Ezayi 65:25 te reyalize nan ka yon frè?

14 Èske yon moun ka vrèman chanje pèsonalite l? Reflechi sou eksperyans ki vin annapre a. Gen yon jèn gason ki te imoral anpil e ki te vyolan ki t al nan prizon plizyè fwa anvan l te gen 20 an. Yo te mete l nan prizon poutèt li te konn vòlè machin, kase kay moun e l te konn fè lòt bagay grav ankò. Li te toujou sou goumen. Lè l te fèk tande verite ki nan Bib la e li te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo, li te gen konviksyon li jwenn yon bagay ki bay lavi l yon sans anpalan de paradi espirityèl la. Apre l te fin batize antanke Temwen Jewova, byen souvan li te konn panse ak fason Ezayi 65:25 aplike nan ka pa l. Li te chanje fason l te ye ki te vyolan tankou lyon pou l vin dou tankou mouton.

15. Poukisa nou vle envite lòt moun vin jwenn nou nan paradi espirityèl la, e ki jan nou kapab fè sa?

15 Ezayi 65:13 kòmanse ak pawòl ki di: “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.” Vèsè 25 lan fini ak pawòl ki di: “Se sa Jewova di.” Pawòl Li toujou reyalize (Eza. 55:​10, 11). Paradi espirityèl la deja egziste. Jewova kreye yon fanmi frè ak sè ki vrèman san parèy. Pami pèp Jewova a, nou kapab plizoumwen anpè e nou kapab santi n an sekirite nan yon monn ki vyolan (Sòm 72:7). Pou rezon sa yo, nou vle ede plis moun posib pou yo vin jwenn nou nan fanmi nou fòme antanke kretyen an. Nou kapab fè sa lè nou konsantre sou travay fè disip la. — Mat. 28:​19, 20.

KI JAN N KA ATIRE LÒT MOUN VIN NAN PARADI ESPIRITYÈL LA?

16. Ki sa k kapab atire moun yo vin nan paradi espirityèl la?

16 Nou chak gen yon wòl enpòtan pou n jwe pou lòt moun ka anvi vin nan paradi espirityèl la. Nou kapab fè sa si nou imite Jewova. Jewova pa fòse moun vin nan òganizasyon l lan. Okontrè, li “rale” moun yo vin jwenn li avèk dousè (Jan 6:44; Jer. 31:3). Moun ki gen bon kè ki aprann bèl kalite Jewova genyen yo ak bèl pèsonalite li genyen an vin jwenn li san fòse. Ki jan bèl kalite ak bon konduit nou genyen kapab ede n atire moun vin nan paradi espirityèl la?

17. Ki jan n ka atire lòt moun vin nan paradi espirityèl la?

17 Youn nan fason nou kapab atire lòt moun vin nan paradi espirityèl la se lè nou aji ak frè n ak sè n yo avèk lanmou e avèk byenveyans. Lè gen moun ki fèk vin asiste reyinyon nan kongregasyon an, nou ta renmen yo di menm pawòl ak moun ki pa kwayan petèt ki te vin asiste reyinyon nan kongregasyon Korent nan premye syèk la. Men sa yo te di: “Bondye vrèman pami nou.” (1 Kor. 14:​24, 25; Zak. 8:23). Donk, nou dwe kontinye suiv konsèy ki di: “Se pou nou anpè youn ak lòt.” — 1 Tes. 5:13.

18. Ki sa k ka atire moun vin nan òganizasyon nou an?

18 Nou dwe toujou chèche wè frè n ak sè n yo jan Jewova wè yo. Nou fè sa lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen e nou pa konsantre sou enpèfeksyon yo ki gen pou disparèt. N ap rive rezoud kèlkeswa pwoblèm nou genyen youn ak lòt avèk lanmou lè nou toujou “aji byen youn ak lòt, [lè] nou gen kè sansib ak tandrès, [lè nou] padone [youn] lòt ak tout kè” nou (Efe. 4:32). Konsa, paradi espirityèl la ap atire moun ki ta renmen yo aji menm jan an avèk yo. b

RETE NAN PARADI ESPIRITYÈL LA

19. a) Jan sa parèt nan kare ki gen tit “ Yo te ale e yo te tounen” an, ki sa kèk moun di apre yo fin retounen nan paradi espirityèl la? b) Ki detèminasyon nou ta dwe pran? (Gade foto a tou.)

19 Se pa ti apresye nou apresye paradi espirityèl nou ladan l lan! Li pa t janm pi bèl pase jan l ye kounye a, e pa t janm gen kantite moun sa yo k ap fè louwanj pou Jewova ladan l. Nou vle toujou gen rekonesans pou paradi sa a Jewova kreye pou nou an. Nenpòt moun ki ta renmen jwenn ankourajman, ki ta renmen gen kè kontan, ki ta renmen santi l kalm e an sekirite dwe vin nan paradi espirityèl la e l pa dwe janm kite l. Men, fè atansyon paske Satan ap eseye fè tout sa l kapab pou l pran nou nan pyèj pou n ka sot ladan l (1 Pyè 5:8; Rev. 12:9). Nou pa dwe kite sa rive. Annou fè gwo efò pou nou pwoteje bèl paradi espirityèl la ki pwòp e ki gen lapè ladan l.

Moun ki rete nan paradi espirityèl la pral benefisye paradi ki pral gen sou tè a tou. (Gade paragraf 19.)


KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa paradi espirityèl la ye?

  • Ki benediksyon nou jwenn nan paradi espirityèl la?

  • Ki jan nou kapab atire lòt moun vin ladan l?

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Ekspresyon “paradi espirityèl” la gen rapò ak adorasyon n ap bay Jewova a. Nan paradi espirityèl sa a nou gen bon relasyon ak Jewova e nou viv anpè youn ak lòt.

b Gade videyo ki gen tit Ki kote yo ye kounye a? Alena Žitníková: Rèv mwen reyalize ki sou jw.org pou w ka wè benediksyon yon sè te resevwa lefètke l nan paradi espirityèl la.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan anpil moun ap pale youn ak lòt pandan yo vin nan reyinyon, gen yon frè ki mete kò l apa.