Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe fè apre batèm? — Dezyèm pati: Kontinye mache dwat

Ki sa m dwe fè apre batèm? — Dezyèm pati: Kontinye mache dwat

 Bib la di: “Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay.” (Sòm 84:11). Ki sa “mache dwat” vle di? Li vle di viv yon fason ki montre ou respekte pwomès ou te fè Jewova lè w te vwe lavi w ba li a (Eklezyas 5:4, 5). Ki jan w ka mache dwat devan Jewova apre w fin batize?

Nan atik sa a

 Kontinye fè fas ak pwoblèm yo

 Vèsè kle: “Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.” — Travay 14:22.

 Sa l vle di: An reyalite, tout kretyen pral jwenn pwoblèm nan lavi yo. Gen kèk pwoblèm, se paske w se kretyen ki fè w ap jwenn yo. Pami pwoblèm sa yo, ou ka jwenn opozisyon oubyen yo ka pase w nan rizib. Gen lòt pwoblèm tankou pwoblèm lajan oubyen maladi, se tout moun ki jwenn pwoblèm sa yo.

 Sa w ka atann: Gen moman, lavi w pral chanje e pafwa li ka chanje yon fason ou pa renmen. Bib la fè konnen move bagay rive tout moun, kit yo kretyen kit yon pa kretyen. — Eklezyas 9:11.

 Sa w ka fè: Kòm ou konnen w ap jwenn pwoblèm, ou ka prepare w pou w fè fas avèk yo. Konsidere pwoblèm yo kòm yon opòtinite pou w ranfòse lafwa w e pou w konte plis sou Jewova (Jak 1:2, 3). Rive yon lè, w ap kapab di menm jan ak apot Pòl: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.

 TEMWAYAJ. “Yon ti tan apre m te fin batize, frè m yo te abandone laverite, paran m yo te vin malad e mwen menm tou m te vin malad. Li te ka fasil pou m bay vag, pou m bliye m te vwe lavi m bay Bondye. Li te ka fasil tou pou m bliye m te pwomèt se adorasyon l ki t ap gen plis enpòtans nan lavi m. Men, an reyalite, se lefètke m te vwe lavi m ba li ki te ede m fè fas ak pwoblèm sa yo.” — Karen.

 Men yon ide: Aprann plis nan egzanp Jozèf bay. Ou kapab li kèk bagay sou lavi l nan Jenèz chapit 37 ak chapit 39 rive nan chapit 41. Reflechi sou sa: Ki difikilte l te jwenn sanzatann e ki jan li te fè fas avèk yo? Ki jan Jewova te ede Jozèf?

 Men sa w ka fè ankò

 Kontinye fè efò pou w pa tonbe nan tantasyon

 Vèsè kle: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l.” — Jak 1:14.

 Sa l vle di: Pafwa, dezi nou tout konn tante nou e si nou pa kontwole yo, yo ka fè n fè sa ki pa bon.

 Sa w ka atann: Apre w fin batize, w ap toujou gen “dezi lachè”. (2 Pyè 2:18.) Ou ka menm santi w anvi gen relasyon seksyèl anvan w marye.

 Sa w ka fè: Prepare lespri w depi kounye a, anvan w jwenn tantasyon, yon fason pou w pa kite se dezi w genyen yo ki kontwole w e ki fè w pran move desizyon. Sonje Jezi te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan.” (Matye 6:24). Ou ka chwazi kiyès k ap mèt ou. Bat pou se Jewova ki mèt ou. Kèlkeswa jan yon move dezi ka fò, ou ka chwazi pou w pa kite l dirije w. — Galat 5:16.

 Men yon ide: Aprann rekonèt fòs ou ak feblès ou. Chwazi zanmi k ap ede w fè bèl kalite w yo parèt. Evite moun, kote oswa sitiyasyon ki ka fè li pi difisil pou w fè sa ki byen. — Sòm 26:4, 5.

 Men sa w ka fè ankò

 Kontinye fè efò pou w pi chofe nan sèvis ou pou Jewova

 Vèsè kle: “Demontre menm devouman an, [...] jiska lafen. Konsa, nou pap vin parese.” — Ebre 6:11, 12.

 Sa l vle di: Yon moun ki pa ret konsantre sou travay li ka ralanti byen fasil e l ka vin yon jan parese.

 Sa w ka atann: Petèt, lè w te fèk batize, ou te kontan anpil e ou te chofe anpil nan tout sa w ap fè. Ou te gen anpil lanmou pou Jewova nan kè w. Men, apre yon ti tan, ou gendwa twouve li difisil pou w obeyi Jewova nan tout bagay, sa ka menm dekouraje w e ou ka pa chofe jan w te chofe okòmansman an. — Galat 5:7.

 Sa w ka fè: Kontinye fè sa ki byen, menmsi pandan yon tan ou ka twouve w yon ti jan lou pou w fè sa (1 Korentyen 9:27). Pandan tan sa a, chèche vin pi pwòch ak Papa w ki nan syèl la lè w aprann konnen l pi byen e lè w pale avè l souvan nan lapriyè. Mete sou sa, kontinye fè efò pou w vin zanmi ak moun ki renmen sèvi Jewova.

 Men yon ide: Sonje Jewova renmen w anpil e li dispoze ede w. Pa panse li fache si pandan yon moman ou te santi w manke chofe nan sèvis li. Bib la di: “Moun ki fatige yo, li ba yo fòs, e moun ki manke fòs yo, li fè yo gen tout fòs yo.” (Ezayi 40:29). Rive yon lè, l ap beni efò w te fè pou w retounen chofe nan sèvis li.

 Men sa w ka fè ankò

 Sa w dwe sonje: Si w mache dwat devan Jewova, w ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11)! L ap kontan paske w te chwazi pran pozisyon pou li e l ap ba w tout sa w bezwen pou w reziste devan atak Satan yo.