Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske se moun pa m nan sa?

Èske se moun pa m nan sa?

 Èske w wè yon moun ki ka vin yon bon konjwen pou ou? Si se wi, ki jan w ka fè konnen si se moun pa w la sa?

 Li enpòtan pou w gade pi lwen pase sa je w ba ou. Dayè, yon bèl fi gendwa pa merite konfyans ou oswa gason ki pi popilè a gendwa pa pwòp nan domèn moral. Ou vle jwenn yon moun w ap santi w alèz avè l, yon moun ki gen menm pèsonalite ak menm objektif avè w. — Jenèz 2:18; Matye 19:4-6.

Chèche wè pi lwen pase sa je w ba ou

 Chèche byen konn zanmi w lan. Men, fè atansyon! Ou ka gen tandans wè sa w vle wè yo sèlman. Donk, pran san w. Eseye wè kiyès zanmi w lan ye toutbon.

 Gen anpil moun k ap frekante ki pa chèche wè pi lwen pase sa je yo ba yo. Olye de sa, yo ret konsantre sou bagay yo toule de renmen: “Nou renmen menm mizik.” “Nou renmen fè menm travay.” “Nou dakò sou tout bagay!” Sepandan, ou bezwen chèche wè pi lwen pase sa. Ou bezwen konnen sa ‘moun nan ye nan fon kè l’. (1 Pyè 3:4; Efezyen 3:16). Olye w ret konsantre sou bagay nou dakò sou yo, ou gendwa aprann plis sou moun nan lè w chèche wè reyaksyon l lè n pa dakò sou yon bagay.

 Pa egzanp, konsidere kesyon ki vin apre yo:

  •   Ki jan l reyaji lè l nan kont ak moun? Èske l ensiste pou bagay yo fèt jan l vle a, petèt lè l “fè kòlè san kontwòl” oswa l tonbe ‘joure’? (Galat 5:19, 20; Kolosyen 3:8.) Oubyen, èske l montre l rezonab, sa vle di l sede bay lòt moun pou l chèche fè lapè lè sa gen rapò ak kesyon preferans? — Jak 3:17.

  •   Èske l gen tandans pouse lòt moun fè sa l vle? Èske l vle w atache avè l sèlman oswa l jalou? Èske l vle konn tout sa w ap fè? Men sa Nicole di: “M tande pale de kèk moun k ap frekante ki tonbe nan diskisyon paske youn nan yo pa sipòte dèske lòt la pa ‘rele l regilyèman pou di l sa l ap fè’. M panse sa se yon move siy.” — 1 Korentyen 13:4.

  •   Ki jan lòt moun konsidere l? Ou ka twouve l bon pou w pale ak moun ki gen kèk tan depi yo konnen l, pa egzanp, moun ki gen matirite nan kongregasyon an. Konsa, w ap konn si lòt moun “pale an byen” de li. — Travay 16:1, 2.