Pwovèb 28​:​1-28

  • Priyè moun ki refize obeyi a bay degoutans (9)

  • Moun ki konfese peche yo, y ap fè yo mizèrikòd (13)

  • Moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan (20)

  • Li pi bon pou w korije moun pase w achte figi yo (23)

  • Moun ki renmen bay pa manke anyen (27)

28  Mechan an pran kouri san pèsonn pap kouri dèyè l,Men, moun ki jis la brav tankou yon lyon*+.   Lè moun nan yon peyi ap fè sa ki mal*, yo chanje chèf youn dèyè lòt+,Men, grasa yon moun ki gen bon jijman ak konesans, chèf la* fè anpil tan+.   Yon malere k ap dechèpiye yon moun ki pi ba+Tankou yon lapli ki bwote tout manje pot ale.   Moun ki pa suiv sa lalwa di fè lwanj pou moun ki mechan,Men, moun ki fè sa lalwa mande fache kont moun ki mechan+.   Mechan yo pa ka konprann sa ki dwat,Men, moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay+.   Pito yon moun malere, li ret fidèl nan tout bagayPase pou l rich epi li nan tout vye bagay+.   Yon pitit ki gen bon konprann fè sa lalwa mande,Tandiske yon moun ki fè zanmi ak moun ki aloufa fè papa l wont+.   Moun ki vin gen anpil richès nan pran enterè+ sou moun ak nan bay ponya,Sa l vin genyen yo ap vin pou moun ki ede malere yo+.   Yon moun ki refize obeyi lalwa,Menm lapriyè l fè bay degoutans+. 10  Moun ki twonpe moun ki dwat la pou l fè l pran yon move chemen ap tonbe nan twou li te fouye a+,Men, moun ki san repwòch la ap jwenn sa ki bon kòm eritaj+. 11  Moun ki rich la panse li gen sajès+,Men, malere ki gen bon jijman an ap wè kiyès li ye vre+. 12  Lè moun ki jis yo pot laviktwa, gen anpil glwa,Men, lè se mechan ki monte sou pouvwa, moun al kache+. 13  Moun ki kache peche l pap reyisi+,Men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd+. 14  Byennere moun ki toujou ap veye kò l*,Men, moun ki fè tèt di ap tonbe nan malè+. 15  Yon dirijan ki mechan k ap dirije yon pèp ki san sekouTankou yon lyon k ap gwonde ak yon lous k ap atake+. 16  Yon chèf ki pa gen bon jijman mal sèvi ak pouvwa l+,Men, moun ki pa renmen chèche avantaj nan move kondisyon ap viv lontan+. 17  Yon moun ki koupab paske l retire lavi yon moun* ap toujou nan kouri jiskaske l al nan tonm*+.E pinga pèsonn pote l sekou. 18  Moun ki mache dwat la ap sove+,Men, moun ki nan chemen kwochi a ap tonbe bridsoukou+. 19  Moun ki travay tè li ap gen anpil manje,Men, moun k ap kouri dèyè bagay ki san valè ap pòv nèt+. 20  Yon moun ki fidèl ap jwenn anpil benediksyon+,Men, yon moun k ap kouri dèyè richès pap ret inosan+. 21  Li pa bon pou yon moun nan paspouki+,Men, yon moun ka tonbe nan sa k pa sa pou yon moso pen. 22  Yon moun ki gen anbisyon* chofe pou l vin rich,Li pa konnen si l gen pou l vin pòv. 23  Moun ki korije moun+, y ap gen plis rekonesans pou li pi devan+Pase pou moun k ap achte figi moun. 24  Yon moun ki dechèpiye papa l ak manman l epi ki di: “Se pa yon bagay ki mal+”,Li nan menm lo ak vòlè+. 25  Moun ki ava* lakòz divizyon,Men, moun ki konte sou Jewova, zafè yo ap byen mache*+. 26  Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt+,Men, moun ki aji avèk sajès ap jwenn delivrans+. 27  Moun ki bay moun ki malere pap manke anyen+,Men, moun ki fèmen je l pou l pa gade yo, anpil malediksyon ap tonbe sou li. 28  Lè se mechan ki monte sou pouvwa, moun al kache,Men, lè yo mouri, moun ki dwat yo vin anpil+.

Nòt anba paj

Oswa: “yon jenn lyon”.
Oswa: “ap fè rebelyon”.
Lit.: “li”.
Oswa: “ki pa janm pa gen lakrentif”.
Oswa: “ki koupab akoz san yon nanm”.
Oswa: “nan twou a”.
Oswa: “ki ava”.
Se kapab tou: “Nanm ki awogan an”.
Lit.: “moun ki konte sou Jewova ap vin gra”.