Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Ezayi

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Yon papa ki gen pitit ki rebèl (1-9)

    • Jewova rayi moun adore l pou lafòm (10-17)

    • “Annou ranje bagay yo” (18-20)

    • Siyon ap retounen vin yon vil ki fidèl ankò (21-31)

  • 2

    • Mòn kay Jewova a wo (1-5)

      • Epe yo tounen zouti pou raboure latè (4)

    • Jou Jewova a ap imilye moun ki gen ògèy yo (6-22)

  • 3

    • Moun k ap dirije nan Jida yo twonpe pèp la (1-15)

    • Yo jije medam Siyon k ap taye banda yo (16-26)

  • 4

    • Sèt medam pou yon sèl gason (1)

    • Plant Jewova fè pouse yo ap bèl anpil (2-6)

  • 5

    • Yon chante konsènan jaden rezen Jewova a (1-7)

    • Malè pou jaden rezen Jewova a (8-24)

    • Bondye fache anpil kont pèp li a (25-30)

  • 6

    • Vizyon kote Jewova nan tanp li (1-4)

      • ‘Jewova sen, li sen, li sen’ (3)

    • Yo pirifye bouch Ezayi (5-7)

    • Ezayi resevwa yon misyon (8-10)

      • “Men mwen! Voye m!” (8)

    • “Konbyen tan sa ap dire, o Jewova?” (11-13)

  • 7

    • Mesaj pou wa Ahaz (1-9)

      • Cheyajachoub (3)

    • Yon siy ki konsène Emànyèl (10-17)

    • Konsekans sa genyen lè moun pa fidèl (18-25)

  • 8

    • Wa Asiri a pral atake (1-8)

      • Mayèchalalachbaz (1-4)

    • Nou pa bezwen pè, “Bondye avèk nou!” (9-17)

    • Ezayi ak pitit li yo se yon siy (18)

    • Fouye nan lwa a, pa al pale ak demon (19-22)

  • 9

    • Yon gwo limyè pou zòn Galile (1-7)

      • “Prens lapè” a fèt (6, 7)

    • Men Bondye kont Izrayèl (8-21)

  • 10

    • Men Bondye kont Izrayèl (1-4)

    • Asiri, baton kòlè Bondye a (5-11)

    • Pinisyon Asiri ap jwenn (12-19)

    • Yon ti rès nan desandan Jakòb yo retounen (20-27)

    • Bondye pral jije Asiri (28-34)

  • 11

    • Dominasyon ti branch ki soti nan Jese a ap jis (1-10)

      • Lou ap rete bò kot ti mouton (6)

      • Tè a pral plen konesans sou Jewova (9)

    • Yon ti rès pami pèp la retounen (11-16)

  • 12

    • Yon chante pou di Bondye mèsi (1-6)

      • “Ja, Jewova, se fòs mwen” (2)

  • 13

    • Mesaj kont Babilòn (1-22)

      • Jou Jewova a toupre rive! (6)

      • Moun peyi Medi yo pral kraze Babilòn (17)

      • Babilòn pap janm gen moun ki abite ladan l ankò (20)

  • 14

    • Izrayèl pral abite nan peyi l (1, 2)

    • Pawòl pou pase wa Babilòn nan nan rizib (3-23)

      • Zetwal k ap klere a ap tonbe sot nan syèl la (12)

    • Men Jewova ap kraze moun peyi Asiri a (24-27)

    • Mesaj kont moun peyi Filisti yo (28-32)

  • 15

    • Mesaj kont Mowab (1-9)

  • 16

    • Rès mesaj kont Mowab la (1-14)

  • 17

    • Mesaj kont Damas (1-11)

    • Jewova pral blame nasyon yo (12-14)

  • 18

    • Mesaj kont peyi Etyopi (1-7)

  • 19

    • Mesaj kont Ejip (1-15)

    • Ejipsyen yo ap vin konnen Jewova (16-25)

      • Yon lotèl pou Jewova nan peyi Ejip (19)

  • 20

    • Siy kont Ejip ak Etyopi (1-6)

  • 21

    • Mesaj kont dezè ki nan lanmè a (1-10)

      • Mwen ret fè pòs kote yo fè pòs la (8)

      • “Babilòn tonbe!” (9)

    • Mesaj kont Douma ak plèn ki nan dezè a (11-17)

      • “Veyè, ki jan nuit lan ye?” (11)

  • 22

    • Mesaj yo bay pou Vale Vizyon an (1-14)

    • Elyakim ap vin administratè nan plas Chebna (15-25)

      • Yon klou senbolik (23-25)

  • 23

    • Mesaj pou vil Ti (1-18)

  • 24

    • Jewova ap fè peyi a vin vid (1-23)

      • Jewova Wa nan Siyon (23)

  • 25

    • Pèp Bondye a ap jwenn anpil benediksyon (1-12)

      • Yon resepsyon Jewova fè ki gen bon diven (6)

      • Lanmò pap la ankò (8)

  • 26

    • Yon chante sou konfyans ak delivrans (1-21)

      • Ja, Jewova, Mas Wòch ki la pou toutan an (4)

      • Moun ki abite sou tè a ap aprann sa ki dwat (9)

      • “Moun pa nou ki mouri yo ap vin vivan” (19)

      • Antre nan chanm nou, epi kache (20)

  • 27

    • Jewova touye Levyatan (1)

    • Yon chante ki pale de Izrayèl tankou se yon jaden rezen (2-13)

  • 28

    • Malè pou bwasonyè Efrayim yo! (1-6)

    • Prèt Jida yo ak pwofèt li yo ap balanse de bò (7-13)

    • “Yon alyans ak Lanmò” (14-22)

      • Wòch ki gen anpil valè ki nan Siyon an (16)

      • Bagay etranj Jewova ap fè a (21)

    • Fason Jewova bay disiplin avèk sajès (23-29)

  • 29

    • Malè pou Ariyèl! (1-16)

      • Bondye kondane moun k ap sèvi l nan bouch (13)

    • Moun soud pral tande, moun ki avèg pral wè (17-24)

  • 30

    • Èd Ejip pa itil anyen ditou (1-7)

    • Pèp la rejte mesaj pwofèt yo bay (8-14)

    • Montre nou gen konfyans e n ap vin gen fòs (15-17)

    • Jewova fè pèp li favè (18-26)

      • Jewova, Gran Pwofesè a (20)

      • “Men chemen an” (21)

    • Jewova pral pini Asiri (27-33)

  • 31

    • Se Bondye ki ka ede moun toutbonvre, se pa lòm (1-9)

      • Cheval Ejip yo se chè yo ye (3)

  • 32

    • Yon wa ak prens ki pral dirije pou sa ki jis fèt toutbon (1-8)

    • Avètisman pou medam kè pòpòz yo (9-14)

    • Benediksyon lè Bondye vide lespri l sou moun (15-20)

  • 33

    • Jijman ak espwa pou moun ki dwat yo (1-24)

      • Jewova se Jij, li se Sila a ki bay lwa pou moun suiv e li se Wa (22)

      • Pa gen yon moun k ap di: “Mwen malad” (24)

  • 34

    • Jewova ap fè vanjans sou nasyon yo (1-8)

    • Moun pap abite Edòm (9-17)

  • 35

    • Paradi a ap retounen tabli ankò (1-7)

      • Moun ki avèg ap vin wè; moun ki soud pral tande (5)

    • Wout Sakre pou moun Bondye rachte yo (8-10)

  • 36

    • Senakerib vin atake Jida (1-3)

    • Rabchake a di move bagay sou Jewova (4-22)

  • 37

    • Ezekyas chèche èd Jewova pa mwayen Ezayi (1-7)

    • Senakerib menase Jerizalèm (8-13)

    • Priyè Ezekyas la (14-20)

    • Ezayi di ki sa Bondye reponn (21-35)

    • Yon zanj touye 185 000 sòlda ki moun Asiri (36-38)

  • 38

    • Ezekyas malad epi li refè (1-22)

      • Yon chante pou di Bondye mèsi (10-20)

  • 39

    • Mesaje ki sot Babilòn (1-8)

  • 40

    • Konsolasyon pou pèp Bondye a (1-11)

      • Yon vwa nan dezè a (3-5)

    • Bondye gran anpil (12-31)

      • Nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit (15)

      • Bondye abite anlè “boul tè a” (22)

      • Tout zetwal yo gen non yo (26)

      • Bondye pa janm fatige (28)

      • Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs (29-31)

  • 41

    • Moun k ap pot laviktwa ki sot nan direksyon solèy leve a (1-7)

    • Bondye chwazi Izrayèl kòm sèvitè l (8-20)

      • “Abraram, zanmi m nan” (8)

    • Bondye bay lòt dye yo defi (21-29)

  • 42

    • Sèvitè Bondye a ak misyon li genyen an (1-9)

      • ‘Jewova se non pa m’ (8)

    • Yon nouvo chante pou louwe Jewova (10-17)

    • Izrayèl avèg e li soud (18-25)

  • 43

    • Jewova rasanble pèp li a (1-7)

    • Bondye ap fè yon pwosè ak dye yo (8-13)

      • “Nou se temwen m” (10, 12)

    • Liberasyon anba men Babilòn (14-21)

    • “Annou vin jije youn ak lòt” (22-28)

  • 44

    • Benediksyon pou pèp Bondye chwazi a (1-5)

    • Pa gen lòt Bondye apa Jewova (6-8)

    • Zidòl moun fè ak men yo se bagay moun sòt (9-20)

    • Jewova, Sovè Izrayèl la (21-23)

    • Siris ap fè pèp la tounen lakay li (24-28)

  • 45

    • Bondye chwazi Siris pou l pran Babilòn (1-8)

    • Ajil la pa dwe fè kont ak Moun k ap fè veso ann ajil avè l la (9-13)

    • Lòt nasyon rekonèt Izrayèl (14-17)

    • Bondye merite pou moun fè l konfyans akoz sa l kreye ak sa l fè konnen (18-25)

      • Tè a te fèt pou moun rete sou li (18)

  • 46

    • Zidòl moun Babilòn yo parapò ak Bondye Izrayèl la (1-13)

      • Jewova anonse sa k pral rive (10)

      • Yon èg ki sot nan direksyon solèy leve (11)

  • 47

    • Babilòn tonbe (1-15)

      • Yo denonse astwològ yo (13-15)

  • 48

    • Bondye blame Izrayèl epi li pirifye l (1-11)

    • Jewova pral aji kont Babilòn (12-16a)

    • Ansèyman Bondye bay la pote byenfè (16b-19)

    • “Sot nan Babilòn!” (20-22)

  • 49

    • Responsablite sèvitè Jewova a (1-12)

      • Yon limyè pou nasyon yo (6)

    • Konsolasyon pou Izrayèl (13-26)

  • 50

    • Peche pèp Izrayèl yo bay pwoblèm (1-3)

    • Sèvitè Jewova a renmen obeyi (4-11)

      • Li konn ki jan pou l di pawòl ki kòrèk (4)

  • 51

    • Siyon repare e li vin tankou jaden Edenn (1-8)

    • Sila a ki pisan e ki fè Siyon an ap bay konsolasyon (9-16)

    • Gode kòlè Jewova a (17-23)

  • 52

    • Leve! O Siyon! (1-12)

      • Pye moun k ap pot bon nouvèl la bèl (7)

      • Moun k ap veye Siyon yo rele ansanm (8)

      • Moun k ap pote veso Jewova yo dwe pwòp (11)

    • Y ap leve sèvitè Jewova a byen wo ((13-15)

      • Li fin defigire (14)

  • 53

    • Soufrans, lanmò ak antèman sèvitè Jewova a (1-12)

      • Moun te meprize l e yo te demake l (3)

      • Li pote maladi nou ak doulè nou (4)

      • “Yo te mennen l labatwa tankou yon mouton” (7)

      • Li pot peche anpil moun (12)

  • 54

    • Siyon ki pa t ka fè pitit pral gen anpil pitit (1-17)

      • Jewova, mari Siyon (5)

      • Jewova ap anseye pitit Siyon yo (13)

      • Zam yo fè kont Siyon yo pap itil anyen (17)

  • 55

    • Envitasyon pou moun vin manje bwè gratis (1-5)

    • Chèche Jewova, chèche pawòl li ki merite pou moun fè yo konfyans (6-13)

      • Wout Bondye yo pi wo pase wout lèzòm (8, 9)

      • Pawòl Bondye ap reyalize san mank (10, 11)

  • 56

    • Benediksyon pou etranje yo ak moun ki chatre yo (1-8)

      • Yon kote tout moun al priye (7)

    • Moun k ap veye yo avèg, chen ki pa ka fè bri (9-12)

  • 57

    • Moun ki fè sa ki dwat la ak moun ki fidèl yo mouri (1, 2)

    • Bondye denonse pèp Izrayèl la ki pa fidèl ak li (3-13)

    • Konsolasyon pou moun ki piti yo (14-21)

      • Mechan yo tankou lanmè ki move ki pa ka kalme (20)

      • Pa gen lapè pou mechan yo (21)

  • 58

    • Bon fason moun fè jèn ak move fason yo fè l (1-12)

    • Pran plezi obsève jou saba a (13, 14)

  • 59

    • Peche Izrayèl yo separe l ak Bondye (1-8)

    • Konfese peche (9-15a)

    • Jewova defann moun ki repanti a (15b-21)

  • 60

    • Glwa Jewova klere Siyon (1-22)

      • Tankou pijon k ap vole al nan kalòj yo (8)

      • Lò nan plas kuiv (17)

      • Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 (22)

  • 61

    • Bondye chwazi l pou l anonse bon nouvèl la (1-11)

      • “Ane Jewova ap fè moun favè a” (2)

      • “Gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat” (3)

      • Etranje yo ap vin ede (5)

      • “Prèt Jewova” (6)

  • 62

    • Nouvo non Siyon an (1-12)

  • 63

    • Jewova ap fè vanjans sou nasyon yo (1-6)

    • Aksyon Jewova te fè nan tan lontan ki montre li gen lanmou ki fidèl (7-14)

    • Priyè ki montre yo repanti (15-19)

  • 64

    • Rès priyè ki montre yo repanti a (1-12)

      • Jewova, “Atizan an” (8)

  • 65

    • Jijman Jewova kont moun k ap adore zidòl yo (1-16)

      • Dye Chans lan ak dye Desten an (11)

      • “Sèvitè m yo ap manje” (13)

    • Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf (17-25)

      • Bati kay; plante jaden rezen (21)

      • Pèsonn pap kraze kò yo travay pou granmesi (23)

  • 66

    • Vrè adorasyon an ak fo adorasyon an (1-6)

    • Siyon, yon manman ki ansanm ak pitit li (7-17)

    • Moun rasanble Jerizalèm pou yo adore (18-24)