Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa mwen pa gen okenn zanmi?

Poukisa mwen pa gen okenn zanmi?

Pandan w sou Entènèt, w ap gade foto yon fèt kote tout moun ou byen avè yo te la, e sanble yo te pase yon bon moman. Men, gen yon bagay ki dwòl, tout moun te la sof ou menm!

W ap mande tèt ou poukisa yo pa t envite w.

Kounye a, ou plis santi w fache. Ou santi se trayi yo trayi w! Ou gen enpresyon amitye w te genyen avèk yo pa t kanpe sou anyen. Ou vin santi w poukont ou, e w mande tèt ou poukisa w pa gen okenn zanmi.’

 Yon ti tès sou solitid

 Wi ou non

  1.   Si w gen anpil zanmi, ou pap janm santi w poukont ou.

  2.   Si w fè pati yon rezon sosyal, ou pap janm santi w poukont ou.

  3.   Si w voye anpil tèks mesaj, ou pap janm santi w poukont ou.

  4.   Si w fè anpil bagay pou lòt moun, ou pap janm santi w poukont ou.

 Repons pou tout fraz sa yo se non.

 Poukisa?

 Reyalite konsènan amitye ak solitid

  •   Lefètke w gen anpil zanmi sa pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

     “Mwen gen sousi pou zanmi m yo, men pafwa mwen pa panse yo gen sousi pou mwen tou. Solitid ki pi mal la se lè ou chaje moun bò kote w men ou pa santi yo renmen w oswa yo bezwen w.” — Anne.

  •   Lefètke w fè pati yon rezo sosyal pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

     “Gen kèk moun ki fè koleksyon zanmi menm jan moun fè koleksyon biblo. Men, lefètke yon moun chaje biblo sa pap fè l santi moun renmen l pou sa. Menm jan an tou, si amitye w genyen ak moun se bagay ki sipèfisyèl, menmsi w chaje ak zanmi sou Entènèt, w ap santi w poukont ou.

  •   Voye anpil tèks mesaj pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

     “Pafwa, lè w santi w poukont ou, ou toujou ap tcheke telefòn ou pou w wè si pa gen moun ki te ekri w. Si w deja santi w poukont ou e w wè pèsonn pa t eseye kominike avè w, sa fè w santi w pi mal toujou!” — Serena.

  •   Lè w fè anpil bagay pou lòt moun, sa pa ba w garanti ou pap janm santi w poukont ou.

     “Mwen toujou fè efò pou m bay zanmi m yo anpil bagay, men mwen remake yo pa fè menm bagay la pou mwen. Mwen pa regrèt sa m te fè pou yo, men mwen twouve sa dwòl lefètke yo pa t janm vrèman janti avè m anretou.” — Richard.

 Sa w dwe sonje: Anvan tou, kesyon solitid la depann de fason nou wè bagay yo. Men sa yon jèn ki rele Jeanette di: “Li pa depann de sa ki deyò, se pa anndan li soti.”

 Ki sa w ka fè si w santi w pa gen zanmi, ou santi w poukont ou?

 Fason pou w genyen batay la

Travay pou w gen konfyans nan tèt ou.

 “Si yon moun pa santi l byen nan po l sa ka fè l santi l poukont li. Li difisil pou w byen ak yon moun ki santi li pa merite pou lòt moun enterese nan li.” — Jeanette.

 Bib la di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Galat 5:14) Pou nou gen bonjan zanmi, nou bezwen konn valè nou, san nou pa vin twò kwè nan tèt nou. — Galat 6:3, 4.

Evite pran pitye pou tèt ou.

 “Santiman solitid se tankou sab ki mou k ap rale w desann. Plis ou woule kò w ladan l, l ap pi difisil pou w soti ladan l. Si w kite mòd panse sa yo anvayi lespri w, anvan lontan w ap vin yon moun ki tèlman ap plenyen sò l sa ap fè pèsonn pa vle vin zanmi w.” — Erin.

 Bib la di: “Lanmou pa chèche pwòp enterè l.” (1 Korentyen 13:4, 5). Reyalite a sèke, lè nou konsantre twòp sou tèt nou, nou vin gen mwens konpasyon pou lòt moun e sa fè nou pa atire moun sou nou (2 Korentyen 12:15). Yon bagay ki klè sèke si se sou sa lòt moun fè w ap gade pou w konnen si ou menm ou reyisi, ebyen w ap echwe! Anfèt, lè w gen mòd panse tankou “Pèsonn pa janm rele m” oswa “Pèsonn pa janm envite m okenn kote”, se kite w kite pou se lòt moun ki ba w kè kontan. Ou pa panse se twòp pouvwa ou bay lòt moun sou ou?

Pa desann prensip ou nan kesyon zanmi.

 “Moun ki santi yo poukont ou vle pou lòt moun ba yo atansyon, e yo ka rive nan yon pwen kote yo kontan kèlkeswa moun ki ba yo atansyon an. Yo sèlman anvi santi gen moun ki bezwen yo. Men, gen kèk moun ki ka fè w santi yo bezwen w epi se pwofite yo pwofite w. Apre sa, w ap santi w pi poukont pase anvan.” — Brianne.

 Bib la di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, Men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” (Pwovèb 13:20). Yon moun ki grangou ap manje prèske nenpòt bagay. Konsa tou, moun k ap chèche zanmi kapab chèche zanmi kote yo pa ta dwe chèche. Li ka menm vin fasil pou fè zanmi ak moun k ap pwofite yo, e yo ka panse se nòmal, yo pap jwenn pi bon pase sa.

 Konklizyon: Sa rive tout moun pou yo santi yo poukont yo pafwa, men gen moun ki santi sa plis pase lòt. E menm lè yon santiman konsa kraze w anpil, men se jis yon santiman. An jeneral, se panse nou ki mennen santiman nou genyen yo, e nou kapab kontwole panse nou.

 Se pou w reyalis tou nan sa w ap atann de lòt moun. Men sa Jeanette nou te pale de li pi wo a di: “Se pa tout moun k ap vin bon zanmi w, men w ap jwenn moun ki gen sousi pou ou. E sa ase. Se sa k ap ede w pa santi w poukont ou.”

 Ou bezwen plis èd? Li atik ki rele “ Rive venk krent ou genyen pou w fè zanmi” an, epitou telechaje PDF ki rele “Fè efò pou w pa santi w poukont ou ankò.