Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?

Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?

 Tout fanmi tabli yon seri règ timoun yo dwe respekte, pa egzanp, lè yo dwe rantre lakay yo, fason pou yo sèvi ak aparèy elektwonik ak fason pou yo konpòte yo.

 Ki sa pou w fè si w pa t respekte youn nan règ sa yo? Ou pa ka chanje sa k te rive a, men w ka anpeche bagay yo vin pi mal. Atik sa a pral montre w ki jan w ka fè sa.

 Sa w pa dwe fè

  •   Si paran w pa okouran ou te dezobeyi yon règ, ou ka vle kache sa w te fè a.

  •   Si yo okouran ou te dezobeyi yon règ, ou ka vle chèche defann tèt ou oswa blame yon lòt moun.

 Pa gen youn nan de opsyon sa yo ki bon. Sa k fè n di sa? Paske lè n chèche kache sa n te fè a, oswa lè n chèche defann tèt nou, sa montre nou pa gen matirite. Sa montre paran w ou bezwen grandi toujou.

 “Bay manti pa janm yon bon solisyon. Rive yon lè, y ap vin konn verite a, e lè sa a pinisyon w ap jwenn nan ap pi rèd pase si w te di laverite depi okòmansman.” — Diana.

 Yon pi bon solisyon

  •   Admèt sa w te fè a. Men sa Bib la di: “Moun ki kache peche l pap reyisi.” ​(Pwovèb 28:13). Paran w pa atann pou w pafè. Men, yo atann pou w di laverite.

     “Paran w ap plis anvi padone w si w di laverite. Lè w fè sa, y ap plis fè w konfyans.” — Olivia.

  •   Mande padon. Men sa Bib la di: “Abiye nou ak imilite.” ​(1 Pyè 5:5). Sa mande imilite pou w di “m mande w padon” e pou w pa chèche defann tèt ou.

     “Lè yon moun toujou ap chèche defann tèt li, rive yon lè, konsyans li pa travay ankò. Finalman, lè l fè sa ki mal, sa pa deranje l.” — Heather.

  •   Aksepte konsekans yo. Men sa Bib la di: “Koute lè y ap ban nou disiplin” ​(Pwovèb 8:33). Evite bougonnen, epi aksepte kèlkeswa pinisyon paran w ba w.

     “Plis ou plenyen pou yon pinisyon, se plis sitiyasyon an ap vin difisil. Chèche yon mwayen pou w aksepte pinisyon yo, epi pa konsantre sou sa w pèdi yo.” — Jason.

  •   Travay pou yo refè w konfyans ankò. Men sa Bib la di: “Voye ansyen pèsonalite a jete.” ​(Efezyen 4:22). Fè efò pou w pran abitid fè sa k bon yon fason pou paran w ka fè w konfyans ankò.

     “Si w pran abitid pran bon desizyon, e w montre paran w ou pap fè menm erè a ankò, avèk letan, y ap fè w konfyans ankò.” — Karen.

 MEN YON IDE: Fè plis pase sa yo mande w pou w montre yo ka fè w konfyans. Pa egzanp, pwochen fwa ou deyò, fè paran w yo konnen ki lè w ap deplase pou w tounen lakay, menm lè w pap depase lè yo te ba w la. Se kòmsi w voye yon mesaj san pale ki di ‘mwen ta renmen nou fè m konfyans ankò.’