Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Women 12:12 — “Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon. Pèsevere nan lapriyè.”

Women 12:12 — “Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon. Pèsevere nan lapriyè.”

 “Rejwi nan esperans lan. Andire anba tribilasyon. Pèsevere nan lapriyè.” — Women 12:12, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pandan n’ap tann lan, fè kè n’ kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.” — Women 12:12, Bib la.

Sa Women 12:12 vle di

 Nan vèsè sa a, apot Pòl te ankouraje kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo pou yo fè twa bagay ki t ap ede yo rete fidèl malgre pèsekisyon ak lòt pwoblèm yo t ap gen pou yo rankontre.

 “Rejwi nan esperans lan.” Kretyen yo gen yon bèl esperans pou yo viv pou toutan. Gen nan yo, se nan syèl la yo pral viv, men pifò kretyen gen pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi (Sòm 37:29; Jan 3:16; Revelasyon 14:1-4; 21:3, 4). Esperans sa a gen ladan l posiblite pou yo la lè Wayòm Bondye a rezoud tout pwoblèm ki fè lèzòm ap soufri (Dànyèl 2:44; Matye 6:10)  a. Sèvitè Bondye yo kapab rejwi menm lè y ap fè fas ak tribilasyon, paske yo gen asirans esperans yo a ap reyalize kanmenm e yo konnen lè yo andire, y ap jwenn apwobasyon Bondye. — Matye 5:11, 12; Women 5:3-5.

 “Andire anba tribilasyon.” Souvan nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “andire” pou li a vle di, “ rete olye w kouri ale, pèsevere oswa rete fèm.” Disip Kris yo “pa fè pati monn nan”, b donk, yo atann y ap jwenn pèsekisyon e se pou rezon sa a yo bezwen gen andirans (Jan 15:18-20; 2 Timote 3:12). Lè yon kretyen rete fèm nan sèvis l ap bay Bondye a, menm lè l oblije andire eprèv, sa ede l gen plis lafwa Bondye ap rekonpanse l (Matye 24:13). E se gwo lafwa sa a k ap ede l andire anba pwoblèm yo avèk pasyans toutpandan l kenbe lajwa l. — Kolosyen 1:11.

 “Pèsevere nan lapriyè.” Pou kretyen yo kapab rete fidèl, yo jwenn anpil ankourajman pou yo kontinye priye (Lik 11:9; 18:1). Yo toujou ap chèche direksyon nan men Bondye e yo depann de li nan tout sa y ap fè nan lavi yo (Kolosyen 4:2; 1 Tesalonisyen 5:17). Yo gen asirans Bondye ap reponn priyè yo paske yo obeyi kòmandman l yo e yo fè tout sa yo kapab pou yo fè l plezi (1 Jan 3:22; 5:14). Epitou, yo konnen si yo pèsevere nan lapriyè, Bondye ap ba yo fòs y ap bezwen pou yo rete fidèl kèlkeswa eprèv yo jwenn. — Filipyen 4:13.

Kontèks Women 12:12

 Se ozanviwon ane 56 e.n. Pòl te ekri lèt sa a pou kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo. Nan chapit 12 lèt sa a, li bay konsèy ki itil sou fason pou n demontre yon seri bèl kalite antanke kretyen. Pòl te bay konsèy tou sou fason pou n boule ak kwayan parèy nou yo ak lòt moun e ak fason pou n chèche fè lapè menm lè yo pèsekite nou (Women 12:9-21). Konsèy sa yo te vini nan bon moman pou kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo paske nan yon ti tan yo t apral jwenn gwo opozisyon.

 Kèk ane apre, nan ane 64 e.n., yon gwo dife te ravaje vil Wòm. Nouvèl te gaye se Anperè Newon ki te responsab dife a. Tasit, yon istoryen women, te fè konnen se paske Newon t ap chèche pwoteje tèt li ki fè l te lage chay la sou do kretyen yo. Se pou rezon sa a ki fè yo te kòmanse pèsekite kretyen yo. Konsèy apot Pòl te bay kretyen yo sou fason pou yo andire pèsekisyon an te ede yo rete fèm devan difikilte sa yo epi kenbe diyite yo (1 Tesalonisyen 5:15; 1 Pyè 3:9). Yo se yon bon egzanp pou tout moun k ap adore Bondye jodi a.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Women an.

a Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la Bondye mete sou pye pou l reyalize volonte l sou tè a. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Ki sa Wayòm Bondye a ye?

b Nan Bib la, mo “monn” nan ka vle di moun ki pa konnen Bondye.