Sòm 21​:​1-13

  • Benediksyon pou wa ki met konfyans li nan Jewova

    • Bondye bay wa a yon lavi ki long (4)

    • Ènmi Bondye yo ap pèdi batay la (8-12)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri. 21  O Jewova, fòs ou fè wa a gen kè kontan+.Se pa ti kontan li kontan poutèt ou sove l+!   Ou ba li sa l te anvi nan kè l la+,Ou pa t refize ba li sa l te mande w ak bouch li a. (Sela)   Ou ba l anpil benediksyon,Ou mete yon kouwòn sou tèt li ki fèt ak bon lò*+.   Li te mande w lavi, e w te ba li l+,Ou te ba li yon vi ki long, pou tout tan gen tan.   Delivrans ou bay la fè l gen anpil glwa+.Ou fè l gen diyite e ou onore l.   Ou beni l pou toutan+.Kè l kontan anpil paske li wè w avè l+.   Wa a mete konfyans li nan Jewova+.Lanmou fidèl Sila a ki nan pi gwo pozisyon an genyen an ap fè wa a pa janm brannen*+.   W ap met men sou tout ènmi w yo.W ap met men dwat ou sou moun ki rayi w yo.   Lè lè a rive pou w vire gade yo, w ap fè yo vin tankou bagay yo voye nan yon fou ki byen limen.Jewova ap detwi yo lè l an kòlè, e dife ap kankannen yo+. 10  Desandan* yo ap peri sou tè a,Y ap peri pami pitit lèzòm yo. 11  Paske, yo te vle fè w sa ki mal+.Plan yo te fè yo pap reyisi+. 12  Paske, w ap fè yo fè bak+Lè w vize yo* ak banza* w la. 13  O Jewova, leve kanpe grasa fòs ou.N ap chante louwanj* pou ou poutèt ou gen anpil pisans.

Nòt anba paj

Oswa: “ak lò ki rafine”.
Oswa: “kilbite”.
Lit.: “Fwi”.
Lit.: “figi yo”.
Lit.: “N ap chante e n ap fè mizik”.