Pwovèb 29​:​1-27

  • Timoun yo kite l fè sa l vle a ap fè manman l wont (15)

  • Kote ki pa gen vizyon, pèp la lage san kontwòl (18)

  • Yon moun ki fè kòlè ap leve diskisyon (22)

  • Moun ki gen imilite a ap jwenn glwa (23)

  • Lakrentif pou lòm se yon pyèj (25)

29  Yon moun ki fè tèt di apre yo fin korije l yon pakèt fwa+,Nan yon ti moman y ap kraze l e li pap ka refè+.   Lè gen anpil moun k ap fè sa ki dwat, pèp la kontan,Men, lè se mechan k ap dirije, pèp la nan plenyen+.   Yon moun ki renmen sajès fè papa l kontan+,Men, yon moun ki renmen rete ansanm ak pwostitye gaspiye richès li genyen+.   Lè yon chèf fè sa ki dwat, tout bagay mache byen nan yon peyi+,Men, yon moun k ap chèche jwenn kado anba anba lakòz peyi a kraze.   Yon moun k ap flate mounSe yon pyèj li tann pou moun nan+.   Peche yon moun ki mechan lakòz li tonbe nan pyèj+,Men, moun ki fè sa ki dwat yo ap tèlman kontan y ap rele e y ap fè fèt+.   Moun ki dwat bay dwa malere yo genyen enpòtans+,Men, moun ki mechan pa okipe bagay konsa+.   Moun k ap fè grandizè fè yon vil pran dife+,Men, moun ki gen sajès kalme kòlè+.   Lè yon moun ki gen sajès antre nan diskisyon ak yon moun sòt,Ap gen fache, ap gen pase moun nan rizib, men anyen pap regle+. 10  Moun ki renmen fè san koule rayi moun ki inosan*+E yo chèche retire lavi* moun ki dwat*. 11  Yon moun ki sòt fè konnen tout sa k nan kè* l+,Men, moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li+. 12  Lè yon chèf koute manti moun ap bay,Tout sèvitè l yo ap vin mechan+. 13  Men sa ki fè moun ki malere ak moun k ap toupizi moun nan sanble*:Se Jewova ki fè je toule de wè limyè*. 14  Lè yon wa fè malere jwenn jistis+,Twòn li ap rete la pou toutan+. 15  Baton* ak koreksyon fè moun gen sajès+,Men, yon timoun yo kite fè sa l vle ap fè manman l wont. 16  Lè mechan yo vin anpil, vin gen anpil peche,Men, moun ki dwat yo ap wè jan y ap tonbe+. 17  Bay pitit ou disiplin, l ap fè w jwenn repoE l ap fè w* gen anpil kè kontan+. 18  Kote ki pa gen vizyon*, pèp la lage san kontwòl+,Men, moun ki obeyi lalwa yo ap viv ak kè kontan+. 19  Yon sèvitè pap kite yo korije l ak pawòl,Paske menmsi l konprann, li pa obeyi+. 20  Èske w deja wè yon moun k ap prese pale+?Ebyen, gen plis espwa pou moun ki sòt la korije pase l+. 21  Si yon moun gate yon sèvitè depi l piti,Rive yon lè, sèvitè sa a ap vin engra. 22  Yon moun ki gen tandans fè kòlè leve diskisyon+,Moun ki renmen fè gwo kòlè fè anpil peche+. 23  Ògèy yon moun genyen ap rabese l+,Men, moun ki gen imilite nan kè l ap jwenn glwa+. 24  Moun ki fè zanmi ak yon vòlè rayi tèt li*.Li ka tande yo rele moun vin sèvi temwen*, men li pa al di anyen+. 25  Tranble devan* moun se* yon pyèj+,Men, moun ki mete konfyans yo nan Jewova ap jwenn pwoteksyon+. 26  Anpil moun ap chèche pale ak* chèf,Men, se Jewova k ap fè yon moun jwenn jistis+. 27  Moun k ap fè sa ki dwat pa vle wè moun k ap fè sa ki mal+,Men, moun ki mechan yo pa vle wè moun k ap fè sa ki dwat+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki san repwòch”.
Oswa: “nanm”.
Se kapab tou: “Men, moun ki dwat la ap chèche pwoteje lavi l”.
Lit.: “lespri”.
Lit.: “rankontre ansanm”.
Sa vle di se Li ki ba yo lavi.
Oswa: “Disiplin; Pinisyon”.
Oswa: “fè nanm ou”.
Oswa: “vizyon ki anonse yon pwofesi; revelasyon”.
Oswa: “rayi pwòp nanm li”.
Oswa: “tande yon sèman ki gen yon malediksyon ladan l”.
Oswa: “Pè”.
Oswa: “tann”.
Se kapab tou: “chèche jwenn favè”. Lit.: “chèche figi”.