Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w transfòme tèt ou?

Èske w transfòme tèt ou?

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” — WOM. 12:2.

1, 2. Ki jan edikasyon nou te resevwa ak anviwònman n ap viv la gen efè sou nou?

EDIKASYON nou resevwa ak anviwònman nou grandi ladan l lan gen yon gwo enfliyans sou nou. Chak moun gen yon fason yo abiye, chak moun nou gen yon kalite manje yo renmen, e chak moun gen yon fason yo konpòte yo. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske moun ki nan antouraj nou ak sikonstans lavi a gen enfliyans sou nou.

2 Sepandan, gen kèk bagay ki pi enpòtan lontan pase chwa n ap fè anrapò ak manje ak stil rad n ap mete. Pa egzanp, tank n ap grandi, gen kèk bagay n ap konsidere kòm bagay ki bon e ki akseptab, e gen lòt n ap konsidere kòm bagay ki pa bon e ki pa akseptab. Gen anpil nan bagay sa yo, se chak moun ki gen pwòp opinyon pa yo sou yo. Chwa nou fè yo kapab menm montre nan ki eta konsyans nou ye. Bib la fè n konnen, byen souvan, “moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa fè sa ki nan lalwa tou natirèlman”. (Wom. 2:14.) Men, èske sa vle di depi Bondye pa bay yon lwa byen klè, nou ka annik aji selon fason yo te leve n oswa selon prensip moun kote n ap viv la ap suiv yo?

3. Bay de rezon ki fè kretyen yo pa annik suiv fason tout moun aji ak prensip tout moun ap suiv.

3 Gen omwen de rezon enpòtan ki fè kretyen yo pa dwe aji konsa. Premyèman, se paske Bib la di: “Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.” (Pwo. 16:25). Etandone nou enpafè, nou pa gen tout kapasite nou dwe genyen pou n detèmine ki sa ki vrèman bon pou nou e ki kapab ede nou byen dirije pa nou (Pwo. 28:26; Jer. 10:23). Dezyèmman, Bib la fè n konnen se Satan, “dye sistèm sa a”, ki gen kontwòl prensip ki nan monn nan e k ap pouse moun yo aji jan y ap aji a (2 Kor. 4:4; 1 Jan 5:19). Se sa k fè, si nou vle jwenn apwobasyon ak benediksyon Jewova, nou dwe koute konsèy nou jwenn nan Women 12:2 a. — Li vèsè a.

4. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Nan Women 12:2, nou jwenn yon pakèt pwen  enpòtan nou dwe bay anpil atansyon tankou: 1) Poukisa nou dwe “transfòme tèt nou”? 2) Ki sa transfòmasyon sa a gen ladan l? Epi 3) Ki jan nou ka transfòme tèt nou? Ann egzamine kesyon sa yo.

POUKISA NOU DWE TRANFÒME TÈT NOU?

5. Pou ki moun an patikilye Pòl te ekri pawòl nou jwenn nan Women 12:2 yo?

5 Apot Pòl pa t ekri pawòl nou jwenn nan lèt li te voye bay Women yo pou moun ki pa kwayan oswa pou tout moun nèt, men, li te ekri yo pou kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl menm jan avè l yo (Wom. 1:7). Li te ankouraje yo pou yo transfòme tèt yo e pou yo “sispann konfòme [yo] ak sistèm sa a”. Pou kretyen ki t ap viv nan vil Wòm nan epòk sa a, ozanviwon ane 56 epòk nou an, “sistèm” nan te fè referans ak prensip, koutim, stil ak konpòtman moun ki t ap viv nan anpi women an te genyen yo. Lefètke Pòl te itilize mo “sispann” nan, sa montre sistèm nan te gentan enfliyanse kèk nan kretyen yo. Ki enfliyans sistèm nan te genyen sou frè ak sè nou yo nan epòk sa a?

6, 7. Ki jan fason moun nan vil Wòm yo t ap viv la ak relijyon ki te gen nan vil sa a te reprezante yon defi pou kretyen ki t ap viv nan epòk Pòl la?

6 Jodi a, se toutan touris k ap vizite Wòm yo ap kontanple dekonm tanp yo, tonm yo, moniman yo, arèn yo, teyat yo, elatriye. Gen kèk nan yo ki la depi premye syèk la. Dekonm sa yo ban nou yon apèsi sou fason moun ki t ap viv nan vil Wòm nan premye syèk la te konn viv ak fason yo te konn adore. Nou ka li anpil bagay nan liv istwa yo tou konsènan konba gladyatè yo, kous charyo, pyès teyat ak mizik yo te konn fè sou anpil sijè. Anpil nan bagay sa yo pa t bon menm. Wòm te yon vil kote yo te konn fè anpil komès tou. Donk, moun yo te gen opòtinite pou yo vin gen anpil bagay nan domèn materyèl. — Wom. 6:21; 1 Pyè 4:3, 4.

7 Byenke Wòm te chaje ak tanp ansanm ak yon dividal dye, Women yo pa t gen repitasyon moun ki te gen bon relasyon ak dye yo te konn adore yo. Pou Women yo, depi yo di relijyon, yo wè yon seri seremoni, tankou seremoni pou nesans, maryaj ak antèman, e bagay sa yo te fè pati lavi yo t ap mennen chak jou. Ou kapab imajine kòman tout bagay sa yo te reprezante yon defi pou kretyen ki t ap viv Wòm yo. Anpil nan yo te grandi nan anviwònman sa a, se sa k fè yo te dwe transfòme tèt yo yon fason pou yo te ka vin vrè kretyen, e transfòmasyon sa a pa t ap fin fèt nan jou yo te batize a.

8. Jodi a, ki jan monn nan reprezante yon menas pou kretyen yo?

8 Menm jan ak anpi women an, jodi a, monn nan reprezante yon menas pou kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye yo. Sa k fè sa? Se paske lespri monn nan parèt sou plizyè fòm. (Li Efezyen 2:2, 3; 1 Jan 2:16.) Etandone se chak jou nou ekspoze ak dezi monn nan, fason monn nan panse, bagay li bay valè ak prensip moral li yo, sa fè nou toujou an danje nan monn nan. Kidonk, nou gen anpil rezon pou n koute konsèy nou jwenn nan Bib la pou n “sispann konfòme  nou ak sistèm sa a” e pou nou “transfòme tèt nou”. Ki sa nou dwe fè?

KI SA N BEZWEN TRANFÒME A?

9. Ki chanjman anpil moun fè anvan yo kalifye pou yo batize?

9 Yon moun kòmanse fè pwogrè nan domèn espirityèl lè l etidye verite ki nan Bib la epi l aplike verite sa yo. Li fè chanjman nan lavi l ann amoni ak sa l aprann yo yon fason pou pwogrè l yo ka parèt aklè. Li voye tout pratik fo relijyon yo jete ansanm ak tout move bagay li te konn fè anvan yo, epi l chèche vin gen pèsonalite kretyen an (Efe. 4:22-24). Nou kontan wè plizyè santèn milye moun k ap fè pwogrè sa yo chak ane e ki vin kalifye pou yo batize yon fason pou yo montre yo vwe lavi yo bay Jewova Dye. Se sèten, sa fè kè Jewova kontan (Pwo 27:11). Sepandan, li bon pou nou mande: Èske se chanjman sa yo sèlman yo bezwen fè?

Li enpòtan pou anpil moun soti nan monn Satan an epi transfòme tèt yo. (Gade paragraf 9.)

10. Ki sa k fè gen diferans ant transfòmasyon ak amelyorasyon?

10 Transfòme tèt nou vle di plis pase fè pwogrè oswa fè amelyorasyon nan lavi nou. Yo gendwa met yon etikèt sou yon pwodui pou fè konnen yo swadizan amelyore kalite pwodui sa a, men, an reyalite, se toujou menm pwodui a. Gendwa se jis mete yo mete yon nouvo engredyan ladan l epi yo fè bwat la vin pi bèl. Men sa yon nòt nan yon diksyonè fè konnen konsènan ekspresyon “transfòme tèt nou” an: “Nan Wom[en] 12:2, [ekspresyon] konfòme tèt nou ak bagay ki nan epòk la [oswa nan sistèm sa a] depaman ak lè yon moun transfòme moun li ye pa anndan an (oswa transfigirasyon) paske l renouvle panse l grasa pouvwa lespri sen.” (Vine’s Expository Dictionary). Kidonk, transfòmasyon kretyen yo dwe fè a pa sèlman vle di jete tout move abitid, pawòl pouri ak konduit imoral. Gen kèk moun ki pa konn anyen nan Bib la ki fè gwo efò pou yo eseye evite bagay sa yo nan lavi yo. Nan ka sa a, ki sa transfòmasyon kretyen yo dwe fè a gen ladan l?

11. Ki jan Pòl te montre transfòmasyon an ka rive fèt?

11 Men sa Pòl te ekri: “Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” Nan vèsè sa a, mo “lespri” a gen rapò ak kapasite nou genyen pou n reflechi a. Men, nan fason yo itilize l nan Bib la, li gen ladan l fason nou panse, atitid nou ak kapasite nou genyen pou n rezone a. Nan kòmansman lèt Pòl te ekri Women yo, li te pale konsènan yon seri moun ki montre yo gen “yon mantalite [Bondye] pa apwouve”. Moun sa yo t ap benyen nan “enjistis, mechanste, tanta, move aksyon, e kè yo [te] ranpli ak jalouzi, zak asasinay, hinghang, riz” ak anpil lòt move bagay ankò (Wom. 1:28-31). Nou ka konprann rezon ki fè Pòl te ankouraje moun ki te grandi nan kalite anviwònman sa a e ki te vin ap sèvi Bondye yo pou yo “transfòme tèt” yo e pou yo ‘bay lespri yo yon lòt direksyon’.

‘Se pou nou sispann fè kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun.’ — Efe. 4:31.

12. Ki jan w wè pifò moun panse jodi a, e ki jan atitid sa a kapab reprezante yon danje pou kretyen yo?

12 Malerezman, nan monn n ap viv la  chaje moun ki gen menm atitid ak moun Pòl te pale de yo a. Petèt moun sa yo panse zafè ensiste sou règ ak prensip se yon bagay ki pase mòd e se yon bagay ki pa bon. Gen anpil pwofesè ak anpil paran ki panse konsa, e yo fè pwopagann pou fè konnen moun lib pou yo panse jan yo pito. Pou yo menm, pa gen okenn fason pou yon moun rive konnen sa ki byen ak sa ki mal. Menm anpil moun ki di y ap sèvi Bondye santi yo lib pou yo fè sa yo menm yo panse ki bon san yo pa oblije obeyi Bondye ak kòmandman l yo (Sòm 14:1). Yon atitid konsa kapab reprezante yon gwo danje pou vrè kretyen yo. Moun ki pa fè atansyon yo gendwa vin gen menm pwennvi sa a konsènan dispozisyon yo pran nan òganizasyon Bondye a. Yo gendwa pa vle respekte dispozisyon yo pran nan kongregasyon yo, e yo gendwa menm plenyen konsènan nenpòt bagay ki pa nan gou yo. Yo gendwa pa fin dakò tou ak konsèy Bib la bay konsènan divètisman, chèche fè gwo etid ak fason pou yo itilize Entènèt.

13. Ki sa k fè nou ta dwe analize tèt nou yon fason ki onèt?

13 Nan ka sa a, pou n sispann kite monn nan enfliyanse nou oswa modle nou, nou dwe analize atitid nou, santiman nou genyen nan fon kè nou, objektif nou ansanm ak bagay nou bay valè yo, e nou dwe fè sa yon fason ki onèt. Bagay sa yo se bagay lòt moun gendwa pa wè, e yo gendwa menm di nou bon jan nou ye a. Sepandan, se nou menm sèl ki konnen si nou te kite sa n aprann nan Bib la transfòme nou nan domèn sa yo, e si nou kontinye kite yo transfòme nou. — Li Jak 1:23-25.

FASON TRANSFÒMASYON AN AP FÈT

14. Ki sa k ka ede n rive fè chanjman ki nesesè yo?

14 Transfòmasyon an gen rapò ak moun nou ye pa anndan an. Donk, pou n rive fè l, nou bezwen yon bagay ki kapab touche santiman nou genyen ki pi pwofon lakay nou yo. Ki sa k ka ede nou nan sans sa a? Lè n aprann sa Jewova mande nou fè yo, ann amoni ak objektif li ki nan Bib la, fason nou reyaji devan sa n aprann yo ap montre sa n gen nan kè n. L ap montre n chanjman nou bezwen fè tou yon fason pou n rive fè ‘volonte Bondye, yon volonte ki pafè’. — Wom. 12:2; Ebre 4:12.

15. Lè Jewova modle nou, ki kalite transfòmasyon sa ka fè nan nou?

15 Li Izayi 64:8. Mo pwofèt Izayi itilize yo fè n wè yon pwen enpòtan nou dwe konsidere. Ki fason, Jewova, Potye a, modle nou, nou menm ki ajil la? Se sèten, Jewova pa chanje nou fizikman, petèt pou l fè n parèt pi bèl oswa pou n vin gen yon fizik ki pi byen devlope. Jewova pa modle nou nan domèn fizik, men, li fè sa nan domèn espirityèl. Si nou kite l modle nou, n ap vin transfòme nan domèn espirityèl, sa vle di n ap transfòme moun nou ye pa anndan an, e se egzakteman sa nou bezwen pou n rive konbat enfliyans monn nan. Ki jan travay modle a fèt?

16, 17. a) Esplike ki sa yon potye dwe fè ak ajil l ap itilize a pou l ka rive fè yon bon kalite veso. b) Ki fason Pawòl Bondye ede n transfòme tèt nou yon fason pou n vin yon veso ki gen anpil valè nan je Bondye?

16 Pou yon potye fè yon bon kalite veso, li dwe sèvi ak bon kalite ajil. Sepandan, gen de bagay li bezwen fè. Toudabò, li dwe lave ajil la pou l retire tout sa k pa bon ladan l oswa tout sa k ka gate l. Apre sa, li dwe melanje ajil la ak kantite dlo ki nesesè a, e li dwe travay li yon fason pou l kontinye kenbe fòm li toutpandan l ap modle l avèk fòs.

17 N ap remake potye a sèvi ak dlo a ni pou l retire sa k pa bon nan aji l la, ni pou l bay ajil la fòm ak souplès ki nesesè pou l tounen yon veso oswa pou l menm vin yon bon veso. Èske n remake jan Pawòl  Bondye a ka fè menm travay sa yo nan lavi n? Li kapab ede n rejte move fason nou te konn panse lè n potko konn Bondye, epi l ka transfòme nou pou n vin yon veso ki gen anpil valè nan je Bondye (Efe. 5:26). Fè yon ti reflechi sou kantite fwa nou jwenn ankourajman pou n li Bib la chak jou epi pou n asiste reyinyon kote yo egzamine Pawòl Bondye a. Poukisa yo ankouraje n fè sa? Se paske lè n fè sa, se kite nou kite Jewova modle nou. — Sòm 1:2; Tra. 17:11; Ebre 10:24, 25.

Lè n transfòme tèt nou, sa ap ede n rezoud pwoblèm nou yo pi byen pase jan n te konn fè sa anvan. (Gade paragraf 18.)

18. a) Poukisa li enpòtan pou n medite sou sa n aprann yo si n vle Pawòl Bondye a enfliyanse nou epi transfòme nou? b) Ki kesyon ki kapab ede nou?

18 Si nou vle pou Pawòl Bondye a fè transfòmasyon ki nesesè yo lakay nou, nou dwe fè plis pase annik li Bib la epi aprann ladan l. Gen anpil moun ki li Bib la detanzantan, e konsa, yo vin konn sa l di. Petèt ou konn rankontre kèk nan moun sa yo pandan w nan predikasyon. Gen kèk nan yo ki kapab menm resite kèk vèsè nan Bib la pakè *. Sepandan, sa gendwa pa gen gwo efè sou fason yo panse ak fason y ap viv. Ki sa moun sa yo manke? Pou Pawòl Bondye a gen enfliyans sou yon moun epi pou l transfòme moun sa a, moun nan dwe kite l touche kè l (Gal. 6:6). Donk, nou dwe pran tan pou n medite sou sa n ap aprann nan. L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m kwè toutbonvre sa m aprann yo plis pase kèk senp ansèyman legliz? Èske m kwè yo se laverite? Anplis de sa, èske m wè fason pou m aplike sa m aprann yo nan lavi m, oswa, èske m konsidere yo sèlman kòm bagay mwen ta dwe anseye lòt moun? Èske m santi se avè m pèsonèlman Jewova ap pale?’ Lè n reflechi sou kesyon sa yo epi n medite sou yo, sa kapab ede n vin gen plis santiman nan kè n pou Jewova, e n ap vin renmen l pi plis toujou. Lè kè n touche konsa, sa ka fè n fè chanjman ki pozitif nan lavi n. — Pwo. 4:23; Lik 6:45.

19, 20. Ki konsèy Bib la bay lè n aplike l, sa ap fè n jwenn byenfè?

19 Lè nou li Pawòl Bondye a regilyèman epi nou medite sou li, sa ap pouse n kontinye fè sa petèt nou te deja fè, nan yon sèten mezi, pou n “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo, [epi pou n] abiye nou ak nouvo pèsonalite a, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la”. (Kol. 3:9, 10.) Vrèmanvre, n ap ka kontinye reyisi nan lavi a lè n rive byen konprann Pawòl Bondye a epi n rive wè fason l ka enfliyanse lavi nou. Nouvo pèsonalite nou vin genyen an ap ede n jwenn pwoteksyon kont manèv Satan yo.

20 Men ki ankourajman apot Pyè ban nou: ‘Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te gen anvan yo, men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou.’ (1 Pyè 1:14, 15). Lè n fè tout sa n kapab pou n voye panse ak atitid nou te gen anvan yo jete epi nou kite Bondye transfòme nou, n ap jwenn anpil benediksyon jan atik ki vin apre a pral montre sa.

^ § 18 Gade egzanp yo bay nan Toudegad 1ye fevriye 1994, paj 9, paragraf 7 (fransè).