Egzòd 1​:​1-22

  • Izrayelit yo vin anpil ann Ejip  (1-7)

  • Farawon fè Izrayelit yo travay di (8-14)

  • Fanmsaj ki gen lakrentif pou Bondye yo sove lavi (15-22)

1  Lè Jakòb, oswa Izrayèl, t al ann Ejip, pitit gason l yo te ale avèk li ansanm ak fanmi yo. Men non pitit gason l yo+:  Ribenn, Simeyon, Levi, Jida+,  Isaka, Zabilon, Benjamen,  Dann, Neftali, Gad ak Achè+.  Antou, Jakòb te gen 70 desandan* lè sa a. Jozèf te deja ann Ejip+.  Annapre, Jozèf te vin mouri+, e frè l yo ansanm ak tout moun ki te fè pati jenerasyon sa a te vin mouri tou.  Izrayelit yo* te fè anpil pitit e yo te kòmanse vin anpil. Yo te kontinye fè pitit, e yo te kontinye vin gen plis pisans. Sa te fèt byen rapid. E yo te gaye nan tout peyi a+.  Rive yon lè, te vin gen yon lòt wa nan peyi Ejip, wa sa a pa t konn Jozèf.  Li te di pèp li a: “Tande non, pèp Izrayèl la plis pase nou e yo gen plis fòs pase nou+. 10  Annou fè yon kou entèlijan sou yo. Si nou pa fè sa, y ap kontinye vin pi plis, e si lagè ta pete, y ap met ansanm ak ènmi nou yo pou yo goumen kont nou, epi y ap kite peyi a.” 11  Konsa, yo mete moun sou tèt Izrayelit yo pou fè yo travay di+. Izrayelit yo te bati Piton ak Ramsès+ pou Farawon, de vil kote li te ka fè depo. 12  Men, plis yo t ap toupizi Izrayelit yo, se plis Izrayelit+ yo te fè pitit e se plis yo te gaye nan peyi a. Se sa k fè Ejipsyen yo te vin pè anpil. 13  Konsa, yo te fè Izrayelit yo tounen esklav+ e yo te fè yo travay di. 14  Yo te fè lavi yo difisil anpil piske yo te fè yo travay di nan fè mòtye ak ajil, nan fè brik, ak tout kalite kòve nan savann yo. Vrèmanvre, yo te fè yo fè tout kalite kòve+ nan kondisyon ki te difisil anpil. 15  Annapre, wa Ejip la pale ak de fanmsaj ebre ki te rele Chifra ak Pouwa. 16  Li di yo: “Lè n ap ede medam ebre yo akouche+, lè nou wè yo sou choukèt, si nou wè timoun nan se yon tigason, touye l, men si se yon tifi, kite l viv.” 17  Men, fanmsaj yo te gen lakrentif pou vrè Dye a, yo pa t fè sa wa Ejip la te mande yo fè a. Olye de sa, yo te kite tigason yo viv+. 18  Rive yon lè, wa Ejip la rele fanmsaj yo, li di yo: “Poukisa nou kite tigason yo viv?” 19  Fanmsaj yo di Farawon: “Medam ebre yo pa tankou medam ejipsyen yo. Yo menm yo djanm, e yo gentan akouche depi anvan fanmsaj la rive.” 20  Bondye te beni fanmsaj yo. Pèp la te kontinye vin pi plis e li te kontinye vin gen plis pisans. 21  Kòm fanmsaj yo te gen lakrentif pou vrè Dye a, li te pèmèt yo vin gen pitit. 22  Finalman, Farawon bay pèp li a lòd, li di yo: “Se pou nou lage tout tigason ebre ki fèk fèt yo nan Rivyè Nil la, men se pou nou kite tout tifi yo viv+.”

Nòt anba paj

Oswa: “Tout nanm ki te soti nan ren Jakòb se te 70 nanm”.
Lit.: “Pitit gason Izrayèl yo”.