Al gade sa k anndan l

Ki jan w ka gen yon relasyon sere ak Bondye?

Ki jan w ka gen yon relasyon sere ak Bondye?

Repons Bib la bay

 Ou ka gen yon relasyon sere ak Bondye lè w aprann konnen l e lè w chèche fè sa ki fè l plezi. Lè sa a, Bondye “ap pwoche bò kote [w]” ​(Jak 4:8). Bib la ban nou asirans “li pa lwen okenn nan nou”. — Travay 17:27.

 Sa n dwe fè pou n rive konnen Bondye

 Li Labib

  •  Men sa Bib la di: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” — 2 Timote 3:16.

  •  Sa vle di: Se pawòl Bondye ki nan Bib la. Bondye te mete panse l yo nan lespri moun li te itilize pou ekri Bib la. Grasa liv sa a ki san parèy, Bondye fè n konnen sa l vle pou nou. Epitou, li fè n konnen kèk aspè nan pèsonalite l, sa ki gen ladan l lanmou, jistis ak mizèrikòd li genyen. — Egzòd 34:6; Detewonòm 32:4.

  •  Sa w ka fè: Li Bib la chak jou (Jozye 1:8). Reflechi sou sa w li yo, mande tèt ou: ‘Ki sa sa aprann mwen sou Bondye antanke yon Moun reyèl?’ — Sòm 77:12.

     Pa egzanp, li Jeremi 29:11, epi mande tèt ou: ‘Ki sa Bondye vle pou mwen, lapè oswa malè? Èske l se yon Bondye ki renmen tire revanj oswa èske l vle yon bèl avni pou mwen?’

 Pran tan pou w gade kreyasyon an

  •  Men sa Bib la di: “Kalite [Bondye] yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo.” — Women 1:20.

  •  Sa vle di: Bagay Bondye kreye yo ede n wè kèk aspè nan pèsonalite l, menm jan yon tablo ka ede n wè anpil bagay sou atis la oswa yon aparèy ka ede n wè anpil aspè nan pèsonalite moun ki te fè l la. Pa egzanp, fason estrawòdinè sèvo lòm fèt la ak kapasite li genyen ede n wè sajès Bondye. Epitou, fason enèji solèy la ak lòt zetwal yo sou kontwòl ede n wè pisans Bondye. — Sòm 104:24; Ezayi 40:26.

  •  Sa w ka fè: Pran tan pou w gade e pou w aprann kèk bagay sou kreyasyon an. Toutpandan w ap fè sa, mande tèt ou: ‘Ki sa tout bèl bagay sa yo ki nan kreyasyon an aprann mwen sou Bondye?’ a Se vre, gen anpil bagay sou Bondye nou pa ka aprann sèlman nan gade kreyasyon an. Se sa k fè li ban nou Bib la.

 Sèvi ak non Bondye

  •  Men sa Bib la di: “M ap pwoteje l paske li konnen non m. L ap rele m e m ap reponn li.” — Sòm 91:14, 15.

  •  Sa vle di: Bondye, ki rele Jewova, bay moun ki konnen non l e ki sèvi ak non l avèk respè yon atansyon espesyal (Sòm 83:18; Malachi 3:16). b Lefètke Bondye fè n konnen non l sa fè n wè li vle nou konnen kiyès li ye. Men sa l di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” — Ezayi 42:8.

  •  Sa w ka fè: Sèvi ak non Jewova lè w ap pale de li.

 Pale ak Jewova pa mwayen lapriyè

  •  Men sa Bib la di: “Jewova toupre tout moun ki rele l.” — Sòm 145:18.

  •  Sa vle di: Jewova pwoche bò kote moun ki priye l avèk lafwa. Lapriyè se youn nan aspè nan adorasyon nou bay Bondye ki montre gwo respè nou genyen pou li.

  •  Sa w ka fè: Priye Bondye souvan (1 Tesalonisyen 5:17). Fè l konnen enkyetid ou yo e fè l konnen jan w santi w. — Sòm 62:8. c

 Chèche gen plis lafwa nan Bondye

  •  Men sa Bib la di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” — Ebre 11:6.

  •  Sa vle di: Pou n rive pwoche bò kote Bondye, nou dwe gen lafwa nan li. Selon Bib la, yon moun ki gen lafwa nan Bondye pa annik kwè Bondye egziste. Men, li fè Bondye konfyans nan tout bagay san wete pwomès li yo ak prensip li yo. Pou n rive gen yon bon relasyon avèk yon moun, nou dwe fè l konfyans.

  •  Sa w ka fè: Nou bezwen konesans pou n gen bonjan lafwa (Women 10:17). Donk, etidye Bib la pou w jwenn bonjan prèv ou ka nonsèlman fè Bondye konfyans, men ou ka fè konsèy li yo konfyans tou. Temwen Jewova yo ap kontan etidye Bib la avè w. d

 Chèche fè sa k fè Jewova plezi

  •  Men sa Bib la di: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo.” — 1 Jan 5:3.

  •  Sa vle di: Jewova pwòch ak moun ki montre yo renmen l lè yo fè tout sa yo kapab pou yo obeyi kòmandman l yo.

  •  Sa w ka fè: Pandan w ap li Bib la, chèche wè sa Bondye renmen ak sa li pa renmen. Mande tèt ou: ‘Ki chanjman m ka fè nan lavi m pou m fè Kreyatè m nan plezi?’ — 1 Tesalonisyen 4:1.

 Lè w obeyi Bondye, w ap wè jan l gen sousi pou ou

  •  Men sa Bib la di: “Fè eksperyans [ak Bondye] e n a wè jan li bon.” — Sòm 34:8, The Bible in Basic English.

  •  Sa vle di: Bondye envite w fè pwòp eksperyans ou avè l pou w wè jan l bon. Lè w wè jan Bondye renmen w e jan l gen sousi pou ou, w ap vle vin pi pwòch avè l.

  •  Sa w ka fè: Toutpandan w ap li Bib la e w ap aplike konsèy li yo nan lavi w, w ap wè sa pote anpil byenfè (Ezayi 48:17, 18). Epitou, analize egzanp lòt moun ki te rive venk pwoblèm yo grasa èd Bondye. Konsa, yo te amelyore lavi yo ak lavi fanmi yo e yo te vin jwenn vrè kè kontan an. e

 Move konsepsyon moun genyen sou sa sa vle di konnen Bondye

 Sa moun yo panse: Bondye twò pisan e li twò enpòtan pou l ta vle pwoche bò kote nou.

 Sa ki verite: Menm lè se Bondye ki gen plis pisans e se li ki gen plis enpòtans pase nenpòt Moun ki janm egziste, li envite nou pou nou pwoche bò kote l. Nan Bib la, gen plizyè egzanp gason ak fi ki te vin bon zanmi Bondye. — Travay 13:22; Jak 2:23.

 Sa moun yo panse: Nou pa ka rive konnen Bondye paske Bondye se yon mistè.

 Sa ki verite: Gen kèk bagay konsènan Bondye ki difisil pou n rive konprann, pa egzanp lefètke Bondye se yon espri ki envizib. Aktout sa, nou ka rive konn Bondye. Anfèt, Bib la di pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an, nou dwe aprann konnen l (Jan 17:3). Yon fason nou ka konprann, Bib la fè n konnen pèsonalite Bondye ak prensip li yo. Bib la fè n konnen tou objektif Bondye pou lèzòm ak objektif li pou tè a (Ezayi 45:18, 19; 1 Timote 2:4). Epitou, jan nou te deja wè sa, Bib la fè n konnen non Bondye (Sòm 83:18). Konsa, nonsèlman nou ka aprann konnen Bondye, men tou nou ka pwoche bò kote l. — Jak 4:8.

a Pou w wè kèk egzanp nan lanati ki ede n wè sajès Bondye, gade ribrik ki gen tit “Ki kote mèvèy sa a soti?

b Anpil moun konnen non Bondye ki se Jewova, vle di: “Li fè vin tounen.” Lefètke Bondye fè n konnen non l, anfèt li di nou: ‘M ap fè volonte m ak objektif mwen yo reyalize. Mwen toujou fè sa m di a.’

d Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade videyo ki gen tit Ki jan yo fè yon etid biblik?

e Gade ribrik ki gen tit “Labib chanje lavi moun”.