Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe fè apre batèm? — 1ye pati: Kenbe bon abitid ou genyen yo

Ki sa m dwe fè apre batèm? — 1ye pati: Kenbe bon abitid ou genyen yo

 Ou bezwen pran swen bagay ou genyen yo ki gen anpil valè tankou kay ou oswa machin ou. Se menm bagay la pou amitye w avèk Bondye. Ki jan w ka fè pou w rete pwòch ak Bondye lè w fin batize?

Nan atik sa a

 Kontinye etidye Pawòl Bondye a

 Vèsè kle: “Kontinye pote fwi nan tout bon travay n ap fè, e [...] kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye.” — Kolosyen 1:10.

 Sa l vle di: Lè w fin batize, w ap bezwen kontinye li Bib la epi medite sou sa w aprann yo. — Sòm 25:4; 119:97.

 Sa w ka atann: Pafwa, ou pap anvi etidye. E sa ka fè w di tèt ou “genlè etidye pa pou mwen”.

 Sa w ka fè: Eseye chèche pi byen konprann kèk sijè nan Bib la ki enterese w. Chèche gen pwòp pwogram etid pèsonèl pa w, yon pwogram ki pap twò lou pou ou. Objektif ou se gen plis lanmou pou Jewova e pou Pawòl li a. Lè w etidye konsa, nonsèlman sa ap bon pou ou men w ap pran plezi fè sa. — Sòm 16:11.

 Men yon ide: Pou w ka pi byen pwofite etid ou, eseye jwenn yon kote ki trankil, yon kote ou pap jwenn bagay ki pou distrè w.

 Men sa w ka fè ankò:

 Kontinye priye Jewova

 Vèsè kle: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

 Sa l vle di: Kominikasyon ak Bondye se lè li kominike avè w e ou kominike avè l: Ou koute l lè w li Pawòl li, ou pale avè l lè w priye. W ap remake nan priyè w yo, nonsèlman ou ka mande l sa w bezwen, men tou ou ka di l mèsi pou benediksyon ou resevwa nan men l yo.

 Sa w ka atann: Pafwa, ou ka santi w ap repete menm bagay yo nan priyè w yo. Ou ka menm gen enpresyon Jewova pa koute priyè w yo oubyen li pa twò anvi koute priyè w yo. — Sòm 10:1.

 Sa w ka fè: Pandan jounen an, reflechi sou kèk bagay ou ka di nan priyè w yo. Si w pa gen posiblite pou w priye sou sa tousuit, sonje pou w priye sou sa pi devan nan jounen an. Priye pou bagay ki enpòtan pou ou, men sonje priye pou lòt moun tou. — Filipyen 2:4.

 Men yon ide: Si w santi w ap repete menm bagay la nan priyè w yo, pale sou sa ak Jewova. Li vle tande tout sa k ap trakase w, san wete jan w santi w parapò ak priyè w yo. — 1 Jan 5:14.

 Men sa w ka fè ankò:

 Kontinye pataje sa w aprann yo avèk lòt moun

 Vèsè kle: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay [...], paske lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 Timote 4:16.

 Sa l vle di: Lè w fè lòt moun konnen nan ki sa w kwè, ou ranfòse lafwa pa w tou. Konsa, ou ka pèmèt moun k ap koute w yo sove lavi pa yo e anmenmtan tou, ou sove lavi pa w.

 Sa w ka atann: Pafwa, ou ka pa santi w anvi pataje sa w aprann yo ak lòt moun. Ou ka menm santi w yon jan pè fè sa, sitou lè w lekòl.

 Sa w ka fè: Se pou w pran detèminasyon pou w pa kite yon seri santiman negatif tankou laperèz kontwole w. Men sa apot Pòl te ekri: “Menm lè mwen [preche bon nouvèl la] kont volonte m, mwen toujou gen yon responsablite yo konfye m.” — 1 Korentyen 9:16, 17.

 Men yon ide: Mande paran w pèmisyon pou w mande yon moun ki bay bon egzanp nan kongregasyon an ede w nan travay predikasyon an. — Pwovèb 27:17.

 Men sa w ka fè ankò:

 Kontinye asiste reyinyon yo

 Vèsè kle: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou.” — Ebre 10:24, 25.

 Sa l vle di: Prensipal rezon ki fè nou al nan reyinyon se pou n adore Jewova. Men, lè w asiste reyinyon yo, w ap jwenn de lòt byenfè. Premyèman, ou jwenn ankourajman nan men lòt sèvitè Jewova yo. Dezyèmman, ou ankouraje yo lè w asiste reyinyon yo e lè w patisipe. — Women 1:11, 12.

 Sa w ka atann: Pafwa, ou ka santi w distrè, e sa ka fè w pèdi kèk bon ansèyman y ap bay. Oswa, gen kèk fwa ou ka santi w pa anvi asiste reyinyon. Oubyen tou, ou ka kite lòt aktivite tankou devwa yo bay lekòl yo pran tan w e sa ka fè w pa asiste kèk reyinyon.

 Sa w ka fè: Pran rezolisyon pou w asiste tout reyinyon yo regilyèman e pou w byen pwofite reyinyon sa yo, toutpandan w pa neglije devwa w yo. Patisipe nan reyinyon sa yo lè w fè kòmantè. Apre reyinyon yo, felisite omwen yon moun ki te patisipe nan reyinyon an.

 Men yon ide: Prepare reyinyon yo anvan w asiste yo. Telechaje aplikasyon JW Library® a, epi klike sou “Réunions” pou w ka wè sou ki sa yo pral pale nan chak reyinyon.

 Men sa w ka fè ankò: