Sòm 46​:​1-11

  • “Bondye se refij nou”

    • Bagay estrawòdinè Bondye fè (8)

    • Bondye fè pa gen gè ankò sou tout kò tè a (9)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. Nan stil Alamòt*. 46  Bondye se refij nou e li se fòs nou+,Nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo+.   Se sa k fè nou pap pè menmsi tè a tranble,Menmsi mòn yo chavire nan fon lanmè+,   Menmsi dlo lanmè a gwonde epi li kimen+,Menmsi mòn yo souke tèlman lanmè a move. (Sela)   Gen yon rivyè, branch li yo fè moun kontan nan vil Bondye a+,Tabènak* sakre ki gen glwa ki pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.   Bondye nan vil sa a+ e pèsonn pa ka pran l.Kou l jou, Bondye ap vin pote vil sa a sekou+.   Nasyon yo t ap fè bri, wayòm yo te tonbe.Bondye te leve vwa l e tè a te tranble+.   Jewova, Chèf lame yo, avèk nou+.Bondye Jakòb la se refij* kote n ka jwenn sekirite. (Sela)   Vini, vin wè sa Jewova fè.Gade tout bagay estrawòdinè li fè sou tè a.   Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a+.Li kase banza* a e li fè lans lan fè plizyè moso.Li boule charyo pou fè lagè* yo nan dife. 10  Men sa li di: “Bay legen. Se pou w konnen se mwen ki Bondye.M ap jwenn glwa nan mitan nasyon yo+,Y ap ban m glwa sou tè a+.” 11  Jewova, Chèf lame yo, avèk nou+.Bondye Jakòb la se refij kote n ka jwenn sekirite+. (Sela)

Nòt anba paj

Oswa: “se kote ki wo”.
Se kapab tou: “boule boukliye”.