Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Nou zanmi oswa nou renmen? — 2yèm pati: Ki sa m lese l konprann?

Nou zanmi oswa nou renmen? — 2yèm pati: Ki sa m lese l konprann?

 Ou renmen disponib pou zanmi w lè yo bezwen yon moun pou yo pale. Men, pandan dènye jou sa yo, ou pale ak yon zanmi anpil. Pwoblèm nan sèke li pa menm sèks avè w. Ou di tèt ou ‘nou jis zanmi’ e w panse zanmi w lan wè bagay yo menm jan an. Èske sa ta dwe enkyete w?

 Ki sa k ka rive?

 Se pa yon bagay ki mal pou w gen zanmi ki pa menm sèks avè w. Men, e si ou kòmanse vin gen yon amitye espesyal ak youn nan zanmi sa yo? Nan ka sa a, li ka kòmanse panse ou vle plis pase yon senp amitye.

 Èske se sa w vle vre? Ann wè kèk bagay ki ka fè moun nan panse sa, menm lè se pa sa ou menm ou vle.

  •   Ou bay yon moun twòp atansyon.

     “Se vre ou pa ka anpeche yon moun gen santiman pou ou, men si w fè moun sa a kwè se zanmi ou jis vle zanmi l alòske w ap rele l e w ap pale avè l toutan, se gazolin w ap met sou dife.” — Sierra.

  •   Ou montre w dakò pou moun nan ba w atansyon.

     “Gen yon tifi ki te konn voye anpil mesaj tèks pou mwen. Se vre se pa mwen ki te kòmanse ekri, men mwen te toujou reponn mesaj li te voye yo. Apre sa, li te difisil pou m fè l konprann mwen te jis konsidere l kòm zanmi.” — Richard.

  •   Ou fè yon seri bagay pou moun nan ka ba w atansyon.

     “Gen kèk moun ki panse flète se yon jwèt. Yo jwe ak santiman lòt moun, yo pa vle yon relasyon ki serye vre. M wè sa rive souvan, e toujou gen yon moun ki soufri.” — Tamara.

 Sa w dwe sonje: Kominike ak yon moun regilyèman epi ba l atansyon regilyèman ap fè l panse ou enterese nan li.

 Poukisa sa enpòtan?

  •   Sa blese lòt moun nan.

     Sa Bib la di: “Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa.” (Pwovèb 13:12). Ak ki sa ou menm ou t ap atann ou si yon moun t ap plede fè yon seri bagay ki fè w panse li enterese nan ou?

     “Gen yon ekspresyon ki fè referans ak ‘kenbe yon moun ak kwòk’. Se tankou lè yon moun kenbe yon pwason ak zen e li pa deside ni lage l ni pran l. Sa ka rive nan yon relasyon. Si w pa enterese renmen ak yon moun men anmenmtan ou kenbe moun nan ‘ak kwòk’, w ap fè moun sa a soufri anpil.” — Jessica.

  •   Sa ap sal repitasyon w.

     Sa Bib la di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” (Filipyen 2:4). Ki sa w t ap di de yon moun ki toujou ap chèche enterè pa l sèlman? Ki jan sa ka afekte repitasyon moun nan?

     “M pa twouve yon gason k ap flète atiran. E lè yon moun ap flète sa ka yon siy ki montre li pap fidèl lè l marye. Se sèvi w sèvi ak yon moun pou w ka santi w jènjan oswa pou w santi w ka atire gason e sa se yon bagay ki montre se tèt ou w wè sèlman.” — Julia.

 Sa w dwe sonje: Moun ki lese moun konprann yo enterese nan yo alòske yo pa gen entansyon fè yon bagay serye ap fè ni lòt moun ni tèt yo mal.

 Ki sa w ka fè?

  •   Labib ankouraje nou pou nou trete “jèn mesye yo tankou se te frè” nou e pou n trete “jèn medam yo tankou se te sè” nou “san okenn move lide”. (1 Timote 5:1, 2.) Si w aji konsa, w ap pwoteje amitye w genyen ak moun ki pa menm sèks avè w.

     “Si m te marye, m pa t ap flète [...]. [Donk], se yon bon antrènman sa ye pou mwen depi kounye a, pandan m selibatè a, pou m konn ki jan pou m boule ak mesye yo.” — Leah.

  •   Labib di: “Yon moun ki pale twòp ap fè peche kanmenm.” (Pwovèb 10:19). Prensip sa a valab nonsèlman pou pale men tou pou mesaj tèks. Yon moun k ap suiv prensip sa a ap veye sou kantite fwa li pale oswa voye mesaj tèks, e sou sa l ap di nan konvèsasyon sa yo.

     “Li vrèman pa nesesè pou w ap voye mesaj tèks bay yon fi chak jou si w pa gen entansyon renmen avè l.” — Brian.

  •   Labib di: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp.” (Jak 3:17). Ou ka bay yon moun yon senp akolad san w pa gen okenn move lide, men moun nan ka pran l kòm yon siy ki montre w enterese nan li.

     “Mwen eseye gen konvèsasyon ki amikal toutpandan m kenbe distans mwen.” — Maria.

 Sa w dwe sonje: Byen egzamine fason w aji ak moun ki pa menm sèks avè w. Jennifer, yon adolesan, te di: “Li difisil pou w jwenn bon zanmi, donk pa gate amitye w genyen yo lè w fè moun yo konprann ou vle renmen avè yo alòske se pa sa.”

 Konsèy

  •    Veye kòmantè lòt moun ap fè. Pa egzanp, si yon moun di: “Èske w renmen ak entèl?”, petèt sa vle di ou twò pwòch ak moun sa a.

  •    Aji menm jan an ak tout zanmi ki pa menm sèks avè w yo. Pa bay youn plis atansyon pase lòt yo.

  •   Fè atansyon lè w ap voye mesaj tèks, veye ni sou kantite mesaj ou voye ni sou sa w ekri nan mesaj yo ni a ki lè w voye yo. Men sa yon jèn fi ki rele Alyssa di: “Li pa t ap bon pou w ekri yon moun ki pa menm sèks avè w a minui.”