Sòm 68​:​1-35

  • ‘Se pou Bondye gaye ènmi l yo’

    • “Papa timoun ki pa gen papa yo” (5)

    • Bondye bay moun ki poukont yo yon kay pou yo rete (6)

    • Medam yo ap pwoklame bon nouvèl la (11)

    • Gason kòm kado (18)

    • ‘Jewova pote chay nou pou nou chak jou’ (19)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon melodi. Yon chante David te ekri. 68  Se pou Bondye aji pou l gaye ènmi l yo.Se pou moun ki rayi l yo kouri pou li+.   Menm jan van fè lafimen disparèt, se pou w disparèt yo.Menm jan lasi fonn nan dife,Se konsa pou mechan yo peri devan Bondye+.   Men, se pou moun ki jis yo rejwi+,Se pou yo kontan anpil devan Bondye,Se pou yo kontan anpil anpil.   Chante pou Bondye, chante louwanj* pou non l+.Chante pou Sila a k ap pase nan dezè a*.Non li se Ja*+! Se pou nou rejwi devan l!   Bondye ki rete kote ki sen an+Se papa timoun ki pa gen papa yo e se li ki pwoteje* vèv yo+.   Bondye bay moun ki poukont yo yon kay pou yo rete+.Li libere prizonye yo, li fè tout bagay mache byen pou yo+.Men, moun ki gen tèt di yo* ap viv nan yon peyi ki dezole+.   O Bondye, lè w t ap gide* pèp ou a+,Lè w t ap mache nan dezè a, (Sela)   Tè a te tranble+,Lapli te tonbe* sot nan syèl la akoz ou menm, o Bondye.Mòn Sinayi te tranble akoz ou menm, o Bondye, Bondye Izrayèl la+.   Ou te fè lapli tonbe anpil, o Bondye.Ou te bay pèp* ou a fòs lè yo te fatige anpil. 10  Se la yo te rete nan tant ou yo+.Nan bonte w, ou te bay moun ki pòv yo sa yo bezwen, o Bondye. 11  Jewova bay lòd la.Medam k ap fè konnen bon nouvèl la se yon gwo lame+. 12  Wa yo ansanm ak lame yo+ kouri!E fi ki ret lakay li a jwenn pa l nan bagay yo te pran yo+. 13  Malgre nou menm mesye yo nou te kouche nan mitan pil sann yo ki nan kan an*,N ap pran yon toutrèl ki gen zèl ann ajanE ki gen plim zèl li ki fèt ak bon kalite lò*. 14  Lè Toupisan an te gaye wa nan peyi a+,Lanèj te tonbe nan Zalmon*. 15  Mòn Bazan+ se mòn Bondye*.Mòn Bazan se yon mòn ki gen anpil tèt mòn. 16  Poukisa nou menm mòn ki gen anpil tèt mòn yoN ap gade mòn Bondye chwazi* pou l rete a e n ap fè jalouzi+?Vrèmanvre, Jewova ap rete la pou toutan+. 17  Bondye gen plizyè dizèn milye cha pou l fè lagè, wi, plizyè milye ak plizyè milye+.Jewova soti Mòn Sinayi pou l vin kote ki sen an+. 18  Ou te monte anwo a+,Ou mennen anpil prizonye avèk ou.Ou te pran gason kòm kado+,Wi, menm kèk gason ki gen tèt di+, pou w ka rete nan mitan yo, o Ja, Bondye nou an. 19  Se pou nou louwe Jewova! Se li ki pote chay nou pou nou chak jou+,Se li ki vrè Dye a, Sila a ki ban nou delivrans lan. (Sela) 20  Vrè Dye a se Bondye nou, se li ki delivre nou+.Jewova, Seyè ki Souvren an, sove nou anba lanmò+. 21  Bondye ap kraze tèt ènmi l yo,Wi, l ap kraze zo tèt tout moun ki kontinye ap fè* sa ki mal+. 22  Men sa Jewova di: “M ap fè yo tounen sot Bazan+,M ap fè yo tounen sot nan fon lanmè a, 23  Yon fason pou pye w ka benyen ak san+E pou lang chen w yo ka niche san ènmi yo.” 24  Yo wè moun k ap mache avè w yo, o Bondye,Moun k ap mache avèk Bondye m nan, Wa m nan, pou yo antre kote ki sen an+. 25  Moun k ap chante yo ap mache devan, mizisyen k ap jwe enstriman akòd yo ap mache dèyè+,E jèn fi k ap bat tanbouren yo nan mitan+. 26  Louwe Bondye nan mitan foul moun ki rasanble* yo,Louwe Jewova, nou menm ki egziste grasa Sila a ki se fondatè Izrayèl la*+. 27  Benjamen+, sila a ki pi piti a, ap fè pèp yo soumèt yo,Chèf Jida yo ansanm ak foul moun k ap fè bri yo ap dirije yo tou,Ansanm ak chèf Zabilon yo ak chèf Neftali yo. 28  Bondye w la fè konnen w ap gen fòs.O Bondye, fè yo wè fòs ou, ou menm ki aji nan enterè nou+. 29  Poutèt tanp ou an ki Jerizalèm+,Gen wa k ap pot kado pou ou+. 30  Se pou w metrize bèt sovaj k ap viv nan mitan wozo yo,Pakèt towo bèf+ ak ti bèf yo genyen yo,Jiskaske pèp yo bese byen ba devan w e yo pote ajan ba ou*.Men, li gaye pèp ki renmen fè lagè yo. 31  Y ap pote bagay ki fèt an bwonz* sot ann Ejip+,Etyopi* ap kouri pote kado pou Bondye. 32  Nou menm wayòm ki sou tè a, chante pou Bondye+,Chante louwanj* pou Jewova, (Sela) 33  Chante pou Moun k ap deplase nan syèl ki pi wo a, nan syèl ki la depi lontan an+.Gade! Vwa l tankou yon kout loray, wi, gwo vwa l genyen an. 34  Se pou nou rekonèt Bondye gen fòs+,L ap dirije IzrayèlE pisans li parèt aklè nan syèl la*. 35  Bondye fè moun gen lakrentif ak respè pou li nan kote ki apa pou li a, ki estrawòdinè+.Li se Bondye Izrayèl,Li bay pèp li a fòs ak pouvwa+.Louwanj pou Bondye!

Nòt anba paj

Oswa: “fè mizik”.
Se kapab tou: “k ap pase sou nyaj yo”.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Lit.: “jij”.
Oswa: “moun ki rebèl la”.
Lit.: “lè w te soti devan”.
Lit.: “degoute”.
Lit.: “eritaj”.
Se kapab tou: “nan pak mouton yo”.
Oswa: “ak yon lò jòn ki tire sou vèt”.
Oswa: “Se kòmsi lanèj te tonbe nan Zalmon”.
Oswa: “se yon kokennchenn mòn”.
Oswa: “vle”.
Oswa: “moun k ap mache nan chemen”.
Lit.: “Sous Izrayèl la”.
Lit.: “nan asanble”.
Se kapab tou: “pèp yo pilonnen ajan yo”.
Se kapab tou: “Gen anbasadè k ap”.
Oswa: “Peyi Kouch”.
Oswa: “Fè mizik”.
Lit.: “nyaj yo”.