Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Nou zanmi oswa nou renmen? — 1ye pati: Ki sa mwen konprann?

Nou zanmi oswa nou renmen? — 1ye pati: Ki sa mwen konprann?

 Ou vrèman renmen jènjan oswa demwazèl sa a e w sèten li santi menm bagay la tou. Dayè, se toutan youn ap ekri lòt mesaj tèks, nou souvan ansanm... e gen kèk nan mesaj moun sa a voye pou ou yo ki vrèman fè w konprann li enterese avè w.

 Donk, ou deside mande l ki kote relasyon w gen avè l la ap rive, jis pou w ka sèten nou toule de a wè bagay yo menm jan. Ki repons li ba w? “M jis konsidere w kòm zanmi m, pa gen anyen ankò.”

 Ki jan w santi w?

 “M te an kòlè anpil, ni kont li ni kont tèt mwen! Nou te konn voye mesaj youn bay lòt chak jou, e l te montre l vrèman enterese nan mwen. Natirèlman, m te vin gen santiman pou li.” — Jasmine.

 “Mwen menm ak demwazèl sa a te konn akonpaye lòt moun k ap frekante lè y ap soti ansanm. Pafwa, ou ta di nou se de koup k ap frekante. Nou de a te konn pale souvan, epi apre sa, nou te kòmanse voye mesaj youn bay lòt souvan. Li te difisil pou m dakò lè l te di m li konsidere m tankou yon senp zanmi ak lè m te vin aprann pandan tout tan sa a li t ap frekante ak yon lòt moun.” — Richard.

 “Gen yon jèn gason ki te konn ekri m mesaj tèks chak jou, e pafwa, nou de a te konn montre nou enterese youn ak lòt. Men, lè m te fè l konnen santiman m gen pou li, li te ri epi l di ‘m pa vle frekante ak pèsonn kounye a!’ M te fè anpil tan ap kriye.” — Tamara.

 Sa w dwe sonje: Lè w panse gen yon lyen espesyal ant ou menm ak yon lòt moun epi, annapre, ou rann ou kont se ou sèlman ki te santi sa, li nòmal pou w santi w an kòlè, pou w santi w jennen e pou w menm santi yo trayi w. Gen yon jèn gason ki rele Steven ki di: “M te choke anpil lè sa te rive m e sa te blese santiman m anpil. Sa te pran anpil tan anvan m resi fè yon lòt moun konfyans.”

 Rezon ki fè sa rive

 Lè w ap voye mesaj tèks e lè w sou rezo sosyal yo, li ka fasil pou w vin gen santiman pou yon moun ki pa vrèman gen santiman pou ou. Ann wè sa kèk jèn fè konnen.

 “Yon moun gendwa voye mesaj tèks pou ou jis pou l fè tan pase, men, ou ka pran sa kòm yon siy ki montre l enterese nan ou. Epi, si l ekri w chak jou, lè sa a, ou ka panse w se yon moun ki vrèman espesyal pou li, alòske w nan erè.” — Jennifer.

 “Yon moun gendwa vrèman vle renmen ak yon lòt moun alòske lòt moun nan jis vle jwenn yon moun pou l pale, yon moun li ka fè konfyans e ki ka fè l santi l byen nan po l.” — James.

 “Yon moun kapab pran yon senp ‘bòn nwi’ pou yon deklarasyon damou, alòske moun ki voye mesaj la pa t gen okenn entansyon.” — Hailey.

 “Yon smayli ou voye kapab vle di swa ‘ou janti’ swa ‘ou enterese’. Pafwa, moun ki resevwa mesaj la konn panse ou enterese nan li.” — Alicia.

 Sa w dwe sonje: Pa pran atansyon pou afeksyon.

 Sa pi fasil pou di pase pou fè, pa vre? Bib la di: “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm.” (Jeremi 17:9). Li ka lakòz ou bati yon relasyon womantik ki pa gen baz e k ap kraze byen vit lè w vin rann ou kont se sèlman nan imajinasyon w sa te ye.

 Sa w ka fè

  •   Montre w reyalis. Pran yon ti tan pou w analize relasyon an san w pa kite kè w mennen w. Mande tèt ou: ‘Èske m gen bonjan rezon pou m panse moun sa a pa aji avè m menm jan l aji ak lòt moun?’ Pa kite santiman w pran pye sou ‘kapasite w genyen pou w rezone a’. — Women 12:1.

  •   Montre w gen disènman. Nan tout siy ki fè w panse moun sa a konsidere w plis pase yon zanmi, veye tout siy ki ka fè w doute de sa. Pa kouri panse lefètke ou menm ou santi yon bagay pou yon moun, moun nan santi menm bagay la tou.

  •   Montre w gen pasyans. Toutotan yon moun pa di w yon fason klè li vle renmen avè w, pa envesti plis nan relasyon an pase sa w dispoze pèdi.

  •   Montre w onèt. Bib la fè konnen gen “yon lè pou moun pale”. (Eklezyas 3:7.) Si w vle konnen si wi ou non yon moun konsidere w plis pase yon zanmi, pale avè l sou sa. Men sa yon jèn fi ki rele Valerie fè konnen: “Si moun nan pa gen menm santiman an pou ou, pito w se kounye a ou santi sa blese w pase pou w kite plizyè mwa pase anvan w rann ou kont li pa t janm enterese nan ou okòmansman e lè sa a w ap soufri plis.”

 Sa w dwe sonje: Pwovèb 4:23 di: “Pwoteje kè w.” Si w santi w enterese nan yon moun, chèche wè si moun nan enterese nan ou tou. Lè w kite santiman pran rasin nan kè w anvan sa, se kòmsi w t ap eseye fè yon plant grandi sou yon wòch ki byen di.

 Si w konnen moun sa a gen santiman pou ou, si w gen laj pou sa e w pare pou w frekante, lè sa a, se ou menm ki pou deside si w vle kontinye relasyon an. Pa bliye, pou yon maryaj solid, ni mari ni madanm dwe gen menm objektif espirityèl e yo dwe onèt youn ak lòt (1 Korentyen 7:39). Anfèt, siman yo te zanmi lè yo te kòmanse relasyon an e yo kontinye rete zanmi. — Pwovèb 5:18.