Sòm 148​:​1-14

  • Tout kreyasyon an dwe fè louwanj pou Jewova

    • “Fè louwanj pou li, nou menm zanj li yo” (2)

    • ‘Fè louwanj pou li, nou menm solèy la, lalin nan ak zetwal yo’ (3)

    • Timoun kou granmoun dwe fè louwanj pou Bondye (12, 13)

148  Louwe Ja*!Fè louwanj pou Jewova, nou menm ki nan syèl la+,Fè louwanj pou li anlè a*.   Fè louwanj pou li, nou menm zanj li yo+.Fè louwanj pou li, nou tout ki nan lame l la+.   Fè louwanj pou li, nou menm solèy la ak lalin nan.Fè louwanj pou li, nou menm zetwal yo k ap klere+.   Fè louwanj pou li, ou menm syèl ki pi wo a.Fè louwanj pou li, nou menm nyaj ki nan syèl la.   Se pou yo tout fè louwanj pou non Jewova,Paske si yo egziste, se paske li te bay lòd pou sa+.   L ap fè yo rete kote li mete yo a pou tout tan gen tan+.Li bay yon lòd ki pap janm pase+.   Louwe Jewova nou menm ki sou tè a,Nou menm gwo kreyati ki nan lanmè yo e ki nan tout dlo ki byen fon yo,   Nou menm zèklè, lagrèl, lanèj ak gwo nyaj yo,Nou menm van tanpèt k ap obeyi lòd li+,   Nou menm mòn yo ak tout ti mòn yo+,Nou menm pye fwi yo ak tout pye sèd yo+, 10  Nou menm bèt nan bwa yo+ ak tout bèt ki viv bò kote moun,Nou menm bèt k ap rale sou vant yo, nou menm zwazo yo, 11  Nou menm wa ki sou tè a ak tout nasyon yo,Nou menm chèf yo ak tout jij ki sou tè a+, 12  Nou menm jèn gason, nou menm jèn fi*,Nou menm granmoun ak nou menm timoun. 13  Se pou yo louwe non Jewova,Paske non l pi wo pase tout lòt non+.Li gen plis glwa lontan pase tè a ak syèl la+. 14  L ap fè pèp li a vin gen plis fòsPou moun ka fè lwanj pou tout moun ki fidèl ak li yo,Wi, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki gen bon relasyon avè l la.Louwe Ja*!

Nòt anba paj

Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Lit.: “pou li nan syèl ki nan syèl la”.
Lit.: “nou menm vyèj”.
Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.