1 Tesalonisyen 3​:​1-13

  • Pòl ap tann nan Atèn ak kè sere (1-5)

  • Rapò Timote a konsole Pòl (6-10)

  • Pòl priye pou frè Tesalonik yo (11-13)

3  Se poutèt sa, lè nou pa t ka sipòte sa ankò, nou te wè li pi bon pou nou rete Atèn poukont nou+,  e nou te voye Timote+, frè nou an, yon sèvitè Bondye* k ap preche bon nouvèl sou Kris la, pou l ka fè nou vin djanm* e pou l ka konsole nou pou lafwa nou vin pi anfòm,  dekwa pou tribilasyon sa yo pa brannen* pèsonn. Paske, nou konnen nou pa ka evite bagay sa yo*+.  Lè nou te avèk nou, nou te konn di nou davans nou t ap gen pou nou sibi tribilasyon, e se sa k rive, jan nou konn sa+.  Se poutèt sa, lè m pa t ka sipòte sa ankò, mwen te voye pran nouvèl sou fidelite nou+, paske, ou pa janm konnen, Tantatè a+ ta ka tante nou yon fason oswa yon lòt, e travay nou te fè yo te ka pou granmesi.  Men, Timote fèk rive kounye a sot lakay nou+, e li ban nou bon nouvèl konsènan fidelite nou ak lanmou nou. Li fè nou konnen kè nou toujou kontan lè nou sonje nou e nou anvi wè nou anpil, menm jan nou menm tou nou anvi wè nou.  Se poutèt sa, frè nou yo, nan tout soufrans* nou ak nan tout tribilasyon nou, nou jwenn konsolasyon grasa nou e grasa fidelite nou demontre+.  Paske, n ap repran fòs* si nou kenbe fèm nan Seyè a.  Anfèt, nou pa konn ki jan pou n di Bondye mèsi pou nou menm pou gwo kè kontan nou fè n genyen devan Bondye nou an! 10  Nou sipliye Bondye ak tout kè nou, lajounen kou lannuit, pou nou ka wè nou an pèsòn* e pou nou ka ajoute sa k manke nan lafwa nou+. 11  Kounye a, nou swete pou Bondye nou an ki Papa nou, ansanm ak Jezi, Seyè nou an, ouvri yon chemen pou nou pou n ka vin jwenn nou. 12  Mete sou sa, nou swete pou Seyè a fè lanmou nou ogmante, wi, pou l fè nou vin gen anpil lanmou youn pou lòt+ e pou nou gen lanmou pou tout moun, menm jan nou menm nou gen lanmou pou nou an. 13  Nou swete pou l fòtifye kè nou, pou l fè nou san repwòch e pou l fè nou vin sen devan Bondye nou an+ ki Papa nou, pandan prezans Jezi, Seyè nou an+, avèk tout sen li yo.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “yon konpayon travay Bondye”.
Oswa: “pou l ka fòtifye nou”.
Lit.: “balanse”.
Oswa: “nou konnen yo chwazi nou pou sa”.
Lit.: “tout nesesite”.
Lit.: “n ap vivan”.
Lit.: “pou nou ka wè figi nou”.